< I Kronik 11 >
1 Zebrał się tedy wszystek Izrael do Dawida do Hebronu, mówiąc: Otośmy kość twoja i ciało twoje!
Epi tout Israël te reyini kote David nan Hébron. Yo te di: “Gade byen, nou se zo ou ak chè ou.
2 Jako i przedtem, gdy jeszcze był Saul królem, też wywodził i wwodził Izraela. Tak Pan, Bóg twój, rzekł tobie: Ty będziesz pasł lud mój Izraelski, a ty będziesz wodzem nad ludem moim Izraelskim.
Nan tan pase yo, menm lè Saül te wa, se te ou menm ki te mennen Israël sòti ak antre. Epi konsa, SENYÈ a, Bondye ou a, te di ou: ‘Ou va bèje pèp Israël Mwen an, e ou va Prens sou pèp Mwen an, Israël.’”
3 A tak przyszli wszyscy starsi Izraelscy do króla do Hebronu, i uczynił Dawid z nimi przymierze w Hebronie przed Panem, i pomazali Dawida za króla nad Izraelem według słowa Pańskiego, które powiedział przez Samuela.
Pou sa, tout ansyen nan Israël yo te vin kote wa a Hébron e David te fè yon akò avèk yo Hébron devan SENYÈ a. Epi yo te onksyone David Wa sou Israël, selon pawòl SENYÈ a te pwononse pa Samuel la.
4 Jechał tedy Dawid ze wszystkim Izraelem do Jeruzalemu, które jest Jebus, gdzie byli Jebuzejczycy obywatelami ziemi.
Konsa, David, avèk tout Israël te ale Jérusalem (sa vle di, Jébus). Jebizyen ki te abite nan peyi yo te la.
5 I rzekli obywatele Jebuzejscy do Dawida: Nie wnijdziesz sam. Ale Dawid wziął zamek Syoński, który jest miastem Dawidowem.
Pèp Jébus la te di a David: “Ou p ap antre isit la.” Malgre sa, David te kaptire fò a Sion an (sa vle di, vil David la).
6 Bo był rzekł Dawid: Ktobykolwiek poraził Jebuzejczzyka najpierwej, ten będzie skiążęciem i hetmanem. Przetoż wstąpił najpierw Joab, syn Sarwii, i został hetmanem.
Alò, David te pale avan: “Nenpòt moun ki touye yon Jebizyen avan, se li k ap chèf e kòmandan.” Se te Joab, fis a Tseruja a ki te monte avan; konsa li te devni chèf.
7 I mieszkał Dawid na onym zamku; dla tego nazwano go miastem Dawidowem.
Answit, David te rete nan fò a; pou sa, li te vin rele lavil David la.
8 I zbudował miasto w około, od Mello aż w okrąg; a Joab pobudował ostatek miasta.
Li te bati vil toutotou li, soti nan Millo menm pou rive nan tout zòn ki te antoure li yo; epi Joab te repare tout rès vil la.
9 A tak Dawid im dalej, tem więcej rozmnażał się, i rosł; albowiem Pan zastępów był z nim.
David te vin pi gran e pi gran, paske SENYÈ a dèzame yo te avèk li.
10 A cić są najorzedniejsi rycerze, których miał Dawid, którzy się mężnie starali z nim o królestwo jego ze wszystkim Izraelem, aby go królem uczynili według słowa Pańskiego nad Izraelem.
Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.
11 A tenci jest poczet rycerzy, których miał Dawid: Jasobam, syn Chachmonowy, przedniejszy między trzydziestoma; ten podniósłszy oszczep swój na trzystu, jednym razem ich zabił.
Sila yo se chif a mesye gran pwisans ke David te genyen yo: Jaschobeam, fis a yon Akmoni, chèf a trant lan. Li te parèt ak yon sèl lans devan twa-san òm e te touye tout yon sèl kou.
12 A po nim Elezar, syn Dodonowy, Achochytczyk; ten był jednym między trzema mocarzami.
Apre li, se te Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la, youn nan twa prensipal mesye pwisan yo.
13 Ten był z Dawidem w Pasdamim, gdzie się zebrali byli Filistynowie ku bitwie; a była ona część pola pełna jęczmienia, a lud był uciekł przed Filistynami.
