< Salmos 36 >
1 A prevaricação do impio diz no intimo do seu coração: Não ha temor de Deus perante os seus olhos.
Pou direktè koral la; Yon Sòm David, sèvitè SENYÈ a Se Peche ki pale nan fon kè a lòm ki san Bondye. Nanpwen krent Bondye devan zye l.
2 Porque em seus olhos se lisongeia, até que a sua iniquidade se descubra ser detestavel.
Jan li kontan ak pwòp tèt li, li pa janm wè pwop peche pa l la.
3 As palavras da sua bocca são malicia e engano: deixou de entender e de fazer o bem.
Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti. Li fè yon chemen ki pa bon.
4 Projecta a malicia na sua cama; põe-se no caminho que não é bom: não aborrece o mal
Sou kabann li, li fè plan mechan; Li antre nan yon wout ki p ap sòti byen; Li pa rayi mal.
5 A tua misericordia, Senhor, está nos céus, e a tua fidelidade chega até ás mais excelsas nuvens.
Lanmou dous Ou, O SENYÈ, rive jis nan syèl yo, fidelite Ou nan syèl la.
6 A tua justiça é como as grandes montanhas; os teus juizos são um grande abysmo; Senhor, tu conservas os homens e os animaes.
Ladwati Ou se tankou mòn Bondye yo, ejijman Ou yo tankou yon gran pwofondè. O SENYÈ, Ou prezève ni lòm, ni bèt.
7 Quão preciosa é, ó Deus, a tua benignidade, pelo que os filhos dos homens se abrigam á sombra das tuas azas.
Lanmou dous Ou chè, O Bondye! Pitit a lòm yo pran azil anba lonbraj zèl Ou.
8 Elles se fartarão da gordura da tua casa, e os farás beber da corrente das tuas delicias;
Yo bwè jiskaske yo vin plen an abondans lakay Ou. Konsa, Ou bay yo bwè nan rivyè plezi Ou yo.
9 Porque em ti está o manancial da vida; na tua luz veremos a luz.
Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a. Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
10 Estende a tua benignidade sobre os que te conhecem, e a tua justiça sobre os rectos de coração.
O bay toujou lanmou dous Ou a pou (sila) ki konnen Ou yo, ak ladwati Ou pou (sila) ki dwat nan kè yo.
11 Não venha sobre mim o pé dos soberbos, e não me mova a mão dos impios.
Pa kite pye ògèy vini sou mwen, ni pa kite men a mechan yo chase mwen ale.
12 Ali caem os que obram a iniquidade; cairão, e não se poderão levantar.
Se la (sila) k ap fè inikite yo gen tan fin tonbe. Yo te peze desann ak fòs, e yo p ap kab leve ankò.