< Psalmorum 12 >
1 Psalmus David in finem, pro octava. Salvum me fac Domine, quoniam defecit sanctus: quoniam diminutae sunt veritates a filiis hominum.
Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd Yon sòm David. Sekou, SENYÈ, paske moun ladwati yo sispann egziste, Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
2 Vana locuti sunt unusquisque ad proximum suum: labia dolosa, in corde et corde locuti sunt.
Yo pale sa ki fo a youn lòt. Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
3 Disperdat Dominus universa labia dolosa, et linguam magniloquam.
Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo, ak lang ki pale gwo bagay yo;
4 Qui dixerunt: Linguam nostram magnificabimus, labia nostra a nobis sunt, quis noster Dominus est?
ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi. Lèv nou se pou nou. Se kilès ki kab mèt sou nou?”
5 Propter miseriam inopum, et gemitum pauperum nunc exurgam, dicit Dominus. Ponam in salutari: fiducialiter agam in eo.
“Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo, koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a; “Mwen va mete li ansekirite de (sila) ki maltrete l la.”
6 Eloquia Domini, eloquia casta: argentum igne examinatum, probatum terrae purgatum septuplum.
Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach; tankou ajan ki teste nan founo, rafine nan tè sèt fwa.
7 Tu Domine servabis nos: et custodies nos a generatione hac in aeternum.
Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo. Ou va prezève yo soti nan jenerasyon (sila) a jis pou tout tan.
8 In circuitu impii ambulant: secundum altitudinem tuam multiplicasti filios hominum.
Mechan yo pwomennen toupatou tout kote lè bagay ki lèd vin leve wo pami fis a lòm yo.