Li te avèk David nan Pas-Damimim lè Filisten yo te rasanble ansanm la pou batay e te gen yon mòso tè plen avèk lòj; epi pèp la te sove ale devan Filisten yo.
14 I stanęli w pośród onego pola, i obronili go, a porazili Filistynów: i wybawił Pan lud wybawieniem wielkiem.
Yo te kanpe pran plas yo nan mitan mòso tè a pou te defann li e li te touye Filisten yo; epi SENYÈ a te delivre yo avèk yon gran viktwa.
15 Ci także trzej ze trzydziestu przedniejszych wstąpili na skałę do Dawida do jaskini Odollam, gdyż wojsko Filistyńskie leżało obozem w dolinie Rafaim;
Alò, twa nan trant mesye chèf yo te desann vè wòch kav Adullam nan, pandan lame Filisten yo t ap fè kan nan vale Rephaïm nan.
16 Albowiem Dawid natenczas mieszkał na zamku, a stanowisko Filistyńskie było natenczas w Betlehem.
Konsa, David te anndan fò a pandan lame Filisten an te Bethléem.
17 Pragnęł tedy Dawid: Oby mi się kto dał napić wody z studni Betlehemskiej, która jest u bramy!
David te gen yon lanvi, epi te di: “O ke yon moun ban m dlo pou bwè soti nan pwi Bethléem ki akote pòtay la!”
18 Przetoż przebiwszy się ci trzej przez wojsko Filistyńskie, naczerpali wody z studni Betlehemskiej, która jest u bramy, a wziąwszy przynieśli do Dawida. Lecz jej nie chciał Dawid pić, ale ją wylał na ofiarę Panu.
Konsa, twa mesye sa yo te antre nan kan Filisten yo, te rale dlo soti nan pwi Bethléem ki te akote pòtay la e te pran li pou te pote l bay David. Sepandan, David te refize bwè l, men te vide li bay SENYÈ a.
19 I rzekł: Nie daj mi tego, Boże mój, abym to uczynić miał! Izali krew tych mężów pić będą, którzy odważyli żywot swój? albowiem z odwagą żywota swego przynieśli ją; i nie chciał jej pić. Toć uczynili trzej oni mocarze.
Konsa, li te di: “Lwen de mwen devan Bondye mwen an pou m ta fè sa. Èske mwen ta bwè san a mesye sila yo ki te riske lavi yo? Paske se avèk gwo danjè lavi yo menm ke yo te pote li.” Pou sa, li te refize bwè l. Se bagay sila yo ke twa mesye pwisan yo te fè.
20 A Abisaj, brat Joabowy, był przedniejszy z onych trzech; tenże podniósł włócznię swą na trzysta ludu, które pobił, i otrzymał sławę między onymi trzema.
Epi Abischaï, frè a Joab la te chèf a trant yo ke li te ye e li te voye lans li kont twa san moun e te touye yo. Li te rekonèt menm jan kon trant yo.
21 Z tych trzech nad innych dwóch był sławniejszy, a był ich książęciem; jednak onych trzech pierwszych nie doszedł.
Nan trant yo se te li ki te pi rekonèt e te devni kòmandan pa yo; men li pa t rive nan nivo a twa sila yo.
22 Banajas też, syn Jojady, syn męża dużego, wielkich spraw, z Kabseela, ten zabił dwóch mocarzów Moabskich; ten też zszedłszy zabił lwa w pośród jamy, gdy był śnieg.
Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye gwo kouraj nan Kabtseel, pwisan nan zèv li yo, te frape touye de fis a Ariël yo, Moabit la. Anplis, li te desann touye yon lyon anndan yon fòs nan yon jou ke lanèj t ap tonbe.
23 Ten też zabił męża Egipczanina, męża, którego wzrost był na pięć łokci. A chociaż Egipczanin miał w ręku oszczep jako nawój tkacki, wszkże przyszedł do niego z kijem, i wydarł oszczep z ręki Egipczanina, i zabił go oszczepem jego.
Li te touye yon Ejipsyen, yon nonm gran wotè a senk koude. Alò, nan men Ejipsyen an, te gen yon lans tankou shaf a aparèy tise a; men li te desann kote li avèk yon baton, te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans pa li a.
