< Zabbuli 67 >

1 Ya Mukulu wa Bayimbi. Ebivuga eby’enkoba. Zabbuli. Oluyimba. Ayi Katonda tukwatirwe ekisa, otuwe omukisa, era otwakize amaaso go.
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak kòd yo. Yon Sòm; Yon Chan Ke Bondye ka fè nou gras, beni nou e fè vizaj Li vin klere sou nou——
2 Ekkubo lyo limanyibwe mu nsi, n’obulokozi bwo mu mawanga gonna.
Ke chemen Ou kapab byen koni sou tè a, ak sali Ou pami tout nasyon yo.
3 Abantu bakutenderezenga, Ayi Katonda, abantu bonna bakutenderezenga.
Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou.
4 Amawanga gonna gasanyuke, gayimbe nga gajjudde essanyu. Kubanga ofuga abantu bonna mu bwenkanya, n’oluŋŋamya amawanga ag’ensi.
Kite nasyon yo fè kè kontan e chante ak jwa, paske Ou va jije pèp yo avèk ladwati e gide nasyon yo sou tè a. Tan
5 Abantu bakutenderezenga, Ayi Katonda, abantu bonna bakutenderezenga.
Kite pèp yo louwe Ou, O Bondye. Kite tout pèp yo louwe Ou.
6 Ensi erireeta amakungula gaayo; era Katonda, Katonda waffe, anaatuwanga omukisa.
Latè te bay pwodwi li. Bondye, Bondye pa nou an, ap toujou beni nou.
7 Katonda anaatuwanga omukisa; n’enkomerero z’ensi zinaamutyanga.
Bondye ap toujou beni nou. Dènye pwent latè a va gen lakrent Li.

< Zabbuli 67 >