< حِزِقیال 31 >
در سال یازدهم تبعیدمان در روز اول ماه سوم، پیغام دیگری از جانب خداوند به من رسید: | 1 |
Nan premye jou twazyèm mwa onzyèm lanne depi yo te depòte nou an, Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
«ای پسر انسان، به پادشاه مصر و تمام قوم او بگو: تو نیز مانند آشور هستی. آشور قومی بزرگ و توانا بود؛ او همچون درخت سرو لبنان، پر شاخ و برگ و سایهگستر بود و سرش به ابرها میرسید. | 2 |
-Nonm o! Pale ak farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak tout pèp li a. Di yo. -Jan ou gen pouvwa sa a, Kisa mwen ta di ou sanble la a!
Bon. Ou tankou yon pye sèd nan peyi Liban avèk gwo bèl branch li yo plen fèy ki bay gwo lonbraj, yon pyebwa byen wo ak tèt li pèdi nan nwaj yo.
آبهای زیر زمین و نهرها او را سیراب میکردند و باعث رشد آن میشدند، همچنین این آبها تمام درختان اطرافش را نیز آبیاری مینمودند. | 4 |
Lapli tonbe fè l' pouse Rivyè anba tè fè l' grandi. Gwo dlo pete nan tout rasin li yo. Yo fè kannal wouze tout pyebwa nan zòn lan.
به سبب فراوانی آب، او از همهٔ درختان بلندتر و پر شاخ و برگتر شد. | 5 |
Paske li te jwenn anpil dlo, li te grandi, li vin pi wo pase tout lòt pyebwa yo. Branch li pran fòs, yo vin byen long.
در میان شاخههایش پرندگان آشیانه میساختند و در زیر شاخههایش، گلهها و رمهها بچه میزاییدند. تمام قومهای بزرگ جهان زیر سایهٔ او بودند. | 6 |
Tout kalite zwezo te vin fè nich nan branch li yo. Se anba branch li yo bèt nan bwa vin miba. Se nan lonbraj li anpil nasyon vin chita.
او بزرگ و زیبا بود و ریشههایش در آب فرو رفته بودند. | 7 |
Se te yon bèl pyebwa byen wo, ak branch li yo byen long. Rasin li yo te desann byen fon nan dlo anba tè a.
این درخت از هر درخت دیگری در باغ خدا بلندتر و زیباتر بود. شاخههای هیچ درخت صنوبری مثل شاخههای آن نبود و جوانههای هیچ درختی به جوانههای آن نمیرسید. | 8 |
Nan jaden Bondye a, pa t' gen pye sèd tankou l'. Okenn pye pichpen pa t' gen branch tankou pa l' yo. Okenn pye sikren pa t' gen ti branch konsa. Nan jaden Bondye a, pa t' gen bèl pyebwa tankou l'.
به سبب عظمتی که من به او بخشیده بودم، تمام درختان باغ عدن به او حسادت میکردند.» | 9 |
Mwen te fè l' byen bèl ak anpil branch. Nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a, tout pyebwa te anvye sò l'.
خداوند یهوه میفرماید: «اکنون مصر، این درخت بلند، مغرور و متکبر شده است و خود را از دیگران بهتر و برتر میداند و سر به فلک کشیده است، | 10 |
Koulye a, men sa Seyè sèl Mèt la di: Paske li te grandi byen wo a, paske tèt li te pèdi nan nwaj yo, li kite lògèy vire tèt li.
پس، او را به دست یک قوم نیرومند تسلیم میکنم تا او را به سزای شرارتش برساند. من خودم او را سرنگون میکنم. | 11 |
Se poutèt sa, mwen voye l' jete, mwen lage l' nan men gwo chèf tout nasyon yo pou fè l' peye tout mechanste l' yo.
لشکر بیگانهای که مایهٔ وحشت و دلهرهٔ قومهاست میآید و او را قطع میکند و به زمین میاندازد. شاخههای شکستهٔ آن در اطراف کوهها، درهها و رودخانهها پخش و پراکنده میشود. تمام کسانی که در زیر سایهاش بودند آن را به همان حال افتاده، میگذارند و از آنجا میروند. | 12 |
Yon bann moun lòt nasyon vini. Mechan pase yo pa genyen. Yo koupe pyebwa a, yo lage l' atè. Ti branch li yo gaye sou tout mòn yo ak nan fon yo. Gwo branch li yo kase, yo tonbe nan tout ravin nan peyi a. Moun lòt nasyon ki t'ap viv nan lonbraj li yo, tout met deyò, yo kite l' pou kont li.
