< Przysłów 9 >
1 Mądrość zbudowała dom swój, i wyciosała siedm słupów swoich;
Sajès bati kay li a; li taye sèt gwo pilye li yo.
2 Pobiła bydło swoje, roztworzyła wino swoje, i stół swój przygotowała;
Li te prepare manje li, li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
3 A rozesłała dzieweczki swoje, woła na wierzchach najwyższych miejsc w mieście, mówiąc:
Li voye demwazèl li yo deyò, li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
4 Ktokolwiek jest prostakiem, wstąp sam; a do głupich mówi:
“Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!” Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:
5 Pójdźcie, jedzcie chleb mój, i pijcie wino, którem roztworzyła.
“Vin manje manje mwen an, e bwè diven ke m te melanje a.
6 Opuśćcie prostotę, a będziecie żyli, a chodźcie drogą roztropności.
Kite foli ou pou ou ka viv; epi avanse nan chemen bon konprann nan.”
7 Kto strofuje naśmiewcę, odnosi hańbę; a kto strofuje niezbożnika, odnosi zelżywość.
Sila ki korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li, e sila ki repwoche yon nonm mechan va resevwa ofans sou tèt li.
8 Nie strofuj naśmiewcy, aby cię nie miał w nienawiści; strofuj mądrego, a będzie cię miłował.
Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
9 Uczyń to mądremu, a mędrszym będzie; naucz sprawiedliwego, a będzie umiejętniejszym.
Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj, enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
10 Początek mądrości jest bojaźń Pańska, a umiejętność świętych jest rozum.
Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
11 Bo przez mię rozmnożą się dni twoje, i przedłużą się lata żywota.
Paske pa mwen, jou ou yo va miltipliye, e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
12 Będzieszli mądrym, sobie będziesz mądrym; a jeźli naśmiewcą, ty sam szkodę odniesiesz.
Si ou saj, ou saj pou pwòp tèt ou; e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
13 Niewiasta głupia świegotliwa jest, prostaczka, i nic nieumiejąca;
Fanm sòt pale byen fò ak gwo vwa; li bèt, e li pa konnen anyen.
14 A siedzi u drzwi domu swego na stołku, na miejscach wysokich w mieście,
Li chita devan pòtay lakay li, sou yon chèz akote wo plas vil yo.
15 Aby wołała na idących drogą, którzy prosto idą ścieszkami swemi, mówiąc:
Li rele sila ki pase yo, ki ap fè chemen yo dwat yo:
16 Ktokolwiek jest prostakiem, wstąp sam; a do głupiego mówi:
Sila ki pa konnen anyen an, kite li antre isit la. Pou sila ki manke konprann nan, li di:
17 Wody kradzione słodsze są, a chleb pokątny smaczniejszy.
“Dlo yo vòlè dous e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
18 Ale prostak nie wie, że tam są umarli, a ci, których wezwała, są w głębokościach grobu. (Sheol )
Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a. Vizitè li yo la. Yo nan fon Sejou mò yo. (Sheol )