< 역대상 5 >

1 이스라엘의 장자 르우벤의 아들들은 이러하니라 (르우벤은 장자라도 그 아비의 침상을 더럽게 하였으므로 장자의 명분이 이스라엘의 아들 요셉의 자손에게로 돌아갔으나 족보에는 장자의 명분대로 기록할 것이 아니니라
Alò, fis a Ruben yo, premye ne an Israël la (paske se te premye ne li te ye, men akoz li te konwonpi kabann papa li, dwa nesans li te bay a fis a Joseph yo, fis Israël la; epi pou sa, li pa anwole nan istwa desandan yo selon dwa nesans lan.
2 유다는 형제보다 뛰어나고 주권자가 유다로 말미암아 났을지라도 장자의 명분은 요셉에게 있으니라)
Sepandan Juda te reyisi depase frè li yo e soti nan li, chèf la te parèt, malgre dwa nesans lan te pou Joseph),
3 이스라엘의 장자 르우벤의 아들들은 하녹과, 발루와, 헤스론과, 갈미요
fis a Ruben yo, premye ne an Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron ak Carmi.
4 요엘의 아들은 스마야요, 그 아들은 곡이요, 그 아들은 시므이요
Fis a Joël yo: Schemaeja, fis pa li a, Gog, fis pa li a; Schimeï, fis pa li a;
5 그 아들은 미가요, 그 아들은 르아야요, 그 아들은 바알이요
Michée, fis pa li a; Reaja, fis pa li a; Baal, fis pa li a.
6 그 아들은 브에라니 저는 르우벤 자손의 두목으로서 앗수르 왕 디글랏빌레셀에게 사로잡힌자라
Beéra, fis pa li a ke Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a te mennen an kaptivite: li te chèf a Ribenit yo.
7 저의 형제가 종족과 보계대로 족장 된자는 여이엘과, 스가랴와
Fanmi a Beéra yo, selon fanmi pa yo, nan istwa zansèt yo te Jeiel, chèf la ak Zechariah.
8 벨라니 벨라는 아사스의 아들이요, 세마의 손자요, 요엘의 증손이라 저가 아로엘에 거하여 느보와 바알므온까지 미쳤고
Epi Béla, fis a Azaz la, fis a Schéma a, fis a Joël la. Béla te rete Aroër e teritwa yo te jiska Neb ak Baal-Meon;
9 또 동으로 가서 거하여 유브라데강에서부터 광야 지경까지 미쳤으니 이는 길르앗 땅에서 그 생축이 번식함이라
nan lès, li te rete jis rive nan antre dezè a soti nan rivyè Euphrate la, akoz bèt pa yo te tèlman ogmante nan peyi Galaad la.
10 사울왕 때에 저희가 하갈 사람으로 더불어 싸워 쳐 죽이고 길르앗 동편 온 땅에서 장막에 거하였더라
Nan jou a Saül yo, yo te fè lagè avèk Agarenyen ki te tonbe pa men yo, jiskaske yo te vin rete nan tant pa yo toupatou nan tout teritwa lès a Galaad la.
11 갓 자손은 르우벤 사람을 마주 대하여 바산 땅에 거하여 살르가까지 미쳤으니
Alò, fis a Gad yo te rete anfas yo nan peyi Basan an jis rive Salca.
12 족장은 요엘이요, 다음은 사밤이요, 또 야내와, 바산에 거한 사밧이요
Joël te chèf e Schapham te dezyèm nan ak Jaenaï avèk Schaphath nan Basan.
13 그 족속 형제에는 미가엘과, 므술람과, 세바와, 요래와, 야간과, 시아와, 에벨 일곱명이니
Fanmi pa yo selon lakay papa yo: Micaël, Meschullam, Schéba, Joraï, Zia ak Éber, sèt antou.
