< 마가복음 14 >
1 이틀이 지나면 유월절과 무교절이라 대제사장들과 서기관들이 예수를 궤계로 잡아 죽일 방책을 구하며
Nan de jou ankò yo tapral fete fèt Delivrans lan ansanm ak fèt Pen san ledven an. Chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap chache mwayen pou yo arete Jezi san pesonn pa konnen, pou fè touye li.
2 가로되 `민요가 날까 하노니 명절에는 말자' 하더라
Yonn t'ap di lòt: -Nou pa kapab arete l' pandan jou fèt yo, paske sa ka kreye dezòd nan pèp la.
3 예수께서 베다니 문둥이 시몬의 집에서 식사하실 때에 한 여자가 매우 값진 향유 곧 순전한 나드 한 옥합을 가지고 와서 그 옥합을 깨뜨리고 예수의 머리에 부으니
Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la. Pandan li te chita bò tab la, yon fanm vin antre. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat. Ti boutèy la te plen yon odè bon kalite ki fèt ak yon fèy yo rele n'a ki vann byen chè. Fanm lan kase kou boutèy la, epi li vide tout odè a sou tèt Jezi.
4 어떤 사람들이 분내어 서로 말하되 `무슨 의사로 이 향유를 허비하였는가
Nan moun ki te la yo, gen ladan yo ki pa t' kontan menm, yonn t'ap di lòt: -Pouki tout gaspiyay odè sa a?
5 이 향유를 삼백 데나리온 이상에 팔아 가난한 자들에게 줄 수 있었겠도다' 하며 그 여자를 책망하는지라
Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fò.
6 예수께서 가라사대 `가만 두어라 너희가 어찌하여 저를 괴롭게 하느냐 저가 내게 좋은 일을 하였느니라
Men Jezi di yo: -Kite l' an repo. Pouki n'ap fè l' tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen.
7 가난한 자들은 항상 너희와 함께 있으니 아무 때라도 원하는 대로 도울 수 있거니와 나는 너희와 항상 함께 있지 아니하리라
Pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou; chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan avèk nou.
8 저가 힘을 다하여 내 몸에 향유를 부어 내 장사를 미리 준비하였느니라
Fanm lan fè sa l' te kapab. Depi davans li tou benyen kò m' pou lantèman mwen.
9 내가 진실로 너희에게 이르노니 온 천하에 어디서든지 복음이 전파되는 곳에는 이 여자의 행한 일도 말하여 저를 기념하리라' 하시니라
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bon nouvèl la, y'a rakonte sa fanm lan fè la a tou pou yo pa janm bliye li.
10 열 둘 중에 하나인 가룟 유다가 예수를 넘겨 주려고 대제사장들에게 가매
Lè sa a, Jida Iskariòt, yonn nan douz disip yo, leve, li al di chèf prèt yo li te pare pou l' te fè yo pran Jezi.
11 저희가 듣고 기뻐하여 돈을 주기로 약속하니 유다가 예수를 어떻게 넘겨 줄 기회를 찾더라
Yo te kontan tande sa Jida t'ap di yo, yo pwomèt pou yo ba l' lajan. Se konsa Jida t'ap chache yon bon okazyon pou l' te ba yo Jezi.
12 무교절의 첫날 곧 유월절 양 잡는 날에 제자들이 예수께 여짜오되 `우리가 어디로 가서 선생님으로 유월절을 잡수시게 예비하기를 원하시나이까?' 하매
Premye jou fèt Pen san ledven an, jou yo te konn touye ti mouton pou manje Delivrans lan, disip yo di Jezi konsa: -Ki bò ou ta vle n' al pare Fèt Delivrans lan?
13 예수께서 제자 중에 둘을 보내시며 가라사대 `성내(城內)로 들어가라 그리하면 물 한 동이를 가지고 가는 사람을 만나리니 그를 따라 가서
Lè sa a, Jezi rele de nan disip li yo, li di yo: -Ale lavil la; n'a kontre yon moun k'ap pote yon krich dlo: swiv li.
