< Ibroota 9 >
1 Kakuun jalqabaa sun iyyuu sirna waaqeffannaatii fi iddoo qulqulluu isa lafa irraa qaba ture.
Premye kontra a te gen regleman pa l' pou jan yo dwe fè sèvis pou Bondye nan tanp ki sou latè a.
2 Dunkaanni qulqulluun dhaabamee ture. Kutaan dunkaana sanaa kan jalqabaa, “Iddoo Qulqulluu” jedhama ture; kutaa kana keessas baattuu ibsaatii fi minjaala akkasumas buddeena qulqulleeffametu ture.
Premye bagay yo fè, yo moute yon gwo tant: se te kote yo te mete apa pou sèvis Bondye a. Se la yo te mete gwo lanp sèt branch lan, tab la ansanm ak pen yo ofri bay Bondye yo.
3 Golgaa lammaffaa duubaan immoo kutaa, “Iddoo Hundumaa Caalaa Qulqulluu” jedhamu tokkotu ture.
Dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt ti tant pi piti. Se te kote yo te mete apa nèt pou Bondye menm lan.
4 Achis iddoo aarsaa ixaanaa kan warqee irraa hojjetamee fi taabota kakuu kan karaa hundaan warqee dibametu ture. Taabota sana keessas okkotee warqee kan mannaa baatu, ulee Aroon inni latee fi gabatee dhagaa kan kakuun sun irratti barreeffametu kaaʼame.
Se la lotèl an lò a te ye ansanm ak Bwat kote yo te sere kontra a. Se sou lotèl la yo te konn boule lansan. Bwat la menm te kouvri nèt ak lò. Anndan l' yo te mete yon ti ja an lò tou ki te gen laman dezè a. Bò kote ti ja a, yo te mete baton Arawon an ki te fleri, ansanm ak de moso wòch plat kote yo te ekri pawòl kontra a.
5 Taaboticha gubbaadhaanis kiirubeeliin Ulfinaa teessoo araaraa irra golboobanii turan. Amma garuu waaʼee kanaa gad fageenyaan dubbachuu hin dandeenyu.
Anwo bwat la, yo te mete estati de zanj yo te rele cheriben. Se te pou fè moun konnen Bondye la. Zèl zanj yo te louvri, yo te kouvri tout kote yo ofri bèt pou touye pou peche yo. Men, nou pa gen tan koulye a pou n' pale an detay sou bagay sa yo.
6 Luboonni yommuu wanni hundinuu haala kanaan qopheeffametti tajaajila kennuuf jedhanii yeroo hunda dunkaana qulqulluu isa jalqabaa seenu turan.
Lè tout bagay fin nan plas yo konsa, prèt yo gen pou yo antre chak jou nan premye tant lan pou fè sèvis.
7 Dunkaana isa lammaffaa garuu luba ol aanaa qofatu waggaatti yeroo tokko qofa seena; innis dhiiga cubbuu ofii isaatiif dhiʼeessuu fi dhiiga cubbuu namoonni utuu hin beekin hojjetaniif dhiʼeessu qabatu malee hin seenu ture.
Men, se granprèt la ase ki gen dwa antre nan dezyèm ti tant lan. Li fè l' yon sèl fwa chak lanne. Lè sa a, li pote san bèt yo te ofri bay Bondye a pou tèt pa l' ansanm ak pou peche pèp la fè san yo pa t' konnen.
8 Hafuurri Qulqulluunis hamma dunkaanni jalqabaa sun dhaabatee jirutti akka karaan gara Iddoo Iddoo Hunda Caalaa Qulqulluu taʼeetti geessu sun amma illee hin mulʼifamin haala kanaan argisiisaa ture.
Avèk tout aranjman sa yo, Sentespri fè nou wè chemen ki pou mennen nou kote Bondye ye a poko louvri toutotan premye tant la kanpe toujou.
9 Kunis fakkeenya bara ammaa ti; innis akka kennaa fi aarsaan dhiʼeeffamu sun qalbii waaqeffataa tokkoo qulqulleessuu hin dandeenye mulʼisa.
Sa se yon siy pou te fè nou konprann davans sa k'ap pase koulye a. Sa vle di: pou moun k'ap fè sèvis sa yo, nanpwen kado yo ka fè Bondye, nanpwen ofrann bèt yo ka touye bay Bondye ki pou lave konsyans yo devan Bondye.
