< Jobs 30 >

1 Men no er eg til spott for deim som yngre er av år enn eg; eg deira feder ikkje fann verdige plass hjå gjætarhunden.
Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap giyonnen m. Papa a sila mwen pat ta dakò pou mete ansanm ak chen bann mouton yo.
2 Magtlause er og deira hender, og deira saft og kraft er burte;
Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m? Gwo fòs te deja disparèt nan yo
3 Dei magre er av naud og svolt, dei gneg i turre øydemarki som alt i går var reine audni,
akoz mank bagay ak grangou. Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an.
4 og plukkar melde millom kjørri og hev til føda einerot.
Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la. Manje yo se rasin bayawonn.
5 Frå folket vert dei jaga burt, fær tjuvemann slengt etter seg.
Yo chase yo deyò lavil la nan dezè; yo kriye dèyè yo tankou se vòlè,
6 Dei gøymer seg i fæle gil, i holor uti jord og fjell;
jiskaske yo vin rete nan move ravin yo, nan twou tè ak nan wòch yo.
7 og millom buskor skrålar dei og samlast under netlerunnar;
Pami rak tibwa yo, yo rele fò. Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.
8 ei ætt av dårar og namnlause som ein helst piskar ut or landet.
Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo, yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.
9 No er eg slengjestev for deim, eit ordtak hev for deim eg vorte.
Men koulye a, se mwen menm yo pase nan rizib; mwen devni yon pawòl betiz pou yo.
10 Dei styggjest ved meg, held seg burte og sparer ei å sputta på meg.
Yo pè m, yo kanpe lwen m, e yo pa sispann krache nan figi m.
11 Utan all blygd dei krenkjer meg, hiv av kvart band framfor mi åsyn.
Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen, yo rete retire brid la nèt devan m.
12 Eit utjo reiser seg til høgre, dei spenner mine føter burt, og legg ulukke-vegar mot meg.
Sou men dwat lan, nich sa vin leve. Yo rale pye mwen akote. Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo.
13 Og stigen min den bryt dei upp og hjelper til med mi ulukka, dei som er hjelpelause sjølv.
Yo gate wout mwen. Yo bourade lachit mwen san mande sekou.
14 Som gjenom vide murbrot kjem dei, velter seg fram med bråk og brak.
Tankou nan yon gran brèch, yo parèt; nan mitan tanpèt, yo woule m.
15 Imot meg vender rædslor seg, mi æra elter dei som stormen, mi velferd kvarv som lette sky.
Gwo perèz yo vin vire kont mwen. Yo tanmen gate respè m tankou van. Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
16 No jamrar seg mi sjæl i meg; usæle dagar held meg fast.
Konsa, koulye a nanm mwen vide nèt. Jou afliksyon yo sezi m.
17 Natti gneg mine knokar av meg, min verk, mi pina aldri søv.
Nan lannwit, zo m yo frennen anndan m, e sa yo kap manje m pa pran repo.
18 Ved allmagt vert min klædnad vanstelt, heng tett som skjortekragen kring meg.
Ak gwo fòs, vètman m vin tòde sou mwen. Li mare m nèt tankou kolye manto m.
19 Han kasta meg i skarnet ned; og eg ser ut som mold og oska.
Li te jete mwen nan labou, e mwen te vin tankou pousyè ak sann.
20 Eg skrik til deg, du svarar ikkje, eg stend der, og du stirer på meg.
Mwen kriye a Ou menm pou sekou, men Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.
21 Hard hev du vorte imot meg, du stri’r mot meg med veldug hand.
Ou vin okipe m ak mechanste. Avèk fòs a men Ou, Ou pèsekite m.
22 Du let meg fara burt i stormen, du let meg tynast i hans brus.
Ou leve m wo sou van, e fè m monte; epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an.
23 Eg veit du fører meg til dauden, der alt som liver samlast lyt.
Paske mwen konnen ke Ou ap mennen m a lanmò, jis rive nan gwo kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
24 Kven kavar ikkje når han søkk? Kven ropar ikkje ut i fåren?
Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l? Oswa nan gwo pwoblem li pa kriye sekou?
25 Gret eg’kje sjølv med den fortrykte, og syrgde yver fatigmann?
Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub? Èske nanm mwen pa t plen tristès pou malere a?
26 Eg vona godt, men det kom vondt, eg venta ljos, men myrker kom.
Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m; lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
27 Det kokar allstødt i mitt indre, ulukkedagen møter meg.
Kè m twouble nèt anndan m. Mwen pa kab poze. Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.
28 Svart gjeng eg kring, men ikkje solbrend, eg ris i flokken, skrik um hjelp.
Mwen fè dèy toupatou san solèy. Mwen kanpe nan asanble; mwen rele sekou.
29 Bror åt sjakalar hev eg vorte, til strussar eg ein frende er.
Mwen te vin frè ak chen mawon, zanmi ak otrich la.
30 Mi hud er svart og flaknar av; det brenn i mine bein av hite.
Chè m vin nwa sou mwen, li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.
31 Min cither hev eg bytt i sorg, og fløyta mi med gråtar-mål.
Pou sa, se doulè ap mwen jwe, e flit mwen an sonne pou sila k ap kriye.

< Jobs 30 >