14 어디든지 그의 들어가는 그 집주인에게 이르되 `선생님의 말씀이 내가 내 제자들과 함께 유월절을 먹을 나의 객실이 어디 있느뇨? 하시더라 하라
Kote la antre a, antre dèyè li. n'a di mèt kay la: Mèt la voye mande ou kote pyès kay pou l' manje manje Delivrans lan avèk disip li yo.
15 그리하면 자리를 베풀고 예비된 큰 다락방을 보이리니 거기서 우리를 위하여 예비하라' 하신대
La moutre nou yon gwo chanm, tou pare tou meble, anwo kay la. Se la n'a pare manje Delivrans lan pou nou tout.
16 제자들이 나가 성내로 들어가서 예수의 하시던 말씀대로 만나 유월절을 예비하니라
Disip yo pati, yo rive lavil la; yo jwenn tout bagay jan l' te di yo a. Epi yo pare manje Delivrans lan.
Lè solèy fin kouche, Jezi vin rive avèk douz disip yo.
18 다 앉아 먹을 때에 예수께서 가라사대 `내가 진실로 너희에게 이르노니 너희 중에 한사람 곧 나와 함께 먹는 자가 나를 팔리라' 하신대
Antan yo te chita bò tab la ap manje, Jezi di konsa: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou k'ap manje avèk mwen la a pral trayi mwen.
19 저희가 근심하여 하나씩 하나씩 여짜오되 `내니이까?'
Lè sa a, kè disip yo kase; yonn apre lòt yo pran mande li: -Eske se mwen menm?
20 이르시되 `열 둘 중 하나 곧 나와 함께 그릇에 손을 넣는 자니라
Li reponn yo: -Se yonn nan nou douz la k'ap tranpe pen ansanm avè m' nan plat la.
21 인자는 자기에게 대하여 기록된 대로 가거니와 인자를 파는 그 사람에게는 화가 있으리로다 그 사람은 차라리 나지 아니하였더면 제게 좋을뻔 하였느니라' 하시니라
Moun Bondye voye nan lachè a pral mouri, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l' la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pa t' janm fèt.
22 저희가 먹을 때에 예수께서 떡을 가지사 축복하시고 떼어 제자들에게 주시며 가라사대 `받으라 이것이 내 몸이니라' 하시고
Antan yo t'ap manje, Jezi pranpen, li di Bondye mèsi, li kase l'; li bay disip li yo, li di yo konsa: -Men, pran. Sa se kò mwen.
23 또 잔을 가지사 사례하시고 저희에게 주시니 다 이를 마시매
Apre sa, li pran yon gode diven tou, li di Bondye mèsi, li pase l' ba yo, yo tout bwè ladan li.
24 가라사대 `이것은 많은 사람을 위하여 흘리는바 나의 피 곧 언약의 피니라
Epi Jezi di yo: -Sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye ap fè ak nou an, san ki koule pou anpil moun.
25 진실로 너희에게 이르노니 내가 포도나무에서 난 것을 하나님 나라에서 새 것으로 마시는 날까지 다시 마시지 아니하리라' 하시니라
Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mwen p'ap janm bwè diven ankò, jouk jou m'a bwè yon diven nèf nan peyi kote Bondye Wa a.
26 이에 저희가 찬미하고 감람산으로 나가니라
Apre yo fin chante chante fèt la, yo soti, y' ale mòn Oliv.
27 예수께서 제자들에게 이르시되 `너희가 다 나를 버리리라 이는 기록된바 내가 목자를 치리니 양들이 흩어지리라 하였느니라
Jezi di disip li yo: -Nou tout, nou pral kouri kite m' pou kont mwen; paske men sak te ekri: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout mouton yo pral gaye nan bwa.
28 그러나 내가 살아난 후에 너희 보다 먼저 갈릴리로 가리라'
Men apre, lè m'a leve soti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile.
