< Psalmorum 120 >

1 canticum graduum ad Dominum cum tribularer clamavi et exaudivit me
Yon chanson pou monte vè tanp lan Nan gran twoub mwen an, mwen te kriye a SENYÈ a. Li te reponn mwen.
2 Domine libera animam meam a labiis iniquis a lingua dolosa
Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon, de lang ki plen manti yo.
3 quid detur tibi et quid adponatur tibi ad linguam dolosam
Kisa pou W ta resevwa, e kisa pou m ta fè ou, O lang mansonjè?
4 sagittae potentis acutae cum carbonibus desolatoriis
Flèch pwent file a gèrye yo, avèk chabon pye gayak tou limen.
5 heu mihi quia incolatus meus prolongatus est habitavi cum habitationibus Cedar
Malè a mwen, paske mwen demere nan tant a Méschec, Paske mwen rete pami tant a Kédar yo!
6 multum incola fuit anima mea
Nanm mwen gen demè li avèk (sila) ki rayi lapè yo pandan twòp tan.
7 cum his qui oderant pacem eram pacificus cum loquebar illis inpugnabant me gratis
Mwen vle lapè, men lè m pale, se lagè yo pito.

< Psalmorum 120 >