< 에스더 10 >

1 아하수에로 왕이 그 본토와 바다 섬들로 공을 바치게 하였더라
Alò Wa Assuérus te enpoze yon taks sou peyi a avèk peyi kot lanmè yo.
2 왕의 능력의 모든 행적과 모르드개를 높여 존귀케 한 사적이 메대와 바사 열왕의 일기에 기록되지 아니하였느냐
Epi tout sa li te acheve, otorite li avèk fòs li, ak listwa konplè ak wotè Mardochée te acheve nan sila wa a te fè l rive a, èske sila yo pa ekri nan Liv A Kwonik A Wa Mèdes Avèk Perse yo?
3 유다인 모르드개가 아하수에로 왕의 다음이 되고 유다인 중에 존대하여 그 허다한 형제에게 굄을 받고 그 백성의 이익을 도모하며 그 모든 종족을 안위하였더라
Paske Mardochée, Jwif la, te sèl dezyèm a Wa Assuérus la, byen gran pami Jwif yo, e byen renmen pa gwo fanmi li, tankou yon moun ki te chache sa ki bon pou pèp li, e yon moun ki te pale lapè a tout desandan li yo.

< 에스더 10 >