29 베드로가 여짜오되 `다 버릴지라도 나는 그렇지 않겠나이다'
Pyè di li: -Menm si tout moun ta kouri kite ou, mwen menm mwen p'ap janm fè sa.
30 예수께서 가라사대 `내가 진실로 네게 이르노니 오늘 이 밤 닭이 두번 울기전에 네가 세 번 나를 부인하리라'
Jezi reponn li: -Sa m'ap di ou la a, se vre wi: Jòdi a menm, pandan lannwit sa a, anvan kòk chante de fwa, wa gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen.
31 베드로가 힘있게 말하되 `내가 주와 함께 죽을지언정 주를 부인하지 않겠나이다' 하고 모든 제자도 이와 같이 말하니라
Men, Pyè te kenbe la, li t'ap di: -Menm si m' ta dwe mouri avè ou, mwen p'ap janm di sa. Tout lòt disip yo t'ap di menm bagay la tou.
32 저희가 겟세마네라 하는 곳에 이르매 예수께서 제자들에게 이르시되 나의 기도할 동안에 너희는 여기 앉았으라 하시고
Apre sa, yo rive yon kote yo rele Jetsemane. Jezi di disip li yo: -Chita la, mwen pral lapriyè pi devan.
33 베드로와 야고보와 요한을 데리고 가실새 심히 놀라시며 슬퍼하사
Li pran Pyè, Jak ak Jan avè li. Lamenm, li santi yon frison nan rèl do l' ak yon kè sere ki pran li.
34 말씀하시되 `내 마음이 심히 고민하여 죽게 되었으니 너희는 여기 머물러 깨어 있으라' 하시고
Li di yo: -Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou.
35 조금 나아가사 땅에 엎드리어 될 수 있는대로 이 때가 자기에게서 지나가기를 구하여
Li ale yon ti kras pi lwen, li lage kò l' fas atè, li lapriyè; li mande si se te posib pou l' pa ta bezwen soufri tout soufri sa a.
36 가라사대 `아바, 아버지여! 아버지께는 모든 것이 가능하오니 이 잔을 내게서 옮기시옵소서 그러나 나의 원대로 마옵시고 아버지의 원대로 하옵소서' 하시고
Li t'ap di: -O! Papa mwen, nanpwen anyen ou pa kapab fè. Tanpri souple, wete gode soufrans sa a devan je mwen. Men, fè sa ou menm ou vle a. Pa fè sa mwen menm mwen ta vle a.
37 돌아오사 제자들의 자는 것을 보시고 베드로에게 말씀하시되 `시몬아, 자느냐? 네가 한 시 동안도 깨어 있을 수 없더냐?
Li tounen bò kot disip li yo, li jwenn yo tou twa ap dòmi. Li di Pyè konsa: -Simon! W'ap dòmi? Ou pa t' kapab rete je klè menm yon ti moman?
38 시험에 들지 않게 깨어 있어 기도하라! 마음에는 원이로되 육신이 약하도다' 하시고
Pa dòmi, tande! Lapriyè fò pou nou pa tonbe anba tantasyon. Lespri nou byen dispoze, men se kò nou ki fèb.
Li kite yo ankò, li al fè menm lapriyè a.
40 다시 오사 보신즉 저희가 자니 이는 저희 눈이 심히 피곤함이라 저희가 예수께 무엇으로 대답할 줄을 알지 못하더라
Apre sa, li retounen. Li jwenn yo ap dòmi ankò paske yo pa t' kapab kenbe je yo louvri. Yo pa t' konn sa pou yo te reponn li.
41 세번째 오사 저희에게 이르시되 `이제는 자고 쉬라 그만이다 때가 왔도다 보라, 인자가 죄인의 손에 팔리우느니라
Lè l' tounen twazyèm fwa a, li di yo: -N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase koulye a. Lè a rive; men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo.
42 일어나라 함께 가자 보라 나를 파는 자가 가까이 왔느니라'
Leve non. Ann ale. Men moun k'ap trayi m' lan ap vini.
