< Mattheum 26 >
1 Et factum est: cum consummasset Iesus sermones hos omnes, dixit discipulis suis:
Lè Jezi fin di tout pawòl sa yo, li di disip li yo:
2 Scitis quia post biduum Pascha fiet, et Filius hominis tradetur ut crucifigatur.
Nou konnen, nan de jou jwif yo pral fete fèt Delivrans lan. Yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men moun ki pou kloure l' sou kwa a.
3 Tunc congregati sunt principes sacerdotum, et seniores populi in atrium principis sacerdotum, qui dicebatur Caiphas:
Lè sa a, chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo ki t'ap dirije pèp la reyini nan palè granprèt yo te rele Kayif la.
4 et consilium fecerunt ut Iesum dolo tenerent, et occiderent.
Mesye yo mete tèt yo ansanm pou fè plan pou yo te ka arete Jezi pou yo fè touye li.
5 Dicebant autem: Non in die festo, ne forte tumultus fieret in populo.
Yonn t'ap di lòt: Nou pa kapab arete l' pandan fèt la pou sa pa eksite pèp la fè dezòd.
6 Cum autem Iesus esset in Bethania in domo Simonis leprosi,
Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la,
7 accessit ad eum mulier habens alabastrum unguenti pretiosi, et effudit super caput ipsius recumbentis.
yon fanm pwoche kote li. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat plen ak yon odè ki te koute byen chè. Pandan Jezi te chita bò tab la, fanm lan vide tout odè a sou tèt li.
8 Videntes autem discipuli, indignati sunt dicentes: Ut quid perditio haec?
Lè disip yo wè sa, yo pa t' kontan menm. Yo di: Pouki tout gaspiyaj sa a?
9 potuit enim istud venundari multo, et dari pauperibus.
Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an.
10 Sciens autem Iesus, ait illis: Quid molesti estis huic mulieri? opus enim bonum operata est in me.
Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen.
11 nam semper pauperes habebitis vobiscum: me autem non semper habebitis.
Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' pou tout tan.
12 Mittens enim haec unguentum hoc in corpus meum: ad sepeliendum me fecit.
Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m' pou lantèman mwen.
13 Amen dico vobis, ubicumque praedicatum fuerit hoc evangelium in toto mundo, dicetur et quod haec fecit in memoriam eius.
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bon nouvèl sa a, y'a rakonte tou sa fanm sa a te fè pou yo pa janm bliye li.
14 Tunc abiit unus de duodecim, qui dicebatur Iudas Iscariotes, ad principes sacerdotum:
Lè sa a, yonn nan douz disip yo, nonm yo rele Jida Iskariòt la, al jwenn chèf prèt yo.
15 et ait illis: Quid vultis mihi dare, et ego vobis eum tradam? At illi constituerunt ei triginta argenteos.
Li di yo: Kisa n'a ban mwen si m' fè nou pran Jezi? Yo konte trant pyès lajan ba li.
16 Et exinde quaerebat opportunitatem ut eum traderet.
Depi lè sa a, Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te ba yo Jezi.
17 Prima autem die Azymorum accesserunt discipuli ad Iesum, dicentes: Ubi vis paremus tibi comedere Pascha?
Premye jou fèt pen san ledven yo, disip yo pwoche bò kote Jezi, yo di li: Ki bò ou ta vle nou pare manje Delivrans lan pou ou?
18 At Iesus dixit: Ite in civitatem ad quendam, et dicite ei: Magister dicit: Tempus meum prope est, apud te facio Pascha cum discipulis meis.
Li reponn yo: Ale lavil la, kay entèl. n'a di l' konsa: Mèt la voye di ou: Lè pa l' la rive, se lakay ou l'ap fete Delivrans lan ansanm ak disip li yo.
19 Et fecerunt discipuli sicut constituit illis Iesus, et paraverunt Pascha.
Disip yo fè sa Jezi te bay yo lòd fè a, yo pare manje Delivrans lan.
20 Vespere autem facto, discumbebat cum duodecim discipulis suis.
Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo.
21 Et edentibus illis, dixit: Amen dico vobis, quia unus vestrum me traditurus est.
Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen.
