< Hioba 39 >
1 Czy znasz porę, kiedy rodzą górskie kozice? Czy wiesz, kiedy rodzą łanie?
“Èske ou konnen lè kabrit mòn yo fè pitit? Èske ou konn wè lè sèf yo metba?
2 Czy możesz zliczyć miesiące, w których noszą [młode]? Czy znasz czas ich porodu?
Èske ou kab kontwole mwa ke yo rete plenn yo, oswa èske ou konnen lè yo fè pitit?
3 Przykucają, rodzą swoje młode, pozbywają się ich z bólem;
Yo bese a jenou, yo pouse fè pitit yo parèt, yo fòse fè doulè yo fini nèt.
4 Ich młode wzmacniają się, rosną wśród zboża, odchodzą i już do nich nie wracają.
Pitit yo vin fò, yo grandi nan chan lib; yo ale e yo pa retounen kote yo.
5 Kto wypuścił dzikiego osła na wolność i kto rozwiązał jego pęta?
“Se kilès ki te fè bourik mawon yo vin lib? Epi kilès ki te lache kòd ki te mare sou bourik kous la,
6 [Za] dom dałem mu pustynię, a [za] jego mieszkanie słone miejsca.
ke Mwen te bay savann nan kon abitasyon li, ak tè sale a kon kote pou l rete a?
7 On naśmiewa się ze zgiełku miejskiego i nie słucha głosu poganiacza.
Li pa bay valè a zen lavil la; kri a chofè yo, li pa okipe yo.
8 Wypatruje w górach paszy i szuka wszelkiej zielonej trawy.
Li chache nan tout mòn yo pou manje l e chache jwenn tout sa ki vèt.
9 Czy jednorożec zechce ci służyć albo nocować przy twoim żłobie?
“Èske bèf mawon va dakò pou sèvi ou, oswa èske l ap pase nwit lan devan manjwa ou?
10 Czy możesz powrozem zaprzęgać jednorożca do bruzdy? Czy będzie bronował doliny za tobą?
Èske ou kab mare bèf mawon a ak kòd pou l rete nan ranp li, oswa èske l ap boulvèse jaden an dèyè w?
11 Czy zaufasz mu, ponieważ jego siła jest wielka? Czy powierzysz mu swoją pracę?
Èske ou va fè l konfyans akoz gran fòs li, e kite l responsab travay ou?
12 Czy zawierzysz mu, że zwiezie twoje ziarno i zgromadzi je w twoim spichlerzu?
Èske ou va mete lafwa ou nan li pou li pote semans lakay, o ranmase seryel sou glasi vannen an?
13 Czy [dałeś] pawiowi piękne skrzydła, a skrzydła i pióra strusiowi?
“Zèl a otrich yo bat anlè ak gran jwa, men èske se plimaj lanmou?
14 Składa swoje jaja na ziemię i ogrzewa je w prochu;
Veye byen, li abandone pwòp ze li yo sou latè a pou yo ka chofe yo nan pousyè,
15 I zapomina, że noga może je rozgnieść lub dzikie zwierzę może zdeptać.
Li bliye yon grenn pye ka kraze yo, oswa yon bèt sovaj kab foule yo.
16 Jest twardy [dla] swoich młodych, [jakby] nie [były] jego. Nie boi się, że jego trud jest próżny;
Li maltrete pitit li yo ak mechanste, konsi yo pa t pou li; menm si tout travay li ta an ven, sa pa regade l;
17 Bo Bóg pozbawił go mądrości i nie udzielił mu rozumu.
Akoz Bondye te fè li bliye sajès li, e pa t bay li yon pòsyon bon konprann.
18 Kiedy jednak podnosi się wysoko, naśmiewa się z konia i z jego jeźdźca.
Lè l leve kò l anlè, li giyonnen cheval la ak chevalye a.
19 Czy możesz dać koniowi moc? Czy rżeniem ozdobiłeś jego szyję?
Èske se ou ki te bay cheval la fòs? Èske ou te abiye kou li ak krenyen?
20 Czy przestraszysz go jak szarańczę? Parskanie jego nozdrzy [jest] straszne.
Èske ou fè l vòltije tankou yon krikèt? Gran souf ki sòti nan nen l byen etonnan.
21 Grzebie [kopytem] w ziemi i cieszy się [swą] siłą, biegnie przeciwko uzbrojonym.
Pye li fouye tè a nan vale a, e li kontan fòs li. Li sòti parèt pou rankontre zam yo.
22 Drwi sobie z lęku i nie boi się, i nie ustępuje przed ostrzem miecza.
Li ri sou danje, ni li pa gen lakrent. Li pa vire fè bak devan nepe;
23 Kołczan na nim chrzęści, błyszczy oszczep i dzida.
fouwo soukwe akote l, lans k ap briye a, ak gwo frenn nan.
24 Z grzmotem i z gniewem pochłania ziemię i nie staje spokojnie na głos trąby.
Byen anraje e tranblan, li fè kous sou tè a, e li p ap kanpe lè vwa twonpèt la sone.
25 Na głos trąby mówi: Ha, ha; z daleka czuje bitwę, grom dowódców i okrzyk.
Depi twonpèt la sone li di: ‘Aha!’ Soti lwen, li pran sant batay la, tonnè a kapitèn yo ak kri gè a.
26 Czy dzięki twojemu rozumowi lata jastrząb [i] rozciąga swe skrzydła ku południu?
Èske se pa bon konprann ou ke malfini an konn vole anlè, avèk zèl li lonje vè sid?
27 Czy na twój rozkaz orzeł wzbija się i zakłada swoje gniazdo wysoko?
Èske se pa kòmand pa ou ke èg la monte wo pou fè nich li nan wotè?
28 Mieszka na skale, przebywa na iglicach jak na zamku.
Anwo sou falèz la, li rete e fè abitasyon li, sou kwen wòch yon kote ki pa kab pwoche.
29 Stamtąd wypatruje [sobie] pokarmu, jego oczy widzą daleko.
Se la li veye manje li; zye li wè l soti lwen.
30 Jego młode też piją krew, a gdzie są zabici, tam jest on.
Pitit li yo, anplis, konn souse san; epi kote mò yo ye; se la li ye.”