< Psalmorum 48 >
1 Psalmus Cantici, filiis Core, secunda sabbati. Magnus Dominus, et laudabilis nimis in civitate Dei nostri, in monte sancto eius.
Chante sa a, se yon sòm pitit Kore yo. Seyè a gen gwo pouvwa! Li merite pou yo fè lwanj li nan lavil Bondye nou an, sou mòn ki apa pou li a.
2 Fundatur exultatione universæ terræ mons Sion, latera Aquilonis, civitas Regis magni.
Ala yon bèl mòn! Li fè kè tout moun sou latè kontan. Sou mòn Siyon an, ki sou bò nò, se la yo bati lavil gwo wa a.
3 Deus in domibus eius cognoscetur, cum suscipiet eam.
Seyè a rete lakay li, li fè konnen se bò kote l' yo jwenn kote pou yo kache.
4 Quoniam ecce reges terræ congregati sunt: convenerunt in unum.
Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.
5 Ipsi videntes sic admirati sunt, conturbati sunt, commoti sunt:
Lè yo wè l', yo sezi. Yo pè, yo kouri san gad dèyè.
6 tremor apprehendit eos. Ibi dolores ut parturientis,
Yon sèl tranbleman pran yo. Kè yo sere tankou yon fanm ki gen tranche,
7 in spiritu vehementi conteres naves Tharsis.
tankou lè van nòde ap kraze batiman Tasis yo sou lanmè.
8 Sicut audivimus, sic vidimus in civitate Domini virtutum, in civitate Dei nostri: Deus fundavit eam in æternum.
Sa nou te konn tande moun di a, koulye a nou wè l' ak je nou nan lavil Bondye nou an, nan lavil Seyè ki gen tout pouvwa a. Bondye ap toujou pwoteje lavil la.
9 Suscepimus Deus misericordiam tuam, in medio templi tui.
Nou rete nan tanp ou a, n'ap kalkile jan ou renmen nou, Bondye.
10 Secundum nomen tuum Deus, sic et laus tua in fines terræ: iustitia plena est dextera tua.
Se tout moun k'ap nonmen non ou, menm jan an tou, toupatou sou latè y'ap fè lwanj ou. Ou gen anpil pouvwa, men ou pa fè lenjistis.
11 Lætetur mons Sion, et exultent filiæ Iudæ, propter iudicia tua Domine.
Moun ki rete sou mòn Siyon yo kontan. Moun ki rete nan peyi Jide yo pral fè fèt, paske ou konn fè moun jistis.
12 Circumdate Sion, et complectimini eam: narrate in turribus eius.
Mache, fè tout tou lavil la. Konte konbe fò li genyen.
13 Ponite corda vestra in virtute eius: et distribuite domos eius, ut enarretis in progenie altera.
Egzaminen miray lavil la byen egzaminen. Vizite tout pòs faksyonnè yo, pou nou kapab fè pitit pitit nou yo konnen
14 Quoniam hic est Deus, Deus noster in æternum, et in sæculum sæculi: ipse reget nos in sæcula.
se Bondye sa a ki Bondye nou pou tout tan tout tan. Se li menm k'ap kondi nou jouk sa kaba.