22 Et contristati valde, coeperunt singuli dicere: Numquid ego sum Domine?
Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: Eske se mwen menm, Mèt?
23 At ipse respondens, ait: Qui intingit mecum manum in paropside, hic me tradet.
Li reponn yo: Moun ki tranpe pen l' ansanm avè m' nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen.
24 Filius quidem hominis vadit, sicut scriptum est de illo: vae autem homini illi, per quem Filius hominis tradetur: bonum erat ei, si natus non fuisset homo ille.
Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt.
25 Respondens autem Iudas, qui tradidit eum, dixit: Numquid ego sum Rabbi? Ait illi: Tu dixisti.
Jida ki tapral trayi l' la pran lapawòl, li di: Mèt, èske se mwen menm? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
26 Coenantibus autem eis, accepit Iesus panem, et benedixit, ac fregit, deditque discipulis suis, et ait: Accipite, et comedite: hoc est corpus meum.
Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', li bay disip yo, li di: Pran, manje. Sa se kò mwen.
27 Et accipiens calicem gratias egit: et dedit illis, dicens: Bibite ex hoc omnes.
Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l' ba yo, li di: Se pou nou tout nou bwè ladan li.
28 Hic est enim sanguis meus novi testamenti, qui pro multis effundetur in remissionem peccatorum.
Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo.
29 Dico autem vobis: non bibam amodo de hoc genimine vitis usque in diem illum, cum illud bibam vobiscum novum in regno Patris mei.
M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m' wa a.
30 Et hymno dicto, exierunt in Montem oliveti.
Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo soti, y ale sou mòn Oliv la.
31 Tunc dicit illis Iesus: Omnes vos scandalum patiemini in me, in ista nocte. Scriptum est enim: Percutiam pastorem, et dispergentur oves gregis.
Lè sa a, Jezi di disip li yo: Aswè a menm, nou tout nou pral kouri kite m' pou kont mwen. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa.
32 Postquam autem resurrexero, praecedam vos in Galilaeam.
Men, apre sa, lè m'a leve soti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile.
33 Respondens autem Petrus, ait illi: Et si omnes scandalizati fuerint in te, ego numquam scandalizabor.
Pyè pran lapawòl, li di li: Menm si tout moun ta kouri kite ou pou kont ou, mwen menm, mwen p'ap janm kite ou.
34 Ait illi Iesus: Amen dico tibi, quia in hac nocte, antequam gallus cantet, ter me negabis.
Jezi di li: Sa m'ap di ou la a, se vre wi: aswè a menm, anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.
35 Ait illi Petrus: Etiamsi oportuerit me mori tecum, non te negabo. Similiter et omnes discipuli dixerunt.
Pyè reponn li: Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di mwen pa konnen ou. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
36 Tunc venit Iesus cum illis in villam, quae dicitur Gethsemani, et dixit discipulis suis: Sedete hic donec vadam illuc, et orem.
Apre sa, Jezi ale ak disip yo yon kote yo rele Jetsemane. Li di yo: Chita la. Mwen menm, mwen pral lapriyè pi lwen.
37 Et assumpto Petro, et duobus filiis Zebedaei, coepit contristari et moestus esse.
Li pran Pyè ansanm ak de pitit Zebede yo avèk li. Lè sa a, li santi yon lapenn ak yon kè sere ki pran li.
38 Tunc ait illis: Tristis est anima mea usque ad mortem: sustinete hic, et vigilate mecum.
Li di yo: Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri m'ap mouri. Rete la avèk mwen, pa kite dòmi pran nou.
39 Et progressus pusillum, procidit in faciem suam, orans, et dicens: Pater mi, si possibile est, transeat a me calix iste. verumtamen non sicut ego volo, sed sicut tu.
li al yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè konsa: O Papa mwen. Si sa te ka fèt, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, se sa ou vle a ki pou fèt, pa sa mwen vle a.
40 Et venit ad discipulos suos, et invenit eos dormientes, et dicit Petro: Sic non potuistis una hora vigilare mecum.
Jezi tounen bò kote twa disip yo, li jwenn yo ap dòmi. Li di Pyè konsa: Kouman? Nou pa t' kapab rete je klè yon ti kadè avèk mwen!
