< Psalmi 44 >
1 Koraha bērnu pamācība. Dziedātāju vadonim. Dievs, ar savām ausīm mēs to esam dzirdējuši, mūsu tēvi to mums ir teikuši: vienu darbu Tu esi darījis viņu laikā sendienās.
Pou direktè koral la; Yon Sòm refleksyon pa fis a Koré yo O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou. Zansèt nou yo te pale nou travay ke Ou te fè nan jou pa yo, nan jou ansyen yo.
2 Ar savu roku pagānus Tu esi izdzinis, bet viņus Tu esi dēstījis; tautas Tu esi mocījis, bet viņus Tu esi izplatījis.
Ou menm, avèk pwòp men Ou, Ou te chase mete nasyon yo deyò, men Ou te plante yo. Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo, Ou te gaye yo toupatou.
3 Jo tie to zemi caur savu zobenu nav iemantojuši, un viņu elkonis tiem nav palīdzējis, bet Tava labā roka un Tavs elkonis un Tava vaiga gaišums, jo Tev bija labs prāts pie tiem.
Konsa, se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a, ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo, men se men dwat Ou avèk bra Ou, ak limyè prezans Ou an, akoz Ou te bay yo favè.
4 Tu tas esi, ak Dievs, mans ķēniņš; sūti Jēkabam pestīšanu.
Se Ou menm ki Wa m, O Bondye. Òdone viktwa pou Jacob.
5 Ar Tevi mēs gribam sadauzīt savus ienaidniekus, Tavā vārdā gribam samīt, kas mums ceļas pretim.
Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak; Nan non Ou, nou va pile fè desann (sila) ki leve kont nou yo.
6 Jo es neceru uz savu stopu, un mans zobens man nevar palīdzēt.
Paske mwen p ap mete konfyans nan banza mwen, ni se pa nepe m k ap sove mwen.
7 Bet Tu mūs izglābi no mūsu pretiniekiem, un Tu mūsu ienaidniekus lieci kaunā.
Men Ou te sove nou kont advèsè nou yo, Epi Ou te fè tout (sila) ki rayi nou yo wont.
8 Ar Dievu mēs lielāmies cauru dienu un pateicamies Tavam vārdam mūžīgi. (Sela)
Nan Bondye, nou te louwe tout lajounen. Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.
9 Bet nu Tu mūs atstūmi un lieci mūs kaunā un neizej ar mūsu karaspēku.
Alò, koulye a, Ou rejte nou, e mennen nou nan gwo wont. Ou pa sòti ankò avèk lame nou yo.
10 Tu mūs dzeni atpakaļ priekš mūsu pretiniekiem, ka mūsu ienaidnieki mūs aplaupa.
Ou fè nou vire fè bak devan advèsè a, epi (sila) ki rayi nou yo fè piyaj pou kont yo.
11 Tu mūs nodevi kā avis par barību, un mūs izkaisi starp pagāniem.
Ou te fè nou kon mouton, tankou mouton ki te livre pou manje, epi te gaye nou pami nasyon yo.
12 Tu pārdevi Savus ļaudis pa velti, un nespriedi priekš viņiem nekādas maksas.
Ou vann pèp Ou bon mache e Ou pa fè pwofi nan vant lan.
13 Tu mūs cēli par apsmieklu mūsu kaimiņiem, par nievāšanu un apmēdīšanu tiem, kas ir ap mums.
Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo, yon objè ki moke e giyonnen pa (sila) ki antoure nou yo.
14 Tu mūs dari par sakāmu vārdu starp pagāniem, ka tautas par mums galvu krata.
Ou fè nou tounen yon vye mò pami nasyon yo, Yon rizib ki fè moun ri pami pèp yo.
15 Cauru dienu mans negods man ir klāt, un kauns apklāj manu vaigu
Tout lajounen dezonè sa a rete la devan m, epi imilyasyon mwen kraze m nèt.
16 Mēdītāju un zaimotāju valodas pēc, ienaidnieku un atriebēju dēļ.
Akoz vwa a (sila) ki fè m repwòch e ki meprize mwen, akoz prezans lènmi an avèk vanjè a.
17 Viss tas mums uzgājis, taču mēs Tevi neesam aizmirsuši, nedz viltīgi darījuši pret Tavu derību.
Tout sa gen tan rive sou nou, men nou pa te bliye Ou, ni nou pa t aji nan manti selon akò Ou a.
18 Mūsu sirds nav atpakaļ griezusies, nedz mūsu soļi noklīduši no Taviem ceļiem,
Kè nou pa t vire fè bak, ni pa nou yo pa t varye soti nan chemen Ou.
19 Ka Tu mūs tā satriec zvēru vidū, un mūs apklāj ar nāves ēnu.
Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo, e te kouvri nou avèk lonbraj lanmò a.
20 Ja mēs būtu aizmirsuši sava Dieva vārdu, un pacēluši savas rokas uz kādu svešu dievu,
Si nou te bliye non a Bondye nou an, oswa lonje men nou vè yon lòt dye etranje,
21 Vai Dievs to nevarētu samanīt? Jo Viņš zina sirds noslēpumus.
èske Bondye pa ta dekouvri sa a? Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.
22 Bet Tevis pēc mēs topam nāvēti visaugošu dienu, un topam turēti līdzi kaujamām avīm.
Men pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen. Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.
23 Uzmosties, Kungs, kāpēc Tu guli? Mosties, neatstum mūžīgi.
Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ? Leve nan dòmi! Pa rejte nou nèt.
24 Kāpēc Tu apslēpi Savu vaigu un aizmirsti mūsu bēdas un mokas?
Poukisa Ou kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?
25 Jo mūsu dvēsele ir nospiesta pīšļos, mūsu vēders līp pie zemes.
Paske nanm nou te neye jis rive nan pousyè. Kò nou kole jis rive atè.
26 Celies mums par palīgu, un izglāb mūs Savas žēlastības dēļ.
Leve monte! Bay nou sekou! Rachte nou pou koz lanmou dous Ou a.