< Psalmorum 77 >
1 in finem pro Idithun psalmus Asaph voce mea ad Dominum clamavi voce mea ad Deum et intendit me
Pou direktè koral la: pou Jeduthun. Yon Sòm Asaph Vwa m leve vè Bondye! Mwen kriye pou sekou. Vwa m leve vè Bondye pou L tande mwen.
2 in die tribulationis meae Deum exquisivi manibus meis nocte contra eum et non sum deceptus rennuit consolari anima mea
Nan jou gwo twoub mwen an, mwen te chache SENYÈ a. Nan nwit, mwen te lonje men m san poze. Nanm mwen te refize rekonfòte.
3 memor fui Dei et delectatus sum exercitatus sum et defecit spiritus meus diapsalma
Lè mwen sonje Bondye, alò, lespri m twouble. Mwen fè soupi; lespri m febli nèt.
4 anticipaverunt vigilias oculi mei turbatus sum et non sum locutus
Ou te kenbe zye mwen yo louvri. Mwen tèlman twouble ke m pa kab pale.
5 cogitavi dies antiquos et annos aeternos in mente habui
Mwen te reflechi sou jou lansyen yo, ane lontan yo.
6 et meditatus sum nocte cum corde meo exercitabar et scobebam spiritum meum
Chanson mwen, mwen va sonje pandan lannwit. Mwen reflechi tout tan nan kè mwen. Lespri m reflechi jis rive nan fon kè m:
7 numquid in aeternum proiciet Deus et non adponet ut conplacitior sit adhuc
“Èske Senyè a va rejte nou pou tout tan? Èske Li p ap janm kite favè Li vini sou nou ankò?
8 aut in finem misericordiam suam abscidet a generatione in generationem
Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan? Èske pwomès Li yo fini nèt?
9 aut obliviscetur misereri Deus aut continebit in ira sua misericordias suas diapsalma
Èske Bondye te bliye gras Li, Oswa nan kòlè Li, èske Li te retire mizerikòd Li a?” Tan
10 et dixi nunc coepi haec mutatio dexterae Excelsi
Epi mwen te di: “Se chagren mwen ki fè m panse men dwat a Wo Pwisan an vin chanje.”
11 memor fui operum Domini quia memor ero ab initio mirabilium tuorum
Mwen va sonje zèv SENYÈ yo. Anverite, Mwen va sonje mèvèy Ou yo nan tan ansyen yo.
12 et meditabor in omnibus operibus tuis et in adinventionibus tuis exercebor
Mwen va reflechi tout tan sou tout zèv Ou yo, pou m sonje nan kè m tout sa Ou te fè.
13 Deus in sancto via tua quis deus magnus sicut Deus noster
Chemen Ou a, O Bondye, se apa. Ki dye ki gran tankou Bondye pa nou an?
14 tu es Deus qui facis mirabilia notam fecisti in populis virtutem tuam
Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy. Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.
15 redemisti in brachio tuo populum tuum filios Iacob et Ioseph diapsalma
Avèk pwòp pouvwa Ou, Ou te rachte pèp Ou a, fis a Jacob yo avèk Joseph. Tan
16 viderunt te aquae Deus viderunt te aquae et timuerunt et turbatae sunt abyssi
Dlo yo te wè Ou, O Bondye. Dlo yo te wè Ou. Yo te nan gran doulè. Anplis, fon yo te boulvèse.
17 multitudo sonitus aquarum vocem dederunt nubes etenim sagittae tuae transeunt
Nwaj yo te vide gwo dlo. Syèl yo te bay gwo kout loray. Flèch Ou yo te lime pa isit e pa lòtbò.
18 vox tonitrui tui in rota inluxerunt coruscationes tuae orbi terrae commota est et contremuit terra
Bwi tonnè a eklate nan toubiyon an. Loray yo te klere tout tè a. Mond lan te tranble. Li te souke.
19 in mari via tua et semitae tuae in aquis multis et vestigia tua non cognoscentur
Chemen Ou an te nan lanmè a, e vwa Ou nan dlo pwisan yo. Kote Ou mache p ap kab dekouvri menm.
20 deduxisti sicut oves populum tuum in manu Mosi et Aaron
Ou te dirije pèp Ou a tankou yon bann, pa men Moïse avèk Aaron.