< اعداد 10 >

و خداوند موسی را خطاب کرده، گفت: ۱ 1
Senyè a te pale avèk Moïse. Li te di li:
«برای خود دو کرنای نقره بساز، آنهارا از چرخکاری درست کن، و آنها را بجهت خواندن جماعت و کوچیدن اردو بکار ببر. ۲ 2
Fè pou ou menm de twonpèt an ajan, yon zèv ajan ki bat, ou va fè yo. Konsa, ou va sèvi ak yo pou fè tout asanble a rasanble, e pou fè kan yo pati.
وچون آنها را بنوازند تمامی جماعت نزد تو به درخیمه اجتماع جمع شوند. ۳ 3
Lè toude vin sone, tout kongregasyon an va rasanble yo menm anvè ou nan pòtay a tant asanble a.
و چون یکی رابنوازند، سروران و روسای هزاره های اسرائیل نزد تو جمع شوند. ۴ 4
Men si se yon sèl ki sone, alò, se chèf yo, tèt a dè milye an Israël yo ki va rasanble devan ou.
و چون تیز آهنگ بنوازیدمحله هایی که به طرف مشرق جا دارند، کوچ بکنند. ۵ 5
Lè nou sone pou avèti, kan ki rete nan kote lès yo, va pati.
و چون مرتبه دوم تیز آهنگ بنوازید، محله هایی که به طرف جنوب جا دارند کوچ کنند؛ بجهت کوچ دادن ایشان تیز آهنگ بنوازند. ۶ 6
Lè nou sone pou avèti yon dezyèm fwa, kan ki nan kote sid yo, va pati. Yon son avèti va soufle pou yo pati.
و بجهت جمع کردن جماعت بنوازید، لیکن تیزآهنگ منوازید. ۷ 7
Sepandan, lè nou ap reyini asanble a, ou va soufle twonpèt yo, men pa avèk son avèti yo.
«و بنی هارون کهنه، کرناها را بنوازند. این برای شما در نسلهای شما فریضه ابدی باشد. ۸ 8
Anplis, se prèt yo, fis a Aaron yo ki va soufle twonpèt yo. Konsa, sa va pou nou yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo.
وچون در زمین خود برای مقاتله با دشمنی که برشما تعدی می‌نمایند می‌روید، کرناها را تیزآهنگ بنوازید، پس به حضور یهوه خدای خودبیاد آورده خواهید شد، و از دشمنان خود نجات خواهید یافت. ۹ 9
Lè nou fè lagè nan peyi nou kont advèsè ki vin atake nou yo, alò, nou va sone yon son avèti avèk twonpèt yo, pou nou kapab sonje devan SENYÈ a, Bondye nou an, e vin sove de lènmi nou yo.
و در روز شادی خود و درعیدها و در اول ماه های خود کرناها را برقربانی های سوختنی و ذبایح سلامتی خودبنوازید، تا برای شما به حضور خدای شمایادگاری باشد. من یهوه خدای شما هستم.» ۱۰ 10
“Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”
و واقع شد در روز بیستم ماه دوم سال دوم که ابر از بالای خیمه شهادت برداشته شد، ۱۱ 11
Alò, nan dezyèm ane a, nan dezyèm mwa a, nan ventyèm nan mwa a, nwaj la te leve pa anwo tabènak temwayaj la.
وبنی‌اسرائیل به مراحل خود از صحرای سینا کوچ کردند، و ابر در صحرای فاران ساکن شد، ۱۲ 12
Konsa, fis Israël yo te pati nan vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan dezè Paran an.
وایشان اول به فرمان خداوند به واسطه موسی کوچ کردند. ۱۳ 13
Konsa, yo te derape pou premye fwa selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
و علم محله بنی یهودا، اول با افواج ایشان روانه شد، و بر فوج او نحشون بن عمیناداب بود. ۱۴ 14
Drapo kan Juda a selon lame pa yo, te sòti avan, avèk Nachschon, fis a Amminadab la sou lame pa li.
و بر فوج سبط بنی یساکار، نتنائیل بن صوغر. ۱۵ 15
Nethaneel, fis a Tsuar a, te sou lame tribi a fis Issacar yo.
و بر فوج سبط بنی زبولون، الیاب بن حیلون. ۱۶ 16
Eliab, fis a Hélon an, te sou lame tribi a fis Zabulon an,
پس مسکن را پایین آوردند و بنی جرشون وبنی مراری که حاملان مسکن بودند، کوچ کردند. ۱۷ 17
Tabènak la te vin demonte, epi fis a Guerschon yo avèk fis a Merari yo, ki t ap pote tabènak la, te pati.
و علم محله روبین با افواج ایشان روانه شد، و بر فوج او الیصور بن شدیئور بود. ۱۸ 18
Apre, drapo kan Ruben an, selon lame pa yo te pati avèk Élitsur, fis a Schedéur a sou lame pa li.