24 To uczynił Banajas, syn Jojady, który także sławnym został między onymi trzema mocarzami.
Bagay sa yo Benaja, fis a Jehojada a te fè e te byen koni menm jan ak twa mesye pwisan yo.
25 A choć był między onymi trzydziestoma sławnym, wszakże nie doszedł onych trzech. I postanowił go Dawid nad drabantami swymi.
Gade byen, li te byen onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa sila yo. Konsa, David te apwente l sou gad pa li.
26 A w wojsku co mocniejsi byli: Asael, brat Joabowy, Elkanan, syn Dodonowy z Betlehem;
Alò, mesye pwisan lame yo te Asaël, frè Joab, Elchanan, fis a Dodo nan Bethléem,
27 Sammot Harodczyk, Heles Felonitczyk;
Schammoth, Aworit la, Hélets, Palonit la,
28 Hyra, syn Ikkiesowy, Tekuitczyk, Abiezer Anatotczyk;
Ira, fis a Ikkesch la, Tekoatyen an, Abiézer, Anatotit la.
29 Sybbechaj Husatczyk, Ilaj Ahohytczyk;
Sibbecaï, Oushatit la, Ilaï, Achoachit la,
30 Maharaj Netofatczyk, Heled, syn Baamy, Netofatczyk;
Maharaï, Netofayit la, Héled, fis a Baana a, Netofayit la,
31 Itaj, syna Rybajego, z Gabaat synów Benjaminowych, Banajas Faratończyk;
Ithaï, fis a Ribaï a, Gibityen ki sòti nan fis a Benjamin yo, Benaja ak Pirathon.
32 Hutaj od potoku Gaas; Abiel Arbatczyk;
Huraï a ti dlo a Gaash yo, Abie ak Araba.
33 Asmawet Bacharomczyk; Elijachba Salabończyk.
Azmaveth, Bacharumit la, Éliachba, Shaalbonit lan,
34 Synowie Asema Gisończyka: Jonatan, syn Sagii, Hororczyk;
Bené-Hasdchem, Gizonit lan, Jonathan, fis a Schagué a, Ararit la.
35 Ahijam, syn Zacharowy, Ararytczyk, Elifal, syn Urowy;
Achiam, fis a Sacar a, Ararit la, Éliphal, fis a Ur a,
36 Hefer Mecheratczyk, Achijas Felonitczyk;
Hépher, a Mekeratit la, Achija, Palonit lan,
37 Hesro Karmelczyk, Naaraj, syn Ezbajowy;
Hetsro, Kamelit la, Naaraï, fis a Ebzaï a.
38 Joel, brat Natanowy, Michbar, syn Gierego.
Joël, frè a Nathan an, Mibchar, fis a Hagri a,
39 Selek Ammonitczyk, Nacharaj Berotczyk, który nosił broń Koaba, syna Sarwii;
Tsélek, Amonit lan, Nachraï, Bewotit ki te pote zam pou Joab yo, fis a Tseruja a.
40 Hyra Itrejczyk, Gareb Itrejczyk;
Ira, Jeterit la, Gareb, Jeterit la,
41 Uryjasz Hetejczyk, Zabad, syn Achalajego.
Urie, Etyen an, Zabad, fis a Achlaï a.
42 Adyna, syn Sysy, Rubenitczyk, książę Rubenitów, a z nim trzydzieści mężów.
Adina, fis a Schiza a, Ribenit lan, chèf a Ribenit yo ak trant ki te avè l yo.
43 Hanan, syn Maachy, i Jozafat Mitnitczyk.
Hanan, fis a Maaca a, Josaphat, Mitnit lan,
44 Uzyjasz Asteratczyk, Sama i Jehijel, synowie Hotamy Aroerytczyka.
Ozias, Ashtawotit la, Schama avèk Jehiel, fis a Hotham yo, Awoerit la,
45 Jedinael, syn Symry, i Jocha, brat jego, Tysytczyk.
Jediaël, fis a Schimri a, Jocha, frè li, Titsit la,
46 Eliel Machawimczyk, i Jerybaj, i Josawijasz, synowie Elnaamowi, i Itma Moabczyk.
Éliel, Machavimit lan, Jeribaï avèk Joschavia, fis a Elnaam yo, Jithma, Moabit la,
47 Eliel, i Obed, i Jaasyjel z Mezobaj.
Éliel, Obed ak Jaasiel-Metsobaja.