< Jobs 7 >
1 Ja, mannen hev ein strid på jordi; hans dagar gjeng som leigedagar.
“Èske lòm pa oblije fè kòve sou latè? Èske jou li yo pa tankou jou a yon ouvriye jounalye?
2 Som trælen lengtar etter skugge, og leigekar på løni ventar,
Tankou esklav ki rale souf pou rive nan lonbraj, tankou jounalye k ap tann kòb li,
3 so fekk eg månader av vonbrot og næter fulle utav møda.
se konsa mwen jwenn mwa yo plen mizè, e nwit plen ak gwo twoub k ap dezinyen pou mwen.
4 Eg segjer når eg gjeng til kvile: «Når skal eg atter standa upp?» Og kvelden vert so lang, so lang: Eg ligg uroleg alt til dagsprett.
Lè m kouche mwen di: ‘Se kilè m ap leve?’ Men nwit lan kontinye; m ap vire tounen jis rive nan maten.
5 Og makk og sår min likam dekkjer, og hudi skorpnar og bryt upp att.
Chè m abiye ak vè ak kal ki fèt ak pousyè. Po m vin di e li koule pij.
6 Mi tid fer snøggar’ enn ein skutel, og ho kverv utan nokor von.
Jou m yo mache pi vit ke mach aparèy tise a. Yo fini sanzespwa.
7 Hugs på: mitt liv er som ein pust; mitt auga ser’kje lukka meir.
Sonje byen ke lavi m pa plis ke yon souf; zye m p ap wè sa ki bon ankò.
8 Snart er eg løynd for alle augo; du fåfengt stirer etter meg.
Zye a sila ki wè m yo, p ap wè m ankò. Zye Ou va sou mwen, men mwen p ap la ankò.
9 Som skyi framum fer og kverv, so ingen att frå helheim vender, (Sheol )
Jan yon nwaj vin disparèt, li ale nèt. Konsa sila ki desann nan sejou lanmò a pa p monte ankò. (Sheol )
10 snur ei attende til sitt hus; hans heimstad kjenner han’kje meir.
Li p ap retounen ankò lakay li, ni plas li p ap rekonèt li ankò.
11 Difor vil’kje munnen stagga, men tala i min djupe hugverk og klaga i mi sjælenaud.
“Akoz sa a, mwen p ap met fren nan bouch mwen. Mwen va pale nan doulè lespri m; mwen va plenyen nan lespri anmè mwen.
12 Er eg eit hav, er eg ein drake, med di du vaktar so på meg?
Èske se lanmè mwen ye, oswa bèt jeyan lanmè a, pou Ou te mete gad sou mwen?
13 Eg tenkjer: «Lægjet skal meg lindra, og sengi letta suti mi» -
Si mwen di: ‘Kabann mwen va ban m repo, sofa m va soulaje plent mwen,’
14 då skræmer du meg upp med draumar, og støkkjer meg med ville syner,
answit, Ou fè m krent ak rèv, e teworize m ak vizyon;
15 so at eg heller ville kjøvast, ja døy, enn vera slik ei beingrind.
jiskaske nanm mwen ta chwazi mouri toufe; pito lanmò olye doulè mwen yo.
16 D’er nok! Eg liver ikkje æveleg; Haldt upp! Mitt liv er som ein pust.
Mwen fin epwize nèt; mwen p ap viv tout tan. Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.
17 Kva er ein mann, at du han vyrder og retter tanken din på honom,
Kisa lòm ye pou Ou reflechi sou li e pou Ou bay ka li enpòtans,
18 heimsøkjer honom kvar ein morgon, ransakar honom kvar ei stund?
pou Ou fè l pase egzamen chak maten e fè l pase eprèv chak moman?
19 Når tek du frå meg auga ditt? Meg slepper med eg svelgjar råken?
Èske Ou p ap janm sispann gade m, ni kite mwen anpè jiskaske m fin vale krache m?
20 Hev eg gjort synd, kva gjer eg deg, du som på mannen vaktar stødt? Kvi hev du meg til skiva valt? So eg hev vorte meg ei byrd?
Èske mwen te peche? Kisa mwen te fè Ou, Ou menm, ki gadyen lòm? Poukisa Ou te fè m objè tiraj Ou jiskaske mwen vin yon fado pou pwòp tèt mwen?
21 Kvi gjev du ikkje syndi til? Kvi ansar du på mine brot? No sig eg snart i moldi ned; og leitar du, so er eg burte.»
Poukisa konsa Ou pa padone transgresyon mwen yo, e retire inikite mwen yo? Paske koulye a, mwen va kouche nan pousyè a; Ou va chache pou mwen, men m p ap la ankò.”