< Psalmorum 58 >

1 in finem ne disperdas David in tituli inscriptione si vere utique iustitiam loquimini recta iudicate filii hominum
Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou lè chante ki di: Pa detwi. Se yon chante David. Nou menm ki reprezante Bondye, èske nou rann jistis la tout bon vre? Nou menm lèzòm, èske nou jije san patipri?
2 etenim in corde iniquitates operamini in terra iniustitiam manus vestrae concinnant
Non! Okontrè! Se move lide ase ki nan kè nou. N'ap plede fè mechanste nan tout peyi a.
3 alienati sunt peccatores a vulva erraverunt ab utero locuti sunt falsa
Malveyan yo pèvèti depi nan vant manman yo. Moun k'ap bay manti yo gen madichon depi yo fèt.
4 furor illis secundum similitudinem serpentis sicut aspidis surdae et obturantis aures suas
Yo gen yon pwazon nan bouch yo, tankou pwazon sèpan. Yo pa pran priyè, yo tankou sèpan aspik,
5 quae non exaudiet vocem incantantium et venefici incantantis sapienter
ki fèmen zòrèy yo pou yo pa tande vwa moun k'ap chante pou fè yo dòmi, menm lè moun yo gen bèl bèl vwa.
6 Deus conteret dentes eorum in ore ipsorum molas leonum confringet Dominus
Bondye, tanpri, kase dan nan bouch yo! Kase kwòk dan jenn lyon yo, Seyè!
7 ad nihilum devenient tamquam aqua decurrens intendit arcum suum donec infirmentur
Se pou yo disparèt tankou dlo lavalas k'ap koule desann. Se pou moun kraze yo anba pye tankou zèb sou granchemen.
8 sicut cera quae fluit auferentur supercecidit ignis et non viderunt solem
Se pou yo fonn tankou mantèg nan solèy. Se pou yo pa janm wè solèy tankou tibebe ki fèt tou mouri.
9 priusquam intellegerent spinae vestrae ramnum sicut viventes sicut in ira absorbet vos
Anvan menm yo konnen sa k'ap rive yo, se pou yo boule tankou raje. Bondye ap fè kòlè, l'ap rache yo pandan yo tou vivan.
10 laetabitur iustus cum viderit vindictam manus suas lavabit in sanguine peccatoris
Moun ki mache dwat devan Bondye gen pou yo kontan lè yo wè jan yo pini mechan yo. Y'a lave pye yo nan san mechan yo.
11 et dicet homo si utique est fructus iusto utique est Deus iudicans eos in terra
Lè sa a, moun va di: -Wi, sa vo lapenn pou moun mache dwat devan Bondye. Wi, gen yon Bondye k'ap jije moun sou latè.

< Psalmorum 58 >