< 시편 2 >
1 어찌하여 열방이 분노하며 민족들이 허사를 경영하는고
Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa, e pèp yo fòmante yon vye bagay?
2 세상의 군왕들이 나서며 관원들이 서로 꾀하여 여호와와 그 기름 받은 자를 대적하며
Wa latè yo pran pòz yo e chèf yo pran konsèy ansanm kont SENYÈ a, e kont onksyone pa Li a:
3 우리가 그 맨 것을 끊고 그 결박을 벗어 버리자 하도다
“Annou chire chenn sa yo, e jete kòd ki mare nou yo!”
4 하늘에 계신 자가 웃으심이여 주께서 저희를 비웃으시리로다
(Sila) ki chita nan syèl la ri; SENYÈ a ap moke yo.
5 그 때에 분을 발하며 진노하사 저희를 놀래어 이르시기를
Anplis, Li va pale avèk yo nan kòlè Li. Li va fè yo sezi nan kòlè Li.
6 내가 나의 왕을 내 거룩한 산 시온에 세웠다 하시리로다
Men pou Mwen menm, Mwen fin plase Wa Mwen an sou Sion, mòn sen Mwen an.
7 내가 영을 전하노라 여호와께서 내게 이르시되 너는 내 아들이라 오늘날 내가 너를 낳았도다
Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a; SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen. Se jodi a, Mwen te fè Ou.
8 내게 구하라 내가 열방을 유업으로 주리니 네 소유가 땅 끝까지 이르리로다
Mande Mwen, e Mwen va bay Ou nasyon yo kon eritaj, jis rive nan dènye pwent latè kon posesyon pa Ou.
9 네가 철장으로 저희를 깨뜨림이여 질그릇 같이 부수리라 하시도다
Ou va kase yo avèk yon baton fè, Ou va kraze yo tankou veso kanari.”
10 그런즉 군왕들아 너희는 지혜를 얻으며 세상의 관원들아 교훈을 받을지어다
Konsa, O wa yo, sèvi ak sajès. Fè atansyon, O jij sou latè yo.
11 여호와를 경외함으로 섬기고 떨며 즐거워할지어다
Adore SENYÈ a avèk gran respè e rejwi avèk tranbleman.
12 그 아들에게 입맞추라 그렇지 아니하면 진노하심으로 너희가 길에서 망하리니 그 진노가 급하심이라 여호와를 의지하는 자는 다 복이 있도다
Fè omaj a Fis la, pou L pa vin fache, epi ou ta mouri nan chemen an. Paske gwo chalè Li kab limen ase vit. A la beni se tout (sila) ki kache nan Li.