< Otra Ķēniņu 16 >
1 Pekas, Remalijas dēla, septiņpadsmitā gadā Ahazs, Jotama, Jūda ķēniņa, dēls, palika par ķēniņu.
Wa Peka, pitit Remalya, te gen tan gen disetan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl lè Akaz, pitit Jotam, moute wa peyi Jida.
2 Ahazs bija divdesmit gadus vecs, kad palika par ķēniņu, un valdīja sešpadsmit gadus Jeruzālemē, un nedarīja, kas Tam Kungam, viņa Dievam, patika, kā viņa tēvs Dāvids.
Akaz te gen ventan lè sa a. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Men, li pa t' mache dwat devan Seyè a, Bondye li a, tankou David, zansèt li a, te fè l'.
3 Jo viņš staigāja pa Israēla ķēniņu ceļiem. Viņš arī savam dēlam lika caur uguni iet pēc pagānu negantības, ko Tas Kungs Israēla bērnu priekšā bija izdzinis.
Li te pito fè tankou wa peyi Izrayèl yo, li menm rive ofri pwòp pitit gason l' pou yo boule pou zidòl yo, dapre vye prensip krimenèl nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun Izrayèl yo te konn swiv.
4 Viņš upurēja un kvēpināja arī pa kalniem un pakalniem un apakš visiem zaļiem kokiem.
Li fè touye bèt, li boule lansan nan tout tanp zidòl yo sou ti mòn yo ak anba gwo pyebwa.
5 Tad Recins, Sīriešu ķēniņš, ar Peku, Remalijas dēlu, Israēla ķēniņu, cēlās karā pret Jeruzālemi, un apmeta lēģeri ap Ahazu, bet to nevarēja pārvarēt.
Se sou reny Akaz, Rezin, wa peyi Siri a, ak Peka, pitit gason Remalya a, wa peyi Izrayèl, mache sou lavil Jerizalèm pou yo atake l'. Yo fèmen Akaz anndan lavil la, men yo pa t' ka pran lavil la.
6 Tanī laikā Recins, Sīriešu ķēniņš, atdabūja Elatu uz Sīriešu pusi, un izdzina Jūdus no Elatas, un Sīrieši nāca uz Elatu un tur dzīvoja līdz šai dienai.
Se lè sa a wa peyi Edon an pwofite pou reprann lavil Elat nan men moun peyi Jida yo, li mete yo deyò nan lavil la. Se konsa moun Edon yo tounen nan lavil la kote yo rete jouk jounen jòdi a.
7 Bet Ahazs sūtīja vēstnešus pie Tiglat Pilezera, Asiriešu ķēniņa, un lika sacīt: es esmu tavs kalps un tavs dēls, nāc šurp un atpestī mani no Sīriešu ķēniņa rokas un no Israēla ķēniņa rokas, kas pret mani cēlušies.
Lè sa a, Akaz voye mesaj bay Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, pou di l' konsa: —M'ap sèvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m' anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayèl la ki vin atake m'.
8 Un Ahazs ņēma to sudrabu un zeltu, kas atradās Tā Kunga namā un ķēniņa nama mantās, un sūtīja dāvanas Asiriešu ķēniņam.
Akaz pran ajan ak lò ki te nan tanp lan ak nan trezò palè wa a, li voye yo fè Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, kado.
9 Un Asiriešu ķēniņš tam paklausīja, un Asiriešu ķēniņš cēlās pret Damasku un to uzņēma un aizveda tos (iedzīvotājus) uz Kiru un nokāva Recinu.
Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin.
10 Tad ķēniņš Ahazs nāca Tiglat Pilezeram, Asiriešu ķēniņam, pretī uz Damasku un tur redzēja to altāri, kas bija Damaskū, un ķēniņš Ahazs sūtīja priesterim Ūrijam tā altāra līdzību un tēlu, visu tā, kā tas bija taisīts.
Lè wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l' bay Ouri, prèt la.
11 Un priesteris Ūrija uztaisīja tādu altāri; itin tādu, kādu ķēniņš Ahazs no Damaskus bija sūtījis, tādu priesteris Ūrija taisīja, kamēr ķēniņš Ahazs no Damaskus pārnāca.
