< 시편 21 >

1 다윗의 시, 영장으로 한 노래 여호와여 왕이 주의 힘을 인하여 기뻐하며 주의 구원을 인하여 크게 즐거워하리이다
Pou direktè koral la; Yon sòm David O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan. Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
2 그 마음의 소원을 주셨으며 그 입술의 구함을 거절치 아니하셨나이다(셀라)
Ou te bay li dezi a kè li, ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.
3 주의 아름다운 복으로 저를 영접하시고 정금 면류관을 그 머리에 씌우셨나이다
Paske Ou te vin rankontre Li avèk benediksyon de tout bon bagay. Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.
4 저가 생명을 구하매 주께서 주셨으니 곧 영영한 장수로소이다
Li te mande Ou lavi e Ou te bay li. Yon vi ki long ak jou k ap dire jis pou tout tan.
5 주의 구원으로 그 영광을 크게 하시고 존귀와 위엄으로 저에게 입히시나이다
Glwa li gran nan sali pa Ou. Onè ak majeste Ou te mete sou li.
6 저로 영영토록 지극한 복을 받게 하시며 주의 앞에서 기쁘고 즐겁게 하시나이다
Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan; Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.
7 왕이 여호와를 의지하오니 지극히 높으신 자의 인자함으로 요동치 아니하리이다
Paske wa a mete konfyans li nan SENYÈ a. Epi akoz lanmou dous a Pi Wo a, Li p ap ebranle menm.
8 네 손이 네 모든 원수를 발견함이여 네 오른손이 너를 미워하는 자를 발견하리로다
Men ou va dekouvri tout lènmi ou yo. Men dwat ou va jwenn (sila) ki rayi ou yo.
9 네가 노할 때에 저희로 풀무 같게 할 것이라 어호와께서 진노로 저희를 삼키시리니 불이 저희를 소멸하리로다
Ou va fè yo tankou yon founo k ap brile nan tan kòlè ou. SENYÈ a va vale yo nèt nan kòlè Li, epi dife va devore yo.
10 네가 저희 후손을 땅에서 멸함이여 저희 자손을 인생 중에서 끊으리로다
Ou va detwi posterite pa yo soti sou latè, epi desandan yo ap disparèt pami fis a lòm yo.
11 대저 저희는 너를 해하려 하여 계교를 품었으나 이루지 못하도다
Malgre yo te anvizaje mal kont Ou, e te fòme yon konplo, yo p ap reyisi.
12 네가 저희로 돌아서게 함이여 그 얼굴을 향하여 활시위를 당기리로다
Paske Ou va fè yo vire do yo. Ou va pwente banza sou figi yo ak bon kontwòl.
13 여호와여 주의 능력으로 높임을 받으소서 우리가 주의 권능을 노래하고 칭송하겠나이다
Ke Ou leve wo, O SENYÈ, ak tout fòs Ou! Nou va chante e bay lwanj a pwisans Ou.

< 시편 21 >