< Salmenes 82 >
1 En salme av Asaf. Gud står i Guds menighet; midt iblandt guder holder han dom:
Yon Sòm Asaph Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a. Li fè jijman nan mitan dye yo.
2 Hvor lenge vil I dømme urettferdig og holde med de ugudelige? (Sela)
Pou konbyen de tan nou va jije san jistis, e montre favè a mechan yo?
3 Døm den ringe og farløse, la den elendige og fattige få sin rett!
“Fè defans fèb yo ak òfelen yo. Fè jistis a aflije ak malere yo.
4 Redd den ringe og trengende, frels ham fra de ugudeliges hånd!
Sove fèb yo ak malere yo. Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
5 De skjønner intet, og de forstår intet, de vandrer i mørke; alle jordens grunnvoller vakler.
Yo pa konnen ni yo pa konprann. Yo mache toupatou nan fènwa. Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.
6 Jeg har sagt: I er guder, og I er alle den Høiestes sønner.
Mwen te di: “Se dye ke nou ye, e nou tout se fis a Pi Wo a.
7 Men sannelig, som mennesker skal I dø, og som en av fyrstene skal I falle.
Sepandan, nou va mouri tankou moun, e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”
8 Reis dig, Gud, hold dom over jorden! For du har alle hedningene i eie!
Leve, O Bondye, jije tè a! Paske se Ou ki posede tout nasyon yo.