14 이는 다 아비하일의 아들이라 아비하일은 후리의 아들이요, 야로의 손자요, 길르앗의 증손이요, 미가엘의 현손이요, 여시새의 오대 손이요, 야도의 육대 손이요, 부스의 칠대 손이며,
Sila yo se te fis a Abichaïl yo, fis a Huri a, fis a Jaroach la, fis a Galaad la, fis a Micaël la, fis a Jeschischaï a, fis a Jachdo a, fis a Buz la;
15 또 구니의 손자 압디엘의 아들 아히가 족장이 되었고
Achi, fis a Abdiel la, fis a Guni a, tèt lakay papa yo.
16 저희가 바산길르앗과 그 향촌과 사론의 모든 들에 거하여 그 사방 변경에 미쳤더라
Yo te rete Galaad nan Basan, nan vil pa li yo ak nan tout teren patiraj yo nan Saron jis rive nan limit lizyè pa yo.
17 이상은 유다 왕 요담과 이스라엘 왕 여로보암 때에 족보에 기록 되었더라
Tout sila yo te anwole nan chif zansèt yo nan jou a Jotham yo, wa Juda a ak nan jou Jéroboam yo, wa Israël.
18 르우벤 자손과 갓 사람과 므낫세 반 지파의 나가 싸울 만한 용사 곧 능히 방패와 칼을 들며 활을 당기어 싸움에 익숙한 자가 사만 사천 칠백 육십인이라
Fis a Ruben yo ak Gadit yo avèk mwatye Manassé yo, mesye a gwo kouraj yo, mesye ki te pote boukliye avèk nepe yo, te tire avèk banza e yo te fò nan batay, karant-kat-mil-sèt-san-swasant moun ki te ale nan gè a.
19 저희가 하갈 사람과, 여두르와, 나비스와, 노답과 싸우는 중에
Yo te fè lagè kont Agarenyen yo, Jethur, Naphisch ak Nodab.
20 도우심을 입었으므로 하갈 사람과 그 함께한 자들이 다 저희 손에 패하였으니 이는 저희가 싸울 때에 하나님께 의뢰하고 부르짖음을 하나님이 들으셨음이라
Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li.
21 저희가 대적의 짐승 곧 약대 오만과 양 이십 오만과 나귀 이천을 빼앗으며 사람 십만을 사로잡았고
Yo te pran tout twoupo bèt yo: senkant-mil chamo, de-san-senkant-mil mouton, de-mil bourik; epi san-mil òm.
22 죽임을 당한 자가 많았으니 이 싸움이 하나님께로 말미암았음이라 저희가 그 땅에 거하여 사로잡힐 때까지 이르렀더라
Paske anpil moun te mouri, akoz lagè a te sòti nan Bondye. Epi yo te vin rete nan plas pa yo jis rive nan lè egzil la.
23 므낫세 반 지파 자손들이 그 땅에 거하여 번성하여 바산에서부터 바알 헤르몬과 스닐과 헤르몬 산까지 미쳤으며
Alò, fis a mwatye tribi Manassé yo te rete nan peyi a; soti nan Bashan jis rive nan Baal-Hermon avèk Senir e Mòn Hermon yo te anpil.
24 그 족장은 에벨과, 이시와, 엘리엘과, 아스리엘과, 예레미야와, 호다위야와, 야디엘이라 다 용력이 유명한 족장이었더라
Sila yo se te tèt lakay zansèt yo, menm Épher, Jischeï, Éliel, Azriel, Jérémie Hodavia ak Jachrenom; mesye gwo kouraj yo, chèf lakay zansèt pa yo.
25 저희가 그 열조의 하나님께 범죄하여 하나님이 저희 앞에서 멸하신 그 땅 백성의 신들을 간음하듯 섬긴지라
Men yo te aji avèk trayizon kont Bondye a papa yo a e te jwe pwostitiye a nan kouri dèyè dye a pèp peyi ke Bondye te detwi devan yo a.
26 그러므로 이스라엘 하나님이 앗수르 왕 불의 마음을 일으키시며 앗수르 왕 디글랏 빌레셀의 마음을 일으키시매 곧 르우벤과 갓과 므낫세 반 지파를 사로잡아 할라와 하볼과 하라와 고산 하숫가에 옮긴지라 저희가 오늘날까지 거기 있으니라
Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan nan, kote yo rete menm jis rive jodi a.

< 역대상 5 >