43 말씀하실 때에 곧 열 둘 중의 하나인 유다가 왔는데 대제사장들과 서기관들과 장로들에게 파송된 무리가 검과 몽치를 가지고 그와 함께 하였더라
Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li: se chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo ki te voye yo avèk li.
44 예수를 파는 자가 이미 그들과 군호를 짜 가로되 `내가 입 맞추는 자가 그 이니 그를 잡아 단단히 끌어가라' 하였는지라
Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l' ba yo yon siyal. Li te di yo: -Moun n'a wè m' bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l' chape.
45 이에 와서 곧 예수께 나아와 `랍비여' 하고 입을 맞추니
Rive Jida rive, li pwoche bò kot Jezi, li di li: -Mèt! Epi li bo li.
Menm lè a, moun yo mete men sou Jezi, yo arete li.
47 곁에 섰는 자 중에 한사람이 검을 빼어 대제사장의 종을 쳐 그 귀를 떨어뜨리니라
Yonn nan disip yo rale nepe l', li frape domestik granprèt la; li koupe yon zòrèy li.
48 예수께서 무리에게 말씀하여 가라사대 `너희가 강도를 잡는 것같이 검과 몽치를 가지고 나를 잡으러 나왔느냐?
Jezi pran lapawòl, li di yo: -Nou vin dèyè m' ak nepe, ak baton, tankou si m' te yon ansasen.
49 내가 날마다 너희와 함께 성전에 있어서 가르쳤으되 너희가 나를 잡지 아니하였도다 그러나 이는 성경을 이루려 함이니라' 하시더라
Men, toulèjou mwen te la nan mitan nou, mwen t'ap pale nan tanp lan; lè sa a nou pa t' janm arete mwen. Men, tou sa pase konsa pou sa ki ekri a ka rive vre.
Lè sa a tout disip yo kite l', yo pran kouri.
51 한 청년이 벗은 몸에 베 홑이불을 두르고 예수를 따라오다가 무리에게 잡히매
Te gen yon jenn gason ki t'ap swiv Jezi; li te gen yon dra ase sou li. Yo mete men sou msye.
52 베 홑이불을 버리고 벗은 몸으로 도망하니라
Men, li lage dra a, li chape nan men yo toutouni.
53 저희가 예수를 끌고 대제사장에게로 가니 대제사장들과 장로들과 서기관들이 다 모이더라
Yo mennen Jezi kay granprèt la. Se la tout chèf prèt yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo te reyini.
54 베드로가 예수를 멀찍이 좇아 대제사장의 집 뜰안까지 들어가서 하속들과 함께 앉아 불을 쬐더라
Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen. Li antre jouk nan fon lakou kay granprèt la. Li te chita avèk gad yo bò dife a, li t'ap chofe kò li.
55 대제사장들과 온 공회가 예수를 죽이려고 그를 칠 증거를 찾되 얻지 못하니
Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi pou yo te kondannen l' amò, men yo pa t' kapab jwenn anyen menm.
56 이는 예수를 쳐서 거짓 증거하는 자가 많으나 그 증거가 서로 합하지 못함이라
Anpil moun te vin fè manti sou li. Men, pawòl yo pa t' dakò.
57 어떤 사람들이 일어나 예수를 쳐서 거짓 증거하여 가로되
Lè sa a, kèk moun leve kanpe, yo fè manti sa a sou li:
58 `우리가 그의 말을 들으니 손으로 지은 이 성전을 내가 헐고 손으로 짓지 아니한 다른 성전을 사흘에 지으리라 하더라' 하되
-Nou te tande l' di: m'a kraze tanp moun te fè a, epi nan twa jou m'a bati yon lòt tanp moun pa ka fè.
Menm sou pwen sa a yo pa t' dakò.
