< 시편 118 >
1 여호와께 감사하라! 저는 선하시며 그 인자하심이 영원함이로다
Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon. Lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
2 이제 이스라엘은 말하기를 그 인자하심이 영원하다 할지로다
O kite Israël di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan”.
3 이제 아론의 집은 말하기를 그 인자하심이 영원하다 할지로다
O kite lakay Aaron di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”
4 이제 여호와를 경외하는 자는 말하기를 그 인자하심이 영원하다 할지로다
O kite (sila) ki krent SENYÈ yo di: “Lanmou dous Li a se pou tout tan.”
5 내가 고통 중에 여호와께 부르짖었더니 여호와께서 답하시고 나를 광활한 곳에 세우셨도다
Depi nan gran pwoblèm mwen yo, mwen te rele SENYÈ a; SENYÈ a te reponn mwen e te mete m yon kote byen laj.
6 여호와는 내 편이시라 내게 두려움이 없나니 내게 어찌할꼬
SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè. Kisa lòm kab fè m?
7 여호와께서 내 편이 되사 나를 돕는 자 중에 계시니 그러므로 나를 미워하는 자에게 보응하시는 것을 내가 보리로다
SENYÈ a pou mwen pami (sila) ki ede mwen yo; Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan (sila) ki rayi mwen yo.
Li pi bon pou kache nan SENYÈ a, pase pou mete konfyans nan lòm.
9 여호와께 피함이 방백들을 신뢰함보다 낫도다
Li pi bon pou kache nan SENYÈ a, pase pou mete konfyans nan prens yo.
Tout nasyon yo te antoure mwen. Nan non SENYÈ a, mwen te anverite, koupe retire yo nèt.
Yo te antoure mwen, wi, yo te antoure mwen. Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.
Yo te antoure mwen tankou myèl. Yo te efase nèt tankou dife nan bwa pikan. Nan non SENYÈ a, mwen va anverite, koupe retire yo nèt.
Ou te pouse mwen ak vyolans jiskaske mwen t ap tonbe, Men SENYÈ a te fè m sekou.
SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen. Li te vin sali mwen.
Son lajwa eklate ak delivrans nan tant a moun ki dwat yo. Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
Men dwat a SENYÈ a leve wo! Men dwat a SENYÈ a se vanyan!
Mwen p ap mouri, men m ap viv, e mwen va pale sou zèv a SENYÈ yo.
SENYÈ a te korije m ak severite, men Li pa t lage mwen a lanmò.
Ouvri pòtay ladwati yo pou mwen. Mwen va antre nan yo. Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a.
Sa se pòtay SENYÈ a. Moun ladwati yo va antre ladann.
Mwen va bay Ou remèsiman, paske Ou te reponn mwen, e Ou te vin sali mwen.
Wòch ke (sila) ki t ap bati yo te refize a, gen tan vini wòch ang prensipal la.
Sa fèt pa SENYÈ a. Li se yon mèvèy nan zye nou.
Sa se jou ke SENYÈ a te fè. Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.
O SENYÈ, sove nou koulye a, nou sipliye Ou! O SENYÈ, nou sipliye Ou, voye abondans!
Beni se (sila) ki vini nan non SENYÈ a! Nou te beni Ou depi lakay SENYÈ a.
SENYÈ a se Bondye, e Li te bannou limyè. Mare sakrifis la ak kòd sou kòn lotèl yo.
Ou se Bondye mwen e mwen va bay Ou remèsiman; Ou se Bondye mwen e mwen va leve Ou wo.
Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li bon! Paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.