41 Vigilate, et orate ut non intretis in tentationem. Spiritus quidem promptus est, caro autem infirma.
Pa kite dòmi pran nou, tande. Lapriyè pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men kò nou fèb.
42 Iterum secundo abiit, et oravit, dicens: Pater mi, si non potest hic calix transire nisi bibam illum, fiat voluntas tua.
Li kite yo, li ale yon dezyèm fwa. Li lapriyè konsa: O Papa m', si se pou m' bwè gode soufrans sa a anvan pou ou wete l' devan je m', ou mèt fè l' jan ou vle a.
43 Et venit iterum, et invenit eos dormientes: erant enim oculi eorum gravati.
Li tounen, li jwenn disip yo ap dòmi ankò, paske dòmi t'ap kale yo.
44 Et relictis illis, iterum abiit, et oravit tertio, eumdem sermonem dicens.
Li kite yo, li ale, li lapriyè yon twazyèm fwa. Li t'ap repete menm pawòl yo.
45 Tunc venit ad discipulos suos, et dicit illis: Dormite iam, et requiescite: ecce appropinquavit hora, et Filius hominis tradetur in manus peccatorum.
Apre sa, li tounen bò kote disip li yo, li di: N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou? Epi gade, men lè a rive, yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men mechan yo.
46 Surgite eamus: ecce appropinquavit qui me tradet.
Leve non, ann ale. Men moun k'ap trayi m' lan ap vini.
47 Adhuc eo loquente, ecce Iudas unus de duodecim venit, et cum eo turba multa cum gladiis, et fustibus, missi a principibus sacerdotum, et senioribus populi.
Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen avèk li yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li. Se chèf prèt yo ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la ki te voye yo avèk li.
48 Qui autem tradidit eum, dedit illis signum, dicens: Quemcumque osculatus fuero, ipse est, tenete eum.
Nonm ki t'ap trayi Jezi a te ba yo yon siyal. Li te di yo: Moun n'a wè mwen bo a, se li menm n'ap chache a. Mete men sou li.
49 Et confestim accedens ad Iesum, dixit: Ave Rabbi. Et osculatus est eum.
Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: Bonswa, Mèt. Epi l' bo Jezi.
50 Dixitque illi Iesus: Amice, ad quid venisti? Tunc accesserunt, et manus iniecerunt in Iesum, et tenuerunt eum.
Jezi di li: Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li. Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li.
51 Et ecce unus ex his, qui erant cum Iesu, extendens manum, exemit gladium suum, et percutiens servum principis sacerdotum amputavit auriculam eius.
Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l', li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li.
52 Tunc ait illi Iesus: Converte gladium tuum in locum suum. omnes enim, qui acceperint gladium, gladio peribunt.
Jezi di l' konsa: Mete nepe ou nan fouwo l'; paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou.
53 An putas, quia non possum rogare patrem meum, et exhibebit mihi modo plusquam duodecim legiones angelorum?
Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m' vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen.
54 Quomodo ergo implebuntur Scripturae, quia sic oportet fieri?
Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase.
55 In illa hora dixit Iesus turbis: Tamquam ad latronem existis cum gladiis, et fustibus comprehendere me: quotidie apud vos sedebam docens in templo, et non me tenuistis.
Apre sa, Jezi di foul moun yo: Nou vin dèyè m' ak nepe ak baton tankou si m' te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pa t' janm arete mwen.
56 Hoc autem totum factum est, ut adimplerentur Scripturae prophetarum. Tunc discipuli omnes, relicto eo, fugerunt.
Men, tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre. Lè sa a, tout disip yo kite l', yo pran kouri.
57 At illi tenentes Iesum, duxerunt ad Caipham principem sacerdotum, ubi Scribae et seniores convenerant.
Moun ki te arete Jezi yo mennen l' kay Kayif, granprèt la. Se la tout dirèktè lalwa yo ansanm ak chèf fanmi yo te reyini.
58 Petrus autem sequebatur eum a longe, usque in atrium principis sacerdotum. Et ingressus intro, sedebat cum ministris, ut videret finem.
Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen, jouk yo rive nan lakou kay granprèt la. Li antre nan lakou a tou, li chita ak gad yo pou l' wè kouman sa t'apral fini.
