< Psalmorum 5 >

1 In finem pro ea, quæ hereditatem consequitur, Psalmus David. Verba mea auribus percipe Domine, intellige clamorem meum.
Pou chèf sanba yo. Se sou enstriman yo rele fif pou yo jwe mizik la. Se yon sòm David. Koute sa m'ap di ou, Seyè! Tande jan m'ap plenn!
2 Intende voci orationis meæ, Rex meus et Deus meus.
Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Pran ka m', Seyè, lè m'ap rele ou! Se ou menm m'ap lapriyè, Seyè.
3 Quoniam ad te orabo: Domine mane exaudies vocem meam.
Chak maten ou tande vwa m'. Kou solèy leve, mwen mete lapriyè m' devan ou. M'ap tann ou reponn mwen.
4 Mane astabo tibi et videbo: quoniam non Deus volens iniquitatem tu es.
Ou se yon Bondye ki pa pran plezi nan bagay ki mal. Ou pa tolere mechan yo bò kote ou.
5 Neque habitabit iuxta te malignus: neque permanebunt iniusti ante oculos tuos.
Moun k'ap vante tèt yo pa ka kanpe devan ou. Ou pa vle wè moun k'ap fè mechanste.
6 Odisti omnes, qui operantur iniquitatem: perdes omnes, qui loquuntur mendacium. Virum sanguinum et dolosum abominabitur Dominus:
Ou detwi tout moun k'ap bay manti. Ou pa ka sipòte moun k'ap touye moun, ni moun k'ap twonpe moun.
7 ego autem in multitudine misericordiæ tuæ. Introibo in domum tuam: adorabo ad templum sanctum tuum in timore tuo.
Men mwen menm, m'a antre lakay ou, paske ou renmen m' anpil. M'ap lage kò m' nan pye ou, nan kay ki apa pou ou a. M'ap adore ou.
8 Domine deduc me in iustitia tua: propter inimicos meos dirige in conspectu tuo viam meam.
Seyè, mwen gen anpil lènmi k'ap veye m'. Pran men m' pou m' ka fè sa ki dwat devan ou. Fè m' wè chemen ou mete devan m' lan, fè m' wè l' aklè.
9 Quoniam non est in ore eorum veritas: cor eorum vanum est.
Ou pa janm ka kwè moun sa yo. Se dèyè yon sèl bagay yo ye: yo vle fini ak tout moun. Anndan bouch yo, ou ta di yon kavo ki louvri, lang yo menm dous konsa pou flate moun.
10 Sepulchrum patens est guttur eorum, linguis suis dolose agebant, iudica illos Deus. Decidant a cogitationibus suis, secundum multitudinem impietatum eorum expelle eos, quoniam irritaverunt te Domine.
Se mechan yo ye. Kondannen yo, Bondye. Gate tout plan yo te fè. Pou valè peche yo fè, wete yo devan jè ou. paske se kenbe y'ap kenbe tèt ak ou.
11 Et lætentur omnes, qui sperant in te, in æternum exultabunt: et habitabis in eis. Et gloriabuntur in te omnes, qui diligunt nomen tuum,
Men, tout moun ki mete konfyans yo nan ou, fè kè yo kontan. Se pou yo chante san rete tèlman yo kontan. W'ap pwoteje moun ki renmen ou. Ou fè yo chante pou ou tèlman yo kontan.
12 quoniam tu benedices iusto. Domine, ut scuto bonæ voluntatis tuæ coronasti nos.
Paske ou menm Seyè, ou beni moun ki obeyi ou. Ou kouvri yo avèk favè ou, w'ap kanpe bò kote yo pou pran defans yo.

< Psalmorum 5 >