< 열왕기하 10 >
1 아합의 아들 칠십인이 사마리아에 있는지라 예후가 편지들을 써서 사마리아에 보내어 이스르엘 방백 곧 장로들과 아합의 여러 아들을 교육하는 자들에게 전하니 일렀으되
Alò, Achab te gen swasann-dis fis Samarie. Epi Jéhu te ekri lèt pou te voye Samarie, kote chèf Jizréel yo, ansyen yo e vè gadyen pitit Achab yo, e te di:
2 너희 주의 아들들이 너희와 함께 있고 또 병거와 말과 견고한 성과 병기가 너희에게 있으니 이 편지가 너희에게 이르거든
“Alò, lè lèt sa a rive kote ou, akoz fis a mèt ou yo avè w, menm jan avèk cha yo, cheval yo ak yon vil fòtifye avèk zam,
3 너희 주의 아들들 중에서 가장 어질고 정직한 자를 택하여 그 아비의 위에 두고 너희 주의 집을 위하여 싸우라 하였더라
chwazi pi bon ak pi kapab pami fis a mèt ou yo, mete li sou twòn papa l, e batay pou lakay mèt ou.”
4 저희가 심히 두려워하여 가로되 두 왕이 저를 당치 못하였거든 우리가 어찌 당하리요 하고
Men yo te pè anpil. Yo te di: “Men gade, de wa sila yo pa t kanpe devan li! Alò, kijan nou kab kanpe?”
5 궁내 대신과 부윤과 장로들과 왕자를 교육하는 자들이 예후에게 말을 전하여 가로되 우리는 당신의 종이라 무릇 명하는 것을 우리가 행하고 아무 사람이든지 왕으로 세우지 아니하리니 당신의 소견에 좋은대로 행하라 한지라
Epi sila ki te sou tout kay la ak sila ki te sou vil la, ansyen yo ak gadyen zanfan yo, te voye kote Jéhu e te di: “Nou se sèvitè ou. Tout sa ou mande nou, nou va fè l. Nou p ap fè okenn moun wa. Fè sa ki bon nan zye ou.”
6 예후가 다시 저희에게 편지를 부치니 일렀으되 만일 너희가 내 편이 되어 내 말을 들으려거든 너희 주의 아들된 사람들의 머리를 취하고 내일 이맘때에 이스르엘에 이르러 내게 나아오라 하였더라 왕자 칠십인이 성중에서 그 교육하는 존귀한 자들과 함께 있는 중에
Alò, li te ekri yon lèt yon dezyèm fwa. Li te di: “Si ou sou kote pa m, ou va koute vwa m, pran tèt a mesye yo, fis a mèt ou yo, e vin kote mwen Jizréel demen vè lè sa a.” Alò, fis a wa yo, swasann-dis moun, te avèk moun enpòtan ki nan vil yo ki t ap leve yo.
7 편지가 이르매 저희가 왕자 칠십인을 잡아 몰수히 죽이고 그 머리를 광주리에 담아 이스르엘 예후에게로 보내니라
Lè lèt la te rive kote yo, yo te pran fis a wa yo e te touye yo; swasann-dis moun, e te mete tèt pa yo nan panyen pou te voye yo kote li Jizréel.
8 사자가 와서 예후에게 고하여 가로되 무리가 왕자들의 머리를 가지고 왔나이다 가로되 두 무더기로 쌓아 내일 아침까지 문 어귀에 두라 하고
Lè mesaje a te vin pale li, li te di: “Yo gen tan pote tèt a fis a wa yo.” Li te di yo: “Mete yo nan de pil nan antre pòtay la jis rive nan maten.”
9 이튿날 아침에 저가 나가 서서 뭇백성에게 이르되 너희는 의롭도다 나는 내 주를 배반하여 죽였거니와 이 여러 사람을 죽인 자는 누구냐
Alò, nan maten, li te ale deyò pou te kanpe pale a tout pèp la: “Nou inosan. Gade byen, mwen te fè konplo kont mèt mwen, e mwen te touye li. Men se kilès ki te touye tout sila yo?
10 그런즉 너희는 알라 곧 여호와께서 아합의 집에 대하여 하신 말씀은 하나도 땅에 떨어지지 아니하리라 여호와께서 그 종 엘리야로 하신 말씀을 이제 이루셨도다 하니라
Pou sa, konnen byen ke anyen p ap tonbe atè nan pawòl ke SENYÈ a te pale selon lakay Achab la, paske SENYÈ a te fè sa li te pale ak sèvitè li a, Élie.”
11 예후가 무릇 아합의 집에 속한 이스르엘에 남아 있는 자를 다 죽이고 또 그 존귀한 자와 가까운 친구와 제사장들을 죽이되 저에게 속한 자를 하나도 남기지 아니하였더라
Konsa, Jéhu te touye tout sila ki te rete lakay Achab nan Jizréel yo ak tout moun pwisan pa li yo, avèk sila ki te konnen li yo, avèk prèt li yo, jiskaske pa t gen moun pa l vivan.
