< Iohannis I 5 >
1 omnis qui credit quoniam Iesus est Christus ex Deo natus est et omnis qui diligit eum qui genuit diligit eum qui natus est ex eo
Nenpòt ki kwè ke Jésus se Kris la, se ne a Bondye. Nenpòt ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li.
2 in hoc cognoscimus quoniam diligimus natos Dei cum Deum diligamus et mandata eius faciamus
Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo.
3 haec est enim caritas Dei ut mandata eius custodiamus et mandata eius gravia non sunt
Paske se sa ki lamou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
4 quoniam omne quod natum est ex Deo vincit mundum et haec est victoria quae vincit mundum fides nostra
Paske nenpòt ki ne de Bondye ap venk lemonn an. Men viktwa ki venk lemonn an—-lafwa nou.
5 quis est qui vincit mundum nisi qui credit quoniam Iesus est Filius Dei
Kilès sila ki venk lemonn an, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?
6 hic est qui venit per aquam et sanguinem Iesus Christus non in aqua solum sed in aqua et sanguine et Spiritus est qui testificatur quoniam Christus est veritas
Se Sila ki vini pa dlo ak san, Jésus Kri; pa sèlman avèk dlo, men avèk dlo ak san. Se Lespri ki pote temwen an, akoz se Lespri a ki verite.
7 quia tres sunt qui testimonium dant
Paske gen twa ki bay temwen;
8 Spiritus et aqua et sanguis et tres unum sunt
Lespri a, dlo a, ak san an; epi tout nan twa sa yo se an akò kon youn sèl.
9 si testimonium hominum accipimus testimonium Dei maius est quoniam hoc est testimonium Dei quod maius est quia testificatus est de Filio suo
Si nou resevwa temwen lan a lòm, temwen Bondye a pi gran. Paske temwen Bondye a se sa; ke Li te pote temwen konsènan Fis Li.
10 qui credit in Filio Dei habet testimonium Dei in se qui non credit Filio mendacem facit eum quoniam non credidit in testimonio quod testificatus est Deus de Filio suo
Sila ki kwè nan Fis a Lòm nan gen temwen nan li menm. Men sila ki pa kwè Bondye te fè L yon mantè, akoz ke li pa kwè nan temwen ke Bondye pote konsènan Fis Li.
11 et hoc est testimonium quoniam vitam aeternam dedit nobis Deus et haec vita in Filio eius est (aiōnios )
Temwen a se sa: ke Bondye te bay nou lavi etènèl a, epi lavi sila se nan Fis Li. (aiōnios )
12 qui habet Filium habet vitam qui non habet Filium Dei vitam non habet
Li ki gen Fis la, gen lavi. Li ki pa gen Fis a Bondye a pa gen lavi.
13 haec scripsi vobis ut sciatis quoniam vitam habetis aeternam qui creditis in nomine Filii Dei (aiōnios )
Bagay sa yo mwen ekri a nou ki kwè nan non a Fis Bondye a, pou nou kapab konnen ke nou gen lavi etènèl, e ke nou kapab kontinye kwè nan Fis Bondye a. (aiōnios )
14 et haec est fiducia quam habemus ad eum quia quodcumque petierimus secundum voluntatem eius audit nos
Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou.
15 et scimus quoniam audit nos quicquid petierimus scimus quoniam habemus petitiones quas postulavimus ab eo
Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li.
16 qui scit fratrem suum peccare peccatum non ad mortem petet et dabit ei vitam peccantibus non ad mortem est peccatum ad mortem non pro illo dico ut roget
Si nenpòt wè frè l ap fè yon peche ki pa mennen a lanmò li va mande, epi Bondye va pou li menm, bay lavi a sa yo ki fè peche ki pa mennen a lanmò. Genyen yon peche ki mennen a lanmò. Mwen pa di ke li dwe fè demann pou sila.
17 omnis iniquitas peccatum est et est peccatum non ad mortem
Tout inikite se peche, epi gen peche ki pa mennen a lanmò.
18 scimus quoniam omnis qui natus est ex Deo non peccat sed generatio Dei conservat eum et malignus non tangit eum
Nou konnen ke okenn ki ne a Bondye fè peche; men Li ki te ne de Bondye a kenbe li menm, epi mechan an p ap touche li.
19 scimus quoniam ex Deo sumus et mundus totus in maligno positus est
Nou konnen ke nou menm se a Bondye, epi tout lemonn an rete nan pwisans a mechan an.
20 et scimus quoniam Filius Dei venit et dedit nobis sensum ut cognoscamus verum Deum et simus in vero Filio eius hic est verus Deus et vita aeterna (aiōnios )
Nou konnen ke Fis Bondye a gen tan vini, e te bay nou konprann pou nou ta kapab konnen Li ki se vrè. Konsa, nou nan Li ki se vrè, nan Fis Li, Jésus Kri. Sa se vrè Bondye a epi lavi etènèl la. (aiōnios )
21 filioli custodite vos a simulacris
Ti moun yo, veye nou kont zidòl yo.