< Lucam 18 >
1 Dicebat autem et parabolam ad illos, quoniam oportet semper orare et non deficere,
Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te dwe priye, e pa dekouraje.
2 dicens: Judex quidam erat in quadam civitate, qui Deum non timebat, et hominem non reverebatur.
Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa trespekte moun.
3 Vidua autem quædam erat in civitate illa, et veniebat ad eum, dicens: Vindica me de adversario meo.
“Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’
4 Et nolebat per multum tempus. Post hæc autem dixit intra se: Etsi Deum non timeo, nec hominem revereor:
“Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, nirespekte moun,
5 tamen quia molesta est mihi hæc vidua, vindicabo illam, ne in novissimo veniens sugillet me.
menakoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’”
6 Ait autem Dominus: Audite quid judex iniquitatis dicit:
Epi Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di.
7 Deus autem non faciet vindictam electorum suorum clamantium ad se die ac nocte, et patientiam habebit in illis?
Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?
8 Dico vobis quia cito faciet vindictam illorum. Verumtamen Filius hominis veniens, putas, inveniet fidem in terra?
“Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”
9 Dixit autem et ad quosdam qui in se confidebant tamquam justi, et aspernabantur ceteros, parabolam istam:
Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba.
10 Duo homines ascenderunt in templum ut orarent: unus pharisæus et alter publicanus.
“De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 Pharisæus stans, hæc apud se orabat: Deus, gratias ago tibi, quia non sum sicut ceteri hominum: raptores, injusti, adulteri, velut etiam hic publicanus:
“Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a.
12 jejuno bis in sabbato, decimas do omnium quæ possideo.
Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’
13 Et publicanus a longe stans, nolebat nec oculos ad cælum levare: sed percutiebat pectus suum, dicens: Deus propitius esto mihi peccatori.
Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 Dico vobis, descendit hic justificatus in domum suam ab illo: quia omnis qui se exaltat, humiliabitur, et qui se humiliat, exaltabitur.
“Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
15 Afferebant autem ad illum et infantes, ut eos tangeret. Quod cum viderent discipuli, increpabant illos.
Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.
16 Jesus autem convocans illos, dixit: Sinite pueros venire ad me, et nolite vetare eos: talium est enim regnum Dei.
Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.
17 Amen dico vobis, quicumque non acceperit regnum Dei sicut puer, non intrabit in illud.
“Anverite, Mwen di nou: ‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’”
18 Et interrogavit eum quidam princeps, dicens: Magister bone, quid faciens vitam æternam possidebo? (aiōnios )
Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?” (aiōnios )
19 Dixit autem ei Jesus: Quid me dicis bonum? nemo bonus nisi solus Deus.
Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl.
20 Mandata nosti: non occides; non mœchaberis; non furtum facies; non falsum testimonium dices; honora patrem tuum et matrem.
Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”
21 Qui ait: Hæc omnia custodivi a juventute mea.
Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.
22 Quo audito, Jesus ait ei: Adhuc unum tibi deest: omnia quæcumque habes vende, et da pauperibus, et habebis thesaurum in cælo: et veni, sequere me.
Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou. Vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”
23 His ille auditis, contristatus est: quia dives erat valde.
Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris, paske li te gen anpil richès.
24 Videns autem Jesus illum tristem factum, dixit: Quam difficile, qui pecunias habent, in regnum Dei intrabunt!
Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: “Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a!
25 facilius est enim camelum per foramen acus transire quam divitem intrare in regnum Dei.
Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”
26 Et dixerunt qui audiebant: Et quis potest salvus fieri?
Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”
27 Ait illis: Quæ impossibilia sunt apud homines, possibilia sunt apud Deum.
Men Li te di: “Bagay ki pa posib avèk lòm posib avèk Bondye.”
28 Ait autem Petrus: Ecce nos dimisimus omnia et secuti sumus te.
Konsa, Pierre te di: “Gade byen, nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”
29 Qui dixit eis: Amen dico vobis, nemo est qui reliquit domum, aut parentes, aut fratres, aut uxorem, aut filios propter regnum Dei,
Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la,
30 et non recipiat multo plura in hoc tempore, et in sæculo venturo vitam æternam. (aiōn , aiōnios )
ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e nan laj k ap vini an, lavi etènèl.” (aiōn , aiōnios )
31 Assumpsit autem Jesus duodecim, et ait illis: Ecce ascendimus Jerosolymam, et consummabuntur omnia quæ scripta sunt per prophetas de Filio hominis:
Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve.
32 tradetur enim gentibus, et illudetur, et flagellabitur, et conspuetur:
Paske Li va livre a etranje yo, e li va moke, maltrete, e y ap krache sou Li.
33 et postquam flagellaverint, occident eum, et tertia die resurget.
Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”
34 Et ipsi nihil horum intellexerunt, et erat verbum istud absconditum ab eis, et non intelligebant quæ dicebantur.
Men disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.
35 Factum est autem, cum appropinquaret Jericho, cæcus quidam sedebat secus viam, mendicans.
Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.
36 Et cum audiret turbam prætereuntem, interrogabat quid hoc esset.
Alò, li te tande foul la ki t ap pase, e te kòmanse mande kisa sa te ye.
37 Dixerunt autem ei quod Jesus Nazarenus transiret.
Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.
38 Et clamavit, dicens: Jesu, fili David, miserere mei.
Konsa, li te kòmanse rele fò, e te di: “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”
39 Et qui præibant, increpabant eum ut taceret. Ipse vero multo magis clamabat: Fili David, miserere mei.
Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, “Jésus, Fis a David la, Fè m gras!”
40 Stans autem Jesus jussit illum adduci ad se. Et cum appropinquasset, interrogavit illum,
Jésus te kanpe, e te bay lòd pou yo voye l kote Li. Lè l te vin toupre, Li te kesyone l:
41 dicens: Quid tibi vis faciam? At ille dixit: Domine, ut videam.
“Kisa ou vle M fè pou ou?” Epi Li te di: “Senyè, mwen vle vin wè ankò.”
42 Et Jesus dixit illi: Respice, fides tua te salvum fecit.
Jésus te di li: “Resevwa vizyon ou; lafwa ou fè ou geri.”
43 Et confestim vidit, et sequebatur illum magnificans Deum. Et omnis plebs ut vidit, dedit laudem Deo.
Imedyatman, li te vin wè ankò. Konsa, li te kòmanse swiv Li e li t ap bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.