12 예후가 일어나서 사마리아로 가더니 노중에 목자가 양털 깎는 집에 이르러
Epi li te leve sòti ale Samarie. Nan chemen an, pandan li te Beth-Eked ki te pou bèje yo,
13 유다 왕 아하시야의 형제들을 만나 묻되 너희는 누구냐 대답하되 우리는 아하시야의 형제라 이제 왕자들과 태후의 아들들에게 문안하러 내려가노라
Jéhu te rankontre fanmi a Achazia, wa Juda a. Li te mande: “Se kilès nou ye?” Yo te reponn: “Nou se fanmi a Achazia. Nou te vin desann pou salye fis a wa yo avèk fis a rèn nan.”
14 가로되 사로잡으라 하매 곧 사로잡아 목자가 양털 깎는 집 웅덩이 곁에서 죽이니 사십 이인이 하나도 남지 아니하였더라
Li te di: “Pran yo vivan.” Konsa, yo te pran yo vivan e te touye yo nan fòs ki rele Beth-Eked la; karann-de mesye, e li pa t kite youn nan yo.
15 예후가 거기서 떠나가다가 레갑의 아들 여호나답이 맞으러 오는 것을 만난지라 그 안부를 묻고 가로되 내 마음이 네 마음을 향하여 진실함과 같이 네 마음도 진실하냐 여호나답이 대답하되 그러하니이다 가로되 그러면 나와 손을 잡자 손을 잡으니 예후가 끌어 병거에 올리며
Alò, lè li te kite la, li te rankontre Jonadab, fis a Récab ki te vin rankontre li a. Li te salye li, e te di li: “Èske kè ou bon, jan kè m avèk kè ou a?” Jonadab te reponn: “Li konsa.” Jéhu te di: “Si li konsa, ban mwen men ou.” Epi li te pran li fè l monte nan cha li a.
16 가로되 나와 함께 가서 여호와를 위한 나의 열심을 보라 하고 이에 자기 병거에 태우고
Li te di: “Vini avè m pou wè zèl mwen pou SENYÈ a.” Konsa, li te fè li ale nan cha li a.
17 사마리아에 이르러 거기 남아있는바 아합에게 속한 자를 죽여 진멸하였으니 여호와께서 엘리야에게 이르신 말씀과 같이 되었더라
Lè li te rive Samarie, li te touye tout moun ki te rete pou Achab Samarie yo, jiskaske li te fin detwi li nèt, selon pawòl SENYÈ a te pale a Élie a.
18 예후가 뭇백성을 모으고 이르되 아합은 바알을 조금 섬겼으나 예후는 많이 섬기리라
Konsa, Jéhu te rasanble tout pèp la e li te pale yo: “Achab te sèvi Baal yon tikras; Jéhu va sèvi li anpil.
19 그러므로 내가 이제 큰 제사를 바알에게 드리고자 하노니 바알의 모든 선지자와 모든 섬기는 자와 모든 제사장들을 한 사람도 빠치지 말고 불러 내게로 나오게 하라 무릇 오지 아니하는 자는 살리지 아니하리라 하니 이는 예후가 바알 섬기는자를 멸하려 하여 궤계를 씀이라
Pou sa, voye fè parèt tout pwofèt a Baal yo, tout sila ki sèvi l avèk tout prèt li yo. Pa kite youn nan yo pa la. Paske mwen gen yon gran sakrifis pou Baal. Nenpòt moun ki pa la, p ap viv.” Men se avèk riz Jéhu te fè sa, jis pou li ta kapab detwi fidèl a Baal yo.
20 예후가 바알을 위하는 대회를 거룩히 열라 하매 드디어 공포하였더라
Jéhu te di: “Anonse yon fèt sen pou Baal.” Epi yo te anonse l.
21 예후가 온 이스라엘에 두루 보내었더니 무릇 바알을 섬기는 사람이 하나도 빠진 자가 없이 다 이르렀고 무리가 바알의 당에 들어가매 이편부터 저편까지 가득하였더라
Konsa, Jéhu te voye toupatou an Israël e tout sèvitè a Baal yo te vini, jis pa t gen yon moun ki rete ki pa t vini. Lè yo te antre nan kay Baal la, kay Baal la te ranpli jis sòti nan yon pwent pou rive nan yon lòt pwent.
22 예후가 예복 맡은 자에게 이르되 예복을 내어다가 무릇 바알 섬기는 자에게 주라 하매 저희에게로 예복을 가져온지라
Li te di a sila ki te sou chaj vètman yo: “Mennen vètman yo deyò pou tout sèvitè Baal yo.” Konsa, li te mennen vètman yo deyò pou yo.