10 Innis waaʼee nyaataatii fi dhugaatii, waaʼee sirna dhiqannaa garaa garaa jechuunis sirna foonii isa hamma seerichi haaromfamutti faayidaa kennaa ture qofa.
Nan tout bagay sa yo, se yon keksyon de sa ki bon pou manje, de sa ki bon pou bwè, de tout kalite seremoni pou yo fè pou lave deyò kò moun. Prensip sa yo vo kichòy jouk lè Bondye vin chanje tout bagay.
11 Kiristoos garuu yommuu waan gaarii dhufuuf jiruuf luba ol aanaa taʼee dhufetti, dunkaanicha guddaa mudaa hin qabne, kan harka namaatiin hin hojjetamin jechuunis kan uumama kana irraa hin dhufin sana keessa darbe.
Men, Kris la vini deja tankou granprèt k'ap bay benediksyon ki gen pou vini yo. Tant kote l'ap fè sèvis li a pi gwo, pi bon lontan. Se pa moun ki te bati li. Tant sa a pa fè pati bagay ki sou latè.
12 Dhiiga reʼootaatii fi dhiiga jabbootaatiin hin seenne; garuu furii bara baraa nuu fiduudhaan dhiiguma ofiitiin yeroo tokko bara baraan gara Iddoo Iddoo Hunda Caalaa Qulqulluu taʼe sanaatti seene. (aiōnios )
Kris la pase nan tant lan, li antre kote yo mete apa pou Bondye a, li ofri san an yon sèl fwa devan Bondye epi li fini. Lè sa a, se pa t' san bouk kabrit ni san ti towo bèf li te ofri. Se san pa l' menm li te ofri. Se sak fè li antre yon sèl fwa a devan Bondye, li tou peye pou l' te ka delivre nou pou tout tan. (aiōnios )
13 Erga dhiigni reʼootaa, dhiigni korommiitii fi daaraan goromsaa kan warra xuraaʼanitti facaafamu akka isaan fooniin qulqullaaʼan godhee,
Si yo ka pran san bouk kabrit ak san towo bèf ansanm ak san vyann ti gazèl bèf yo boule sou lotèl la pou voye sou moun ki mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka sèvi Bondye dapre lalwa, pou mete yo nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye,
14 yoos dhiigni Kiristoos isa karaa Hafuura bara baraatiin aarsaa hirʼina hin qabne taʼee Waaqaaf of dhiʼeesse sanaa akka nu Waaqa jiraataa tajaajilluuf hammam caalaa hojii gara duʼaatti nama geessu irraa qalbii keenya haa qulqulleessuu ree! (aiōnios )
nou pa bezwen mande kisa san Kris la p'ap fè. Avèk pouvwa Sentespri ki la tout tan an, li menm li ofri tèt li bay Bondye tankou yon ofrann bèt ki bon nèt, san okenn defo. Se konsa, san l' ap lave konsyans nou, l'ap delivre nou anba esklavaj lalwa k'ap touye nou an pou nou ka sèvi Bondye vivan an. (aiōnios )
15 Sababii kanaaf akka warri waamaman dhaala bara baraa isa abdii kenname sana argataniif Kiristoos araarsaa gidduu galeessa kakuu haaraa ti; inni cubbuu isaan yeroo kakuu jalqabaa jala turanitti hojjetan irraa isaan bilisoomsuuf jedhee furii taʼee duʼeeraatii. (aiōnios )
Se poutèt sa, Kris la se yon avoka ki tabli yon nouvo kontra ant Bondye ak lèzòm. Konsa, moun Bondye rele yo, yo ka resevwa eritaj ki la pou tout tan an, jan Bondye te pwomèt la. Tou sa, paske Kris la mouri. Avèk mouri li mouri a, li delivre tout moun anba chenn peche yo te fè sou premye kontra a. (aiōnios )
16 Iddoo dhaamsi dhaalaa jirutti duʼa namicha dhaamate sanaa mirkaneessuun barbaachisaa dha;
Lè gen yon kontra osinon yon testaman, se pou yo bay prèv moun ki te fè l' la mouri byen mouri.
17 dhaamsi dhaalaa yommuu namni dhaamate sun duʼu qofa hojii irra oola malee utuu inni lubbuun jiruu hin hojjetuutii.
