< 욥기 24 >
1 어찌하여 전능자가 시기를 정하지 아니하셨는고 어찌하여 그를 아는 자들이 그의 날을 보지 못하는고
“Poukisa Toupwisan an pa mete tan nan rezèv? E poukisa sila ki konnen Li yo pa wè jou Li yo?
2 어떤 사람은 지계표를 옮기며 양떼를 빼앗아 기르며
Kèk retire limit bòn yo. Yo sezi e devore bann mouton yo.
3 고아의 나귀를 몰아 가며 과부의 소를 볼모 잡으며
Yo pouse fè ale bourik a òfelen yo, yo pran bèf a vèv la kon garanti.
4 빈궁한 자를 길에서 몰아 내나니 세상에 가난한 자가 다 스스로 숨는구나
Yo pouse endijan yo akote wout la. Malere peyi a oblije kache nèt.
5 그들은 거친 땅의 들나귀 같아서 나가서 일하며 먹을 것을 부지 런히 구하니 광야가 그 자식을 위하여 그에게 식물을 내는구나
Gade byen, kon bourik mawon nan dezè a, yo vin parèt pou chache manje. Dezè a bay yo anpil manje pou pitit yo.
6 밭에서 남의 곡식을 베며 악인의 남겨 둔 포도를 따며
Yo rekòlte nan chan a lòt yo, e ranmase nan chan rezen a mechan yo.
7 의복이 없어 벗은 몸으로 밤을 지내며 추위에 덮을 것이 없으며
Yo pase lannwit lan toutouni san rad, e yo pa gen pwotèj kont fredi a.
8 산 중 소나기에 젖으며 가리울 것이 없어 바위를 안고 있느니라
Yo mouye ak lapli mòn yo, e yo anbrase wòch yo akoz mank pwotèj yo.
9 어떤 사람은 고아를 어미 품에서 빼앗으며 가난한 자의 옷을 볼 모 잡으므로
Lòt yo sezi òfelen an soti nan tete a, e kont malere a, yo pran garanti.
10 그들이 옷이 없어 벌거벗고 다니며 주리면서 곡식 단을 메며
Se yo ki koz malere a ale toutouni san rad, kap pote pakèt akoz grangou.
11 그 사람의 담 안에서 기름을 짜며 목말라하면서 술 틀을 밟느니라
Anndan miray moun sa yo, yo pwodwi lwil. Yo foule li nan preswa, men yo swaf.
12 인구 많은 성 중에서 사람들이 신음하며 상한 자가 부르짖으나 하나님이 그 불의를 보지 아니하시느니라
Depi nan vil la, moun yo plenyen fò, e nanm a sila ki blese yo pouse gwo plent, men Bondye pa prete atansyon de foli sa a.
13 또 광명을 배반하는 사람들은 이러하니 그들은 광명의 길을 알지못하며 그 첩경에 머물지 아니하는 자라
“Gen lòt moun ki fè rebèl kont limyè a. Yo pa vle konnen pa li, ni rete nan chemen li yo.
14 사람을 죽이는 자는 새벽에 일어나서 가난한 자나 빈궁한 자를 죽이고 밤에는 도적 같이 되며
Asasen an leve granmmaten. Li touye malere a ak endijan an. Nan lannwit, se yon vòlè li ye.
15 간음하는 자의 눈은 저물기를 바라며 아무 눈도 나를 보지 못하리라 하고 얼굴을 변장하며
Zye adiltè a tann lannwit rive; li di: ‘Zye p ap janm wè m.’ Li kouvri figi li.
16 밤에 집을 뚫는 자는 낮에는 문을 닫고 있은즉 광명을 알지 못하나니
Nan fènwa, yo fouye anndan kay yo. Yo fèmen yo menm pandan jounen an. Yo pa konnen limyè.
17 그들은 다 아침을 흑암 같이 여기니 흑암의 두려움을 앎이니라
Paske pou li maten se menm jan ak fènwa a byen pwès, tèlman li abitye ak gwo perèz nan fènwa pwès la.
18 그들은 물 위에 빨리 흘러가고 그 산업은 세상에서 저주를 받나니 그들이 다시는 포도원 길로 행치 못할 것이라
“Se kim yo ye k ap monte sou dlo. Pòsyon pa yo modi sou latè. Yo pa tankou chan rezen yo.
19 가뭄과 더위가 눈 녹은 물을 곧 말리나니 음부가 범죄자에게도 그와 같은 것인즉 (Sheol )
Sechrès ak chalè manje dlo lanèj la. Menm jan tou, Sejou Lanmò fè sila ki te peche yo. (Sheol )
20 태가 그를 잊어버리고 구더기가 그를 달게 먹을 것이라 그는 기억함을 다시 얻지 못하나니 불의가 나무처럼 꺾이리라
Vant manman an va bliye li. Vè va manje li byen dous, jiskaske moun pa sonje l ankò. Konsa, mechanste la va kase tankou yon pyebwa.
21 그는 잉태치 못하므로 해산치 못한 여인을 학대하며 과부를 선대치 아니하는 자니라
Li fè tò a fanm esteril la. Li pa gen mizerikòd pou li.
22 그러나 하나님이 그 권능으로 강한 자들을 보존시키시니 살기를 바라지 못할 자도 일어나는구나
Men Bondye konsève pwisan an pa lafòs Li. Li vin gwo, men lavi li pa asire.
23 하나님이 그들을 호위하사 평안케 하시나 그 눈은 그들의 길에 있구나
Bondye bay yo sekirite e yo repoze ladan l. Zye Li veye tout sa yo fè.
24 그들은 높아져도 잠시간에 없어지나니 낮아져서 범인처럼 제함을 당하고 곡식 이삭 같이 베임을 입느니라
Yo leve wo pou yon ti tan, e yo ale. Konsa, yo vin rale ba e tankou tout lòt bagay, yo pote ale. Menm tankou tèt sereyal, yo koupe, yo retire.
25 가령 그렇지 않을지라도 능히 내 말을 거짓되다 지적하거나 내 말이 헛되다 변박할 자 누구랴
Alò, si se pa konsa li ye, se kilès ki kab fè prèv ke m bay manti, oswa anile pawòl mwen yo?”