59 Principes autem sacerdotum, et omne concilium quaerebant falsum testimonium contra Iesum, ut eum morti traderent:
Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi, pou yo te ka kondannen l' amò.
60 et non invenerunt, cum multi falsi testes accessissent. Novissime autem venerunt duo falsi testes,
Men, yo pa t' kapab jwenn anyen malgre anpil moun te vin fè anpil manti sou li.
61 et dixerunt: Hic dixit: Possum destruere templum Dei, et post triduum reaedificare illud.
Bout pou bout, de moun parèt. Yo di: Nonm sa a di: Mwen kapab kraze tanp Bondye a, epi nan twa jou m'a rebati l' ban nou.
62 Et surgens princeps sacerdotum, ait illi: Nihil respondes ad ea, quae isti adversum te testificantur?
Granprèt la leve, li di Jezi: Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?
63 Iesus autem tacebat. Et princeps sacerdotum ait illi: Adiuro te per Deum vivum, ut dicas nobis si tu es Christus filius Dei.
Jezi pa louvri bouch li. Granprèt la di l' ankò: Nan non Bondye vivan an, m'ap mande ou pou di nou verite a: Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye a?
64 Dicit illi Iesus: Tu dixisti. verumtamen dico vobis, amodo videbitis filium hominis sedentem a dextris virtutis Dei, et venientem in nubibus caeli.
Jezi reponn li: Se ou ki di li. Men, m'ap di nou sa, depi jòdi a n'a wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' ap vini sou nwaj yo nan syèl la.
65 Tunc princeps sacerdotum scidit vestimenta sua, dicens: Blasphemavit: quid adhuc egemus testibus? ecce nunc audistis blasphemiam:
Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: L'ap pale mal sou Bondye. Sa nou bezwen lòt temwen fè: Nou fèk tande ak zòrèy nou jan l' pale mal sou Bondye.
66 quid vobis videtur? At illi respondentes dixerunt: Reus est mortis.
Kisa nou di nan sa? Yo reponn: Li antò, se pou yo touye li.
67 Tunc expuerunt in faciem eius, et colaphis eum ceciderunt, alii autem palmas in faciem eius dederunt,
Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt.
68 dicentes: Prophetiza nobis Christe, quis est qui te percussit?
Yo di li: Kris, si ou konnen, di nou non! Di nou ki moun k'ap frape ou konsa.
69 Petrus vero sedebat foris in atrio: et accessit ad eum una ancilla, dicens: Et tu cum Iesu Galilaeo eras.
Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l', li di li konsa: Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a.
70 At ille negavit coram omnibus, dicens: Nescio quid dicis.
Men, Pyè demanti l' devan tout moun, li di: Mwen pa konnen sa w'ap di la a.
71 Exeunte autem illo ianuam, vidit eum alia ancilla, et ait his, qui erant ibi: Et hic erat cum Iesu Nazareno.
Apre sa, Pyè leve, li ale bò pòtay lakou a. La, yon lòt sèvant wè li. Li di moun ki te la yo: Nonm sa a te avèk Jezi, nonm Nazarèt la.
72 Et iterum negavit cum iuramento: Quia non novi hominem.
Pyè demanti l' tou, li di: M'ap fè sèman, mwen pa konnen nonm sa a.
73 Et post pusillum accesserunt qui stabant, et dixerunt Petro: Vere et tu ex illis es: nam et loquela tua manifestum te facit.
Yon ti kadè apre, moun ki te la yo pwoche, yo di Pyè konsa: Se vre wi, monchè. Ou fè pati moun sa yo tou. Jan ou pale a fè nou rekonèt ou.
74 Tunc coepit detestari, et iurare quia non novisset hominem. Et continuo gallus cantavit.
Lè sa a, Pyè pran fè sèman, li di yo: Mwen mande Bondye pou nenpòt bagay rive m' si m' manti: Mwen di nou non, mwen pa konnen nonm sa a. Menm lè a, kòk chante.
75 Et recordatus est Petrus verbi Iesu, quod dixerat: Prius quam gallus cantet, ter me negabis. Et egressus foras, flevit amare.
Latou, Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l' la: Anvan kòk chante, ou va gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Pyè soti, li tonbe kriye jouk li pa t' kapab ankò.