Paske, yon testaman pa vo anyen toutotan moun ki fè l' la vivan toujou. Lè moun ki fè l' la mouri, se lè sa a testaman an bon.
18 Sababiin kakuun jalqabaa iyyuu dhiiga malee hojii irra hin ooliniifis kanuma.
Se poutèt sa, menm pou premye kontra a se apre yo te fin fè san bèt yo te ofri yo koule li te bon.
19 Museen erga ajaja seera sanaa tokko tokkoon saba sana hundatti himee booddeetti, dhiiga jabbootaatii fi dhiiga reʼootaa bishaan wajjin, rifeensa hoolaa bildiimaa fi hiisophii fuudhee kitaaba maramaa fi saba hundatti facaase.
Premye bagay Moyiz te fè, li te li tout kòmandman yo bay pèp la, jan sa ye nan lalwa a. Apre sa, li pran san ti towo bèf yo ak san bouk kabrit yo, li mele l' ak dlo, li pran yon branch izòp ak yon moso lenn wouj, li wouze Liv lalwa a ansanm ak tout pèp la avèk melanj la.
20 Innis, “Kun dhiiga kakuu kan Waaqni isiniif ajajee dha” jedhe.
Lè sa a, li di: Sa se san ki sèvi pou siyen kontra Bondye mande pou nou kenbe a.
21 Haaluma wal fakkaatuunis dunkaanichattii fi miʼa dunkaanicha keessatti sirna waaqeffannaatiif itti fayyadaman hundumatti dhiiga sana facaase.
Moyiz voye san an sou tout tant lan, sou tout bagay ki sèvi nan tant lan.
22 Dhugumaan akka seeraatti wantoota muraasa malee wanni hundinuu dhiigaan qulqulleeffama; dhiigni dhangalaafamu malees dhiifamni cubbuu hin jiru.
Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo.
23 Kanaafuu fakkeenyawwan waan samii irraa aarsaawwan kanneeniin qulqulleeffamuun barbaachisaa ture; wanni samii irraa mataan isaa garuu aarsaawwan waan kanneen caalaniin qulqulleeffamuu isaan barbaachisa.
Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou.
24 Kiristoos amma iddoo keenya buʼee fuula Waaqaa duratti argamuuf samii seene malee iddoo qulqulluu kan harka namaatiin ijaarame isa fakkeenya iddoo qulqulluu kan dhugaa taʼe hin seenne.
Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou.
25 Yookaan inni akkuma luba ol aanaa wagguma waggaan dhiiga kan isaa hin taʼin qabatee Iddoo Iddoo Hunda Caalaa Qulqulluu taʼe seenu sanaatti yeroo baayʼee of dhiʼeessuuf samii hin seenne.
Granprèt jwif yo antre chak lanne nan kote ki apa pou Bondye menm lan avèk san bèt yo touye bay Bondye. Men, Kris la menm pa antre plizyè fwa pou ofri tèt li.
26 Utuu akkas taʼee silaa Kiristoos uumama addunyaatii jalqabee yeroo baayʼee dhiphachuu qaba ture. Amma garuu inni ofii isaa aarsaa godhee cubbuu balleessuuf dhuma baraatti yeroo tokko bara baraan mulʼateera. (aiōn )
Si se pa t' sa, li ta blije soufri plizyè fwa tou depi lè Bondye te kreye tout bagay. Men, koulye a, lè tout bagay prèt pou fini, li parèt yon sèl fwa, li bay tèt li tankou bèt yo ofri pou wete tout peche, epi li fini. (aiōn )
27 Akkuma yeroo tokko duʼuun ergasii immoo murtiitti dhiʼaachuun namatti murteeffame sana
Tout moun gen pou mouri yon sèl fwa, apre sa, Bondye gen pou jije yo.
28 akkasuma immoo Kiristoos cubbuu namoota baayʼee baachuuf jedhee yeroo tokko aarsaa taʼeera; yeroo lammaffaa immoo cubbuu baachuuf utuu hin taʼin warra isa eeggachaa jiraniif fayyina fiduuf ni mulʼata.
Konsa tou, Kris la ofri tèt li pou li mouri yon sèl fwa pou wete peche anpil moun. Li gen pou l' tounen yon dezyèm fwa. Men, lè sa a, se p'ap pou wete peche nou, se va pou delivre tout moun k'ap tann li yo.