و بر فوج سبط بنی شمعون، شلومیئیل بن صوریشدای. ۱۹ 19
Schelumiel, fis a Tsurischaddaï a te sou lame tribi a fis Siméon yo.
و بر فوج سبط بنی جاد، الیاساف بن دعوئیل. ۲۰ 20
Élisaph, fis a Déuel la te sou lame tribi a fis Gad yo.
پس قهاتیان که حاملان قدس بودند، کوچ کردند و پیش از رسیدن ایشان، آنها مسکن را برپاداشتند. ۲۱ 21
Epi Kehath yo te derape. Yo t ap pote bagay sen yo. Lòt yo te gen tan monte tabènak avan ke yo te rive.
پس علم محله بنی افرایم با افواج ایشان روانه شد، و بر فوج او الیشمع بن عمیهود بود. ۲۲ 22
Apre, drapo a kan Ephraïm nan te pati, selon lame pa yo. Élischama, fis a Ammihud la te sou tèt lame pa li a.
و بر فوج سبط بنی منسی، جملیئیل بن فدهصور. ۲۳ 23
Gamaliel, fis a Pedahstsur te sou tèt lame tribi a fis Manassé yo.
و بر فوج سبط بنی بنیامین، ابیدان بن جدعونی. ۲۴ 24
Abidan, fis a Guideoni te sou tèt lame a fis Benjamin yo.
پس علم محله بنی دان که موخر همه محله‌ها بود با افواج ایشان روانه شد، و بر فوج اواخیعزر بن عمیشدای بود. ۲۵ 25
Drapo kan fis a Dan nan, selon lame yo, te fòme gad an aryè pou tout kan yo. Yo derape avèk Ahiézer, fis a Ammischaddaï sou tèt lame pa li a.
و بر فوج سبطبنی اشیر، فجعیئیل بن عکران. ۲۶ 26
Paguiel, fis a Ocran an te sou tèt lame tribi a fis Aser yo.
و بر فوج سبطبنی نفتالی، اخیرع بن عینان. ۲۷ 27
Ahira, fis a Énan an, te sou tèt lame tribi a fis Nephtali yo.
این بود مراحل بنی‌اسرائیل با افواج ایشان. پس کوچ کردند. ۲۸ 28
Konsa te lòd vwayaj la a pou fis Israël yo selon lame pa yo, lè yo te vin pati.
و موسی به حوباب بن رعوئیل مدیانی که برادرزن موسی بود، گفت: «ما به مکانی که خداوند درباره آن گفته است که آن را به شماخواهم بخشید کوچ می‌کنیم، همراه ما بیا و بتواحسان خواهیم نمود، چونکه خداوند درباره اسرائیل نیکو گفته است.» ۲۹ 29
Moïse te di a Hobab, fis a Réuel la, Madyanit lan, bòpè a Moïse la: “Nou ap pati pou kote ke SENYÈ a te di a, ‘Mwen va bannou li.’ Vini avèk nou, e nou va fè ou byen; paske SENYÈ a te pwomèt sa ki bon konsènan Israël.”
او وی را گفت: «نمی آیم، بلکه به زمین و به خاندان خود خواهم رفت.» ۳۰ 30
Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”
گفت: «ما را ترک مکن زیرا چونکه تو منازل ما را در صحرا می‌دانی، بجهت ما مثل چشم خواهی بود. ۳۱ 31
Alò li te di: “Souple, pa kite nou, kòmsi ou konnen kote nou dwe fè kan nan dezè a, e ou va pou nou tankou zye nou.
و اگر همراه ما بیایی، هر احسانی که خداوند بر ما بنماید، همان را بر تو خواهیم نمود.» ۳۲ 32
Se konsa sa va ye, ke si ou ale avèk nou, ke nenpòt sa ki bon ke SENYÈ a fè pou nou, nou va fè pou ou tou.”
و از کوه خداوند سفر سه روزه کوچ کردند، و تابوت عهد خداوند سفر سه روزه پیش روی ایشان رفت تا آرامگاهی برای ایشان بطلبد. ۳۳ 33
Konsa yo te pati soti nan mòn SENYÈ a, yon vwayaj twa jou avèk lach temwayaj SENYÈ a ki te vwayaje pandan twa jou devan yo pou chache yon kote pou yo kab poze.
و ابر خداوند در روز بالای سر ایشان بود، و وقتی که از لشکرگاه روانه می‌شدند. ۳۴ 34
Nwaj SENYÈ a te sou yo nan lajounen lè yo te kite kan an.
و چون تابوت روانه می‌شد، موسی می‌گفت: «ای خداوند برخیز و دشمنانت پراکنده شوند و مبغضانت از حضور تو منهزم گردند.» ۳۵ 35
Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Kite sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.”
و چون فرود می‌آمد، می‌گفت: «ای خداوند نزد هزاران هزار اسرائیل رجوع نما.» ۳۶ 36
Lè l te vin poze li te di: “Retounen, O SENYÈ a vè bokou milye de Israël yo.”

< اعداد 10 >