Se konsa, Ouri gen tan bati yon lotèl sou modèl wa Akaz te voye ba li soti Damas la anvan menm Akaz tounen soti Damas.
12 Kad nu ķēniņš Ahazs no Damaskus pārnāca, tad ķēniņš redzēja to altāri, un ķēniņš gāja pie tā altāra un uz tā upurēja,
Lè Akaz tounen soti Damas, li wè lotèl la, li pwoche, li moute bò lotèl la.
13 Un iededzināja savu dedzināmo upuri un savu ēdamo upuri un izlēja savu dzeramo upuri un slacīja sava pateicības upura asinis uz to altāri.
Li fè boule yon bèt sou li, li fè ofrann grenn jaden. Li vide yon ofrann diven ak san bèt li te ofri pou di mèsi a sou lotèl la tou.
14 Bet to vara altāri, kas bija Tā Kunga priekšā, to viņš nocēla no tās vietas nama priekšā, starp (savu) altāri un Tā Kunga namu, un to cēla sānis(savam) altārim pret ziemeļa pusi.
Lotèl an kwiv ki apa pou Seyè a te ant lotèl sa a ak kay Seyè a. Akaz fè deplase l' wete devan Tanp lan, li mete l' sou kote lòt lotèl la sou bò nò.
15 Un ķēniņš Ahazs pavēlēja priesterim Ūrijam sacīdams: uz tā lielā altāra tev būs iededzināt rīta dedzināmo upuri un vakara ēdamo upuri, ir ķēniņa dedzināmo upuri un viņa ēdamo upuri, ir visu zemes ļaužu dedzināmo upuri un viņu ēdamo upuri un viņu dzeramo upuri, un tev uz to būs slacināt visas asinis no dedzināmiem upuriem un no kaujamiem upuriem, bet par to vara altāri es apdomāšu, ko es darīšu.
Epi Akaz bay Ouri lòd sa a: —Se sou gwo lotèl mwen an pou ou fè ofrann bèt yo boule nèt chak maten an ansanm ak ofrann grenn jaden chak aswè a. Se sou li pou ou fè ofrann bèt pou boule nèt ak ofrann grenn jaden pou wa a ak pou tout pèp la. Se sou li w'a ofri san bèt y'a touye yo ak diven ofrann yo. Se sou li w'a vide san tout bèt yo ofri pou boule nèt ak bèt y'a ofri bay Bondye. Pou lotèl an kwiv la menm, kite sa sou kont mwen.
16 Un priesteris Ūrija darīja, kā ķēniņš Ahazs bija pavēlējis.
Ozyas, prèt la, fè tou sa wa Akaz te ba li lòd fè.
17 Un ķēniņš Ahazs nolauzīja tos sānu galdus no tiem krēsliem un noņēma no viņu virsas tos katlus un nocēla to jūru no tiem vara vēršiem, kas apakš tās bija, un to lika uz akmeņu grīdu.
Apre sa, wa Akaz fè demoute kabwa an kwiv yo. Li fè wete gwo basin an kwiv ki te chita sou bèf yo, li fè mete l' sou yon pave wòch.
18 Viņš arī pārgrozīja pie Tā Kunga nama tās svētās dienas lieveni, ko tie pie tā nama bija taisījuši, un ķēniņa vārtus no āra puses, Asīrijas ķēniņa labad.
Lèfini, pou l' te fè wa peyi Lasiri a plezi, li wete platfòm yo te bati anndan Tanp lan pou jou repo a. Li fè fèmen pòt deyò a kote wa a te konn pase pou antre nan Tanp lan.
19 Un kas vēl par Ahazu stāstāms, ko viņš darījis, tas ir rakstīts Jūda ķēniņu laiku grāmatā.
Tout rès istwa wa Akaz la, tou sa li te fè, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.
20 Un Ahazs aizmiga saviem tēviem pakaļ, un tapa aprakts pie saviem tēviem Dāvida pili, un Hizkija, viņa dēls, palika par ķēniņu viņa vietā.
Lè wa Akaz mouri, yo antere l' menm kote ak zansèt li yo nan Lavil David. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.