< Canticum Canticorum 7 >
1 Quam pulchri sunt gressus tui in calceamentis, filia principis! Iuncturæ femorum tuorum, sicut monilia, quæ fabricata sunt manu artificis.
A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo! O fi a prens lan! Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vrè atis.
2 Umbilicus tuus crater tornatilis, numquam indigens poculis. Venter tuus sicut acervus tritici, vallatus liliis.
Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele; vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;
3 Duo ubera tua, sicut duo hinnuli gemelli capreæ.
De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp, jimo a yon antilòp.
4 Collum tuum sicut turris eburnea. Oculi tui sicut piscinæ in Hesebon, quæ sunt in porta filiæ multitudinis. Nasus tuus sicut turris Libani, quæ respicit contra Damascum.
Kou ou se yon kou ivwa, zye ou tankou sous dlo nan Hesbon yo akote pòtay a Bath-Rabbim nan. Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la.
5 Caput tuum ut Carmelus: et comæ capitis tui, sicut purpura regis vincta canalibus.
Tèt ou kouwone ou tankou Mòn Carmel e très cheve tèt ou tankou fisèl mov. Wa a kaptire pa très ou yo.
6 Quam pulchra es, et quam decora charissima, in deliciis!
A la ou bèl e a la ou mèvèye, ak tout bèlte ou yo!
7 Statura tua assimilata est palmæ, et ubera tua botris.
Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis e tete ou se grap li yo.
8 Dixi: Ascendam in palmam, et apprehendam fructus eius: et erunt ubera tua sicut botri vineæ: et odor oris tui sicut malorum.
Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan, mwen va kenbe tij fwi li yo.” O ke tete ou yo kapab tankou grap ki pann sou chan rezen nan e bon odè a souf ou tankou pòm,
9 Guttur tuum sicut vinum optimum, dignum dilecto meo ad potandum, labiisque et dentibus illius ad ruminandum.
Epi bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an, e koule dousman nan lèv a sila ki tonbe nan dòmi yo.
10 Ego dilecto meo, et ad me conversio eius.
Mwen pou cheri mwen an e dezi li se pou mwen.
11 Veni dilecte mi, egrediamur in agrum, commoremur in villis.
Vini, cheri mwen an! Annou pati ale nan chan yo e fè lojman nan ti vil yo.
12 Mane surgamus ad vineas, videamus si floruit vinea, si flores fructus parturiunt, si floruerunt mala punica: ibi dabo tibi ubera mea.
Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo; annou gade pou wè si chan rezen an gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri. Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.
13 Mandragoræ dederunt odorem. In portis nostris omnia poma: nova et vetera, dilecte mi, servavi tibi.
Mandragò yo fin bay bèl odè; epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo, ni nèf ni ansyen, ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.