< 마가복음 8 >

1 그 즈음에 또 큰 무리가 있어 먹을 것이 없는지라 예수께서 제자들을 불러 이르시되
Nan jou sa yo, lè te gen ankò yon gwo foul ki pa t gen anyen pou yo manje, Jésus te rele disip Li yo. Li te di yo:
2 `내가 무리를 불쌍히 여기노라 저희가 나와 함께 있은 지 이미 사흘이매 먹을 것이 없도다
“Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje.
3 만일 내가 저희를 굶겨 집으로 보내면 길에서 기진하리라 그 중에는 멀리서 온 사람도 있느니라'
Si Mwen voye yo lakay yo grangou, y ap fennen nan wout la, e gen nan yo ki sòti yon bon distans.”
4 제자들이 대답하되 `이 광야에서 어디서 떡을 얻어 이 사람들로 배부르게 할 수 있으리이까?'
Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?
5 예수께서 물으시되 너희에게 떡 몇개나 있느냐? 가로되 일곱이로소이다 하거늘
Li te mande yo: “Konbyen moso pen nou genyen?” Yo te di Li: “Sèt”.
6 예수께서 무리를 명하사 땅에 앉게 하시고 떡 일곱 개를 가지사 축사하시고 떼어 제자들에게 주어 그 앞에 놓게 하시니 제자들이 무리 앞에 놓더라
Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la.
7 또 작은 생선 두어 마리가 있는지라 이에 축복하시고 명하사 이것도 그 앞에 놓게 하시니
Anplis yo te genyen kèk ti pwason. Lè L fin beni yo, Li te kòmande sa yo anplis pou separe bay.
8 배불리 먹고 남은 조각 일곱 광주리를 거두었으며
Yo te manje e yo te satisfè. Yo te ranmase sèt gwo panyen plen avèk moso kase ki te rete.
9 사람은 약 사천 명이었더라 예수께서 저희를 흩어 보내시고
Te gen anviwon kat mil ki te la. Konsa, Li te voye yo ale.
10 곧 제자들과 함께 배에 오르사 달마누다 지방으로 가시니라
Nan menm moman sa a, Li te antre nan kannòt la avèk disip Li yo, pou te rive nan peyi yo rele Dalmanutha a.
11 바리새인들이 나와서 예수께 힐난하며 그를 시험하여 하늘로서 오는 표적을 구하거늘
Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.
12 예수께서 마음 속에 깊이 탄식하시며 가라사대 `어찌하여 이 세대가 표적을 구하느냐? 내가 진실로 너희에게 이르노니 이 세대에게 표적을 주시지 아니하리라' 하시고
Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.”
13 저희를 떠나 다시 배에 올라 건너편으로 가시니라
Lè L fin kite yo, Li te monte kannòt la pou te ale lòtbò.
14 제자들이 떡 가져 오기를 잊었으매 배에 떡 한 개밖에 저희에게 없더라
Yo te bliye pran pen, e pa t gen plis ke yon moso nan kannòt la avèk yo.
15 예수께서 경계하여 가라사대 `삼가 바리새인들의 누룩과 헤롯의 누룩을 주의하라' 하신대
Li te avèti yo pou di: “Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”
16 제자들이 서로 의논하기를 `이는 우리에게 떡이 없음이로다' 하거늘
Konsa, yo te kòmanse diskite youn avèk lòt pwoblèm ke yo pa t gen pen an.
17 예수께서 아시고 이르시되 `너희가 어찌 떡이 없음으로 의논하느냐? 아직도 알지 못하며 깨닫지 못하느냐? 너희 마음이 둔하냐?
Jésus te konprann sa byen, e te di yo: “Poukisa nou ap pale afè pen an? Èske nou poko wè ni konprann? Èske nou gen kè di?
18 너희가 눈이 있어도 보지 못하며 귀가 있어도 듣지 못하느냐? 또 기억지 못하느냐?
Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje
19 내가 떡 다섯 개를 오천 명에게 떼어 줄 때에 조각 몇 바구니를 거두었더냐?' 가로되 `열 둘이니이다'
lè Mwen te kase senk pen yo pou senk mil moun, konbyen panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?” Yo te di Li: “Douz”.