پرندگان، بر تنهٔ آن لانه میکنند و حیوانات وحشی در میان شاخههای بزرگ آن میخوابند. | 13 |
Zwezo vini poze sou rès pyebwa ki atè a. Bèt nan bwa ap mache sou tout branch li yo.
این درس عبرتی است برای قومهای قوی و کامیاب، تا مغرور نشوند؛ زیرا همه محکوم به مرگ هستند و مثل تمام مردم دیگر به دنیای مردگان میروند.» | 14 |
Konsa, depi jòdi a, yon pyebwa te mèt wouze byen wouze, li p'ap janm rive wotè sa a ankò. Li p'ap janm grandi pou tèt li rive pèdi nan nwaj yo ankò. Yon pyebwa te mèt byen wouze li p'ap rive wotè sa a ankò pou l'ap gonfle lestonmak li sou mwen. Tout pyebwa yo gen pou mouri tankou moun, yo gen pou yo desann al jwenn moun ki deja anba tè yo.
خداوند یهوه میفرماید: «وقتی مصر سقوط کند دریاها را برمیانگیزم تا برایش ماتم گیرند و از حرکت باز ایستند. لبنان را سیاهپوش میکنم و تمام درختان، پژمرده میشوند. (Sheol ) | 15 |
Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Jou pyebwa a desann nan peyi kote mò yo ye a, m'ap fè dlo anba tè a kouvri l' nèt, pou tout moun ka nan lapenn. M'ap fè dlo larivyè yo sispann koule. M' p'ap kite ankenn dlo koule nan kannal. M'ap voye yon gwo fènwa sou mòn peyi Liban yo. Tout rakbwa nan zòn lan pral deperi poutèt li. (Sheol )
وقتی مصر و تمام کسانی را که مانند وی هستند به دنیای مردگان بفرستم، قومها از صدای افتادنش وحشت خواهند کرد. تمام درختان عدن، مرغوبترین و بهترین درختان لبنان که همیشه سیراب بودند، وقتی ببینند که مصر هم در دنیای مردگان در کنار آنهاست، خوشحال خواهند شد. (Sheol ) | 16 |
Lè mwen voye l' jete nan peyi kote mò yo ye a, bri li fè lè l'ap tonbe a fè tout nasyon yo tranble. Tout pyebwa nan jaden Edenn, tout pi bèl pyebwa nan peyi Liban, pyebwa ki te byen wouze yo men ki te desann ale deja nan peyi kote mò yo ye a pral kontan tonbe li tonbe a. (Sheol )
تمام همپیمانان او نیز که در زیر سایهاش بودند هلاک شده، همراه وی به دنیای مردگان خواهند رفت. (Sheol ) | 17 |
Y'ap desann ansanm avè l' nan peyi kote mò yo ye a pou y' al jwenn sa ki te mouri nan lagè anvan yo. Lè sa a, tout moun ki t'ap viv nan lonbraj li yo pral gaye nan mitan tout lòt nasyon yo. (Sheol )
«ای مصر، تو در میان درختان عدن (یعنی ممالک جهان)، بسیار باشکوه و عظیم هستی، ولی همراه همهٔ ممالک دیگر به قعر دنیای مردگان سرنگون خواهی شد و در میان ممالکی قرار خواهی گرفت که آنها را پست شمرده، با شمشیر کشتی.» خداوند یهوه میفرماید: «این است عاقبت پادشاه مصر و تمام قوم او.» | 18 |
Nan tout pyebwa jaden Edenn yo, kilès ki te bèl, kilès ki te wo tankou ou? Men koulye a, tankou tout lòt pyebwa jaden an, ou pral desann ale nan peyi ki anba tè a. Ou pral jwenn moun ki pa pote mak kontra Bondye a, moun ki mouri nan lagè yo. Se sa k'ap rive farawon an ansanm ak tout pèp li a. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.