23 예후가 레갑의 아들 여호나답으로 더불어 바알의 당에 들어가서 바알을 섬기는 자에게 이르되 너희는 살펴보아 바알을 섬기는 자만 여기 있게 하고 여호와의 종은 하나도 너희 중에 있지 못하게 하라 하고
Jéhu te antre lakay Baal avèk Jonadab, fis a Récab la, epi li te di a sèvitè Baal yo: “Chache pou wè ke pa gen pami nou okenn nan sèvitè SENYÈ a; men sèlman sèvitè a Baal yo.”
24 무리가 번제와 다른 제사를 드리려고 들어간 때에 예후가 팔십인을 밖에 두며 이르되 내가 너희 손에 붙이는 사람을 한 사람이라도 도망하게 하는 자는 자기의 생명으로 그 사람의 생명을 대신하리라 하니라
Epi yo te antre ladann pou ofri sakrifis avèk ofrann brile. Alò, Jéhu te estasyone pou li, katre-ven òm deyò a, e li te di: “Sila ki kite nenpòt nan mesye yo ke m mennen nan men nou yo chape, li menm va bay lavi li an echanj.”
25 번제 드리기를 다하매 예후가 호위병과 장관들에게 이르되 들어가서 한 사람도 나가지 못하게 하고 죽이라 하매 호위병과 장관 들이 칼로 저희를 죽여 밖에 던지고
Li te vin rive ke depi li te fin fè ofrann brile a, Jéhu te di a gad avèk ofisye wayal yo, “Antre ladann e touye yo! Pa kite pèsòn sòti!” Konsa, yo te touye yo avèk lam nepe, epi gad avèk ofisye wayal yo te jete yo deyò e te antre nan chanm enteryè nan kay Baal la.
26 바알의 당있는 성으로 가서 바알의 당에서 목상들을 가져다가 불사르고
Yo te pran pilye sakre lakay Baal yo e te mennen yo deyò pou te brile yo.
27 바알의 목상을 헐며 바알의 당을 훼파하여 변소를 만들었더니 오늘날까지 이르니라
Anplis, yo te kraze pilye sakre a Baal la, yo te kraze kay Baal la e te fè l tounen yon latrin jis rive jodi a.
28 예후가 이와 같이 이스라엘 중에서 바알을 멸하였으나
Konsa, Jéhu te rache Baal sòti an Israël.
29 이스라엘로 범죄케 한 느밧의 아들 여로보암의 죄 곧 벧엘과 단에 있는 금송아지를 섬기는 죄에서는 떠나지 아니하였더라
Men peche a Jéroboam yo, fis a Nebath la, avèk sila li te fè Israël peche a, depi sila yo, Jéhu pa t kite yo, menm jenn bèf an lò ki te Béthel e ki te Dan.
30 여호와께서 예후에게 이르시되 네가 나 보기에 정직한 일을 행하되 잘 행하여 내 마음에 있는대로 아합집에 다 행하였은즉 네 자손이 이스라엘 왕위를 이어 사대를 지나리라 하시니라
SENYÈ a te di a Jéhu: “Akoz ou te fè sa ki bon nan acheve sa ki bon nan zye m, e ou te fè a lakay Achab selon tout sa ki te nan kè M, fis ou yo jis rive nan katriyèm jenerasyon va chita sou twòn Israël la.”
31 그러나 예후가 전심으로 이스라엘 하나님 여호와의 율법을 지켜 행하지 아니하며 여로보암이 이스라엘로 범하게 한 그 죄에서 떠나지 아니하였더라
Men Jéhu pa t fè atansyon mache avèk tout kè li nan lalwa SENYÈ a, Bondye Israël la. Li pa t kite peche a Jéroboam yo, avèk sila li te fè Israël peche yo.
32 이때에 여호와께서 비로소 이스라엘을 찢으시매 하사엘이 그 사방을 치되
Nan jou sa yo, SENYÈ a te kòmanse koupe retire li nan peyi Israël la. Hazaël te bat yo toupatou nan teritwa Israël la,
33 요단 동편 길르앗 온 땅 곧 갓 사람과 르우벤 사람과 므낫세 사람의 땅 아르논 골짜기에 있는 아로엘에서부터 길르앗과 바산까지 하였더라
soti nan Jourdain an pou ale vè lès, tout peyi Galaad la, Gadit yo, Ribenit yo ak Manasit yo, soti nan Aroër, ki akote vale Arnon an, menm Galaad avèk Basan.
34 예후의 남은 사적과 무릇 행한 일과 모든 권세는 이스라엘 왕 역대지략에 기록되지 아니하였느냐
Alò, tout lòt zèv a Jéhu yo ak tout sa li te fè avèk tout pwisans li, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
35 예후가 그 열조와 함께 자매 사마리아에 장사되고 그 아들 여호아하스가 대신하여 왕이 되니라
Konsa, Jéhu te dòmi avèk zansèt li yo, e yo te antere li Samarie. Joachaz, fis li a, te devni wa nan plas li.
36 예후가 사마리아에서 이스라엘을 다스린 햇수는 이십 팔년이더라
Alò, tan ke Jéhu te renye sou Israël Samarie a se te venn-tuitan.