20 `또 일곱 개를 사천 명에게 떼어줄 때에 조각 몇광주리를 거두었더냐?' 가로되 `일곱이니이다'
“Epi lè Mwen te kase sèt pou kat mil moun yo, konbyen gwo panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?” Yo te di li: “Sèt”.
21 가라사대 `아직도 깨닫지 못하느냐?' 하시니라
Li te mande yo: “Èske nou poko menm konprann?”
22 벳새다에 이르매 사람들이 소경 하나를 데리고 예수께 나아와 손 대시기를 구하거늘
Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.
23 예수께서 소경의 손을 붙드시고 마을 밖으로 데리고 나가사 눈에 침을 뱉으시며 그에게 안수하시고 `무엇이 보이느냐?' 물으시니
An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”
24 우러러보며 가로되 `사람들이 보이나이다 나무 같은 것들의 걸어 가는 것을 보나이다' 하거늘
Konsa, li te leve tèt li gade e te di: “Mwen wè moun. Konsi mwen wè yo tankou pyebwa k ap mache toupatou.”
25 이에 그 눈에 다시 안수하시매 저가 주목하여 보더니 나아서 만물을 밝히 보는지라
Ankò Li te mete men Li sou zye li. Li te gade byen fiks, e li te vin restore. Konsa, li te wè tout bagay byen klè.
26 예수께서 그 사람을 집으로 보내시며 가라사대 `마을에도 들어가지 말라' 하시니라
Li te voye li lakay li e te di: “Pa menm antre nan vil la.”
27 예수와 제자들이 가이사랴 빌립보 여러 마을로 나가실새 노중에서 제자들에게 물어 가라사대 `사람들이 나를 누구라고 하느냐?'
Jésus te sòti avèk disip Li yo pou lantre nan vilaj Césarée Philippe. Sou wout la Li te diskite ak disip Li yo. Li te mande yo: “Kilès moun yo di ke Mwen ye?”
28 여짜와 가로되 `세례 요한이라 라고 더러는 엘리야 더러는 선지자 중의 하나라 하나이다'
Yo te di Li: “Jean Baptiste, e kèk lòt Élie, men lòt, youn nan pwofèt yo”.
29 또 물으시되 `너희는 나를 누구라 하느냐?' 베드로가 대답하여 가로되 `주는 그리스도시니이다' 하매
Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”
30 이에 `자기의 일을 아무에게도 말하지 말라' 경계하시고
Konsa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn anyen sou Li menm.
31 인자가 많은 고난을 받고 장로들과 대제사장들과 서기관들에게 버린바 되어 죽임을 당하고 사흘만에 살아나야 할 것을 비로소 저희에게 가르치시되
Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rechte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò.
32 드러내놓고 이 말씀을 하시니 베드로가 예수를 붙들고 간하매
Li t ap pale bagay la byen klè. Konsa, Pierre te mennen L akote e te kòmanse repwoche L.
33 예수께서 돌이키사 제자들을 보시며 베드로를 꾸짖어 가라사대 `사단아! 내 뒤로 물러가라 네가 하나님의 일을 생각지 아니하고 도리어 사람의 일을 생각하는도다' 하시고
Men lè l te vire gade dèyè, Li te wè disip Li yo, e Li te repwoche Pierre, e te di l: “Mete ou dèyè M, Satan! Paske ou p ap mete panse ou sou enterè Bondye a, men enterè lòm.”
34 무리와 제자들을 불러 이르시되 `아무든지 나를 따라 오려거든 자기를 부인하고 자기 십자가를 지고 나를 좇을 것이니라
Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen.
35 누구든지 제 목숨을 구원코자 하면 잃을 것이요 누구든지 나와 복음을 위하여 제 목숨을 잃으면 구원하리라
Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.
36 사람이 만일 온 천하를 얻고도 제 목숨을 잃으면 무엇이 유익하리요
“Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tou lemonn men l pèdi nanm li?
37 사람이 무엇을 주고 제 목숨을 바꾸겠느냐?
Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.
38 누구든지 이 음란하고 죄 많은 세대에서 나와 내 말을 부끄러워하면 인자도 아버지의 영광으로 거룩한 천사들과 함께 올 때에 그사람을 부끄러워하리라'
“Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”

< 마가복음 8 >