60 대제사장이 가운데 일어서서 예수에게 물어 가로되 `너는 아무 대답도 없느냐? 이 사람들의 너를 치는 증거가 어떠하냐?' 하되
Lè sa a, granprèt la leve nan mitan asanble a, li poze Jezi keksyon, li di l' konsa: -Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa?
61 잠잠하고 아무 대답도 아니하시거늘 대제사장이 다시 물어 가로되 `네가 찬송 받을 자의 아들 그리스도냐?'
Jezi pa louvri bouch li, li pa reponn anyen. Granprèt la keksyonnen li ankò, li mande l': -Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye ki merite lwanj la?
62 예수께서 이르시되 `내가 그니라! 인자가 권능자의 우편에 앉은 것과 하늘 구름을 타고 오는 것을 너희가 보리라' 하시니
Jezi reponn li: -Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wè m', mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m' tou ap vini anwo nwaj yo nan syèl la.
63 대제사장이 자기 옷을 찢으며 가로되 `우리가 어찌 더 증인을 요구하리요
Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: -Sa nou bezwen temwen ankò fè?
64 그 참람한 말을 너희가 들었도다 너희는 어떻게 생각하느뇨?' 하니 저희가 다 예수를 사형에 해당한 자로 정죄하고
Nou sot tande jan l' pale mal sou Bondye. Sa nou di nan sa? Yo tout deklare Jezi koupab, yo di li merite lanmò.
65 혹은 그에게 침을 뱉으며 그의 얼굴을 가리우고 주먹으로 치며 가로되 `선지자 노릇을 하라' 하고 하속들은 손바닥으로 치더라
Kèk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l', yo pran ba l' koutpwen. Lèfini yo di li: -Si ou konnen di nou ki moun k'ap fè ou sa? Menm gad yo pran bay Jezi souflèt.
66 베드로는 아래 뜰에 있더니 대제사장의 비자 하나가 와서
Antan Pyè te anba nan lakou a, yonn nan sèvant granprèt la vin rive.
67 베드로의 불 쬠을 보고 주목하여 가로되 `너도 나사렛 예수와 함께 있었도다' 하거늘
Li wè Pyè ap chofe, li gade l' byen. Li di l' konsa: -Ou menm tou, ou te avèk Jezi, moun Nazarèt la?
68 베드로가 부인하여 가로되 `나는 네 말하는 것이 무엇인지 알지도 못하고 깨닫지도 못하겠노라' 하며 앞뜰로 나갈새
Pyè reponn: -Mwen pa konnen. Mwen pa konprann sa ou vle di la a. Epi Pyè soti pou li al nan pyès devan kay la. Menm lè a, yon kòk chante.
69 비자가 그를 보고 곁에 서 있는 자들에게 다시 이르되 `이 사람은 그 당(黨)이라' 하되
Menm sèvant lan wè l' ankò. Li pran di moun ki te la yo: -Nonm sa a fè pati moun sa yo wi.
70 또 부인하더라 조금 후에 곁에 서 있는 사람들이 다시 베드로에게 말하되 `너는 갈릴리 사람이니 참으로 그 당(黨)이니라'
Men Pyè demanti l' ankò. Yon kadè apre, moun ki te la yo di Pyè ankò: -Se vre, monchè. Ou fè pati moun sa yo, ou se moun Galile.
71 베드로가 저주하며 맹세하되 `나는 너희의 말하는 이 사람을 알지 못하노라' 하니
Lè sa a, Pyè kòmanse di: -Mwen mande Bondye nenpòt bagay rive m' si m' manti: mwen pa konnen nonm n'ap pale la a.
72 닭이 곧 두 번째 울더라 이에 베드로가 예수께서 자기에게 하신 말씀 곧 닭이 두 번 울기 전에 네가 세번 나를 부인하리라 하심이 기억되어 생각하고 울었더라
Menm lè a, kòk la chante yon dezyèm fwa. Lè sa a Pyè vin chonje pawòl Jezi te di l' la: anvan kòk chante de fwa, w'a gen tan di twa fwa ou pa janm konnen mwen. Epi li tonbe kriye.