< 나훔 2 >

1 파괴하는 자가 너를 치러 올라왔나니 너는 산성을 지키며 길을 파수하며 네 허리를 견고히 묶고 네 힘을 크게 굳게 할지어다!
Sila ki konn kaze brize a gen tan monte kont ou. Kenbe fò a! Veye chemen an! Ranfòse ren ou! Ranmase tout kouraj ou!
2 여호와께서 야곱의 영광을 회복하시되 이스라엘의 영광 같게 하시나니 이는 약탈자들이 약탈하였고 또 그 포도나무 가지를 없이하였음이라
Paske SENYÈ a va restore tout glwa a Jacob, menm jan ak glwa Israël la, paske piyajè yo fin piyaje yo, e te rache branch rezen li yo.
3 그의 용사들의 방패는 붉고 그의 무사들의 옷도 붉으며 그 항오를 벌이는 날에 병거의 철이 번쩍이고 노송나무 창이 요동하는도다
Boukliye a mesye pwisan li yo vin wouj. Gèrye yo vin abiye an kramwazi. Cha yo klere an asye nan jou derape a. Lans an bwa pichpen yo vin parèt.
4 그 병거는 거리에 미치게 달리며 대로에서 이리 저리 빨리 가니 그 모양이 횃불 같고 빠르기 번개 같도다
Cha yo kouri fou nan lari. Yo sikile san kontwòl sou wout yo. Aparans yo tankou tòch, yo kouri patou tankou kout loray.
5 그가 그 존귀한 자를 생각해 내니 그들이 엎드러질듯이 달려서 급히 성에 이르러 막을 것을 예비하도다
Li rele gèye pi chwa li yo. Yo manke tonbe nan fòme yo. Yo prese rive nan miray la. Gwo barikàd syèj defans la fin prepare.
6 강들의 수문이 열리고 왕궁이 소멸되며
Pòtay rivyè yo ouvri e palè a fin kraze nèt.
7 정명대로 왕후가 벌거벗은 몸으로 끌려가며 그 모든 시녀가 가슴을 치며 비둘기 같이 슬피 우는도다
Bagay la fin fèt; Ninive vin toutouni, li fin pote ale nèt. Sèvant li yo ap plenyen ak vwa toutrèl; y ap bat lestonmak yo.
8 니느웨는 예로부터 물이 모인 못 같더니 이제 모두 도망하니 서라 서라 하나 돌아 보는 자가 없도다
Men Ninive te tankou ti lak dlo depi lontan; malgre sa, y ap sove ale. “Rete, Rete”! Yo kriye fò, Men pèsòn pa gade dèyè.
9 은을 노략하라 금을 늑탈하라 그 저축한 것이 무한하고 아름다운 기구가 풍부함이니라
Pran piyaj ajan! Pran piyaj lò! Paske gen trezò san limit—gen valè nan tout bagay presye yo.
10 니느웨가 공허하였고 황무하였도다 거민이 낙담하여 그 무릎이 서로 부딪히며 모든 허리가 아프게 되며 모든 낯이 빛을 잃도다
Li vin vid nèt! Wi, li vin dezole e gate. Kè yo ap fann e jenou yo si tèlman ap sekwe, youn bat lòt. Doulè ak laperèz domine tout kò a, e figi yo vin blèm!
11 이제 사자의 굴이 어디뇨? 젊은 사자의 먹는 곳이 어디뇨? 전에는 수사자 암사자가 그 새끼 사자와 함께 거기서 다니되 그것들을 두렵게 할 자가 없었으며
Kote fòs lyon yo ye? Kote plas la tout jenn lyon yo te manje? Kote andwa a manman lyon an ak ti lyon an te konn mache? Plas la kote okenn pa t konn fè yo pè?
12 수사자가 그 새끼를 위하여 식물을 충분히 찢고 그 암사자를 위하여 무엇을 움켜서는 취한 것으로 그 굴에 채웠고 찢은 것으로 그 구멍에 채웠었도다
Lyon an te kon chire viktim yo an mòso ase pou manje ti lyon li yo. Li te touye pou manman lyon li yo. Li te plen kav li ak chè ki dechire e tanyè li ak viktim.
13 만군의 여호와의 말씀에 내가 네 대적이 되어 너의 병거들을 살라 연기가 되게 하고 너의 젊은 사자들을 칼로 멸할 것이며 내가 또 너의 노략한 것을 땅에서 끊으리니 너의 파견자의 목소리가 다시는 들리지 아니하리라 하셨느니라
“Gade byen Mwen kont ou”, pale SENYÈ dèzame yo. “Mwen va brile cha lagè li yo nan lafimen. Nepe a va devore jenn lyon ou yo. Mwen va retire nan peyi a, tout chè nou te konn manje. Konsa, vwa mesaje nou yo p ap tande ankò.”

< 나훔 2 >