< 역대하 18 >
1 여호사밧이 부귀와 영광이 극하였고 아합으로 더불어 연혼하였더라
Alò Josaphat te gen gwo richès avèk lonè; epi li te fè alyans avèk Achab pa maryaj.
2 두어해 후에 저가 사마리아에 내려가서 아합에게 나아갔더니 아합이 저와 종자를 위하여 우양을 많이 잡고 함께 가서 길르앗 라못 치기를 권하더라
Kèk ane pita, li te desann kote Achab Samarie. Konsa, Achab te touye anpil mouton avèk bèf pou li avèk moun ki te avèk li yo, e li te konvenk li monte kont Ramoth-Galaad.
3 이스라엘 왕 아합이 유다 왕 여호사밧에게 이르되 `당신은 나와 함께 길르앗 라못으로 가시겠느뇨?' 대답하되 '나는 당신과 일반이요 내 백성은 당신의 백성과 일반이니 당신과 함께 싸우리이다'
Achab, wa Israël la, te di a Josaphat, wa Juda a: “Èske ou va monte avèk mwen kont Ramoth-Galaad?” Konsa, li te di li: “Mwen tankou ou menm e pèp mwen an tankou pèp pa w la, nou avèk ou nan batay la.”
4 여호사밧이 또 이스라엘 왕에게 이르되 `청컨대 먼저 여호와의 말씀이 어떠하신지 물어 보소서'
Anplis, Josaphat te di a wa Israël la: “Souple, fè ankèt avan pou pawòl SENYÈ a.”
5 이스라엘 왕이 이에 선지자 사백인을 모으고 저희에게 이르되 `우리가 길르앗 라못에 가서 싸우랴 말랴' 저희가 가로되 '올라 가소서 하나님이 그 성을 왕의 손에 붙이시리이다'
Epi wa Israël la te rasanble tout pwofèt yo, kat-san mesye. Li te di yo: “Èske nou dwe monte kont Ramoth-Galaad pou batay, oswa èske mwen dwe fè bak?” Epi yo te reponn: “Ale monte, paske Bondye va livre li nan men a wa a.”
6 여호사밧이 가로되 `이 외에 우리가 물을 만한 여호와의 선지자가 여기 있지 아니하니이까?'
Men Josaphat te di: “Èske pa gen toujou yon pwofèt SENYÈ a pou nou kab mande sa?”
7 이스라엘 왕이 여호사밧에게 이르되 `오히려 이믈라의 아들 미가야 한 사람이 있으니 저로 말미암아 여호와께 물을 수 있으나 저는 내게 대하여 길한 일은 예언하지 아니하고 항상 흉한 일만 예언하기로 내가 저를 미워하나이다' 여호사밧이 가로되 '왕은 그런 말씀을 마소서'
Wa Israël la te di a Josaphat: “Gen youn toujou ke nou kab fè demann a SENYÈ a, men mwen rayi li, paske li pa janm pwofetize sa ki bon pou mwen, men toujou, mal. Li se Michée, fis Jimla a.” Men Josaphat te di: “Pa kite wa a pale konsa.”
8 이스라엘 왕이 한 내시를 불러 이르되 `이믈라의 아들 미가야로 속히 오게 하라' 하니라
Konsa, wa Israël la te rele yon ofisye e te di: “Fè vit, mennen Michée, fis Jimla a.”
9 이스라엘 왕과 유다 왕 여호사밧이 왕복을 입고 사마리아 성문 어귀 광장에서 각기 보좌에 앉았고 모든 선지자가 그 앞에서 예언을 하는데
Alò, wa Israël la avèk Josaphat, wa Juda a te chita yo chak sou twòn yo, abiye ak manto yo. Yo te chita kote glasi vannen an nan antre pòtay Samarie a, epi tout pwofèt yo t ap pwofetize devan yo.
10 그나아나의 아들 시드기야는 철로 뿔들을 만들어 가지고 말하되 `여호와의 말씀이 왕이 이것들로 아람 사람을 찔러 진멸하리라 하셨다' 하고
Sédécias, fis a Kenaana a, te fè kòn an fè pou kont li. Li te di: “Konsa pale SENYÈ a, ‘Avèk sila yo, ou va frennen Siryen yo, jiskaske yo fin detwi nèt.’”
11 모든 선지자도 그와 같이 예언하여 이르기를 `길르앗 라못으로 올라가서 승리를 얻으소서 여호와께서 그 성을 왕의 손에 붙이시리이다' 하더라
Tout pwofèt yo t ap pwofetize konsa. Yo t ap di: “Ale monte Ramoth-Galaad e reyisi, paske SENYÈ a va livre li nan men a wa a.”
12 미가야를 부르러 간 사자가 일러 가로되 `선지자들의 말이 여출일구하여 왕에게 길하게 하니 청컨대 당신의 말도 저희 중 한 사람처럼 길하게 하소서'
Konsa, mesaje ki te ale fè demand prezans Michée a te pale avèk li. Li te di: “Gade byen, pawòl a pwofèt yo favorab nèt pou wa a. Konsa, souple, kite pawòl ou fèt tankou pa yo a e pale anfavè li.”
13 미가야가 가로되 `여호와의 사심을 가리켜 맹세하노니 내 하나님의 말씀하시는 것 곧 그것을 내가 말하리라' 하고
Men Michée te di: “Jan SENYÈ a viv la, sa ke Bondye mwen an di, se sa mwen va pale.”
14 이에 왕에게 이르니 왕이 저에게 이르되 `미가야야 우리가 길르앗 라못으로 싸우러 가랴' 가로되 '올라가서 승리를 얻으소서 저희가 왕의 손에 붙인 바 되리이다'
Lè li te rive kote wa a, wa a te di li: “Michée, èske nou dwe monte Ramoth-Galaad pou batay la, oswa èske mwen dwe fè bak?” Li te di: “Ale monte e reyisi, paske yo va livre nan men ou.”
15 왕이 저에게 이르되 `여호와의 이름으로 진실한 것만 말하라고 내가 몇번이나 너로 맹세케 하여야 하겠느냐?'
Epi wa a te di li: “Konbyen fwa mwen oblije fè demann ke ou pa pale anyen sof ke laverite nan non SENYÈ a?”
16 저가 가로되 `내가 보니 온 이스라엘이 목자 없는 양 같이 산에 흩어졌는데 여호와의 말씀이 이 무리가 주인이 없으니 각각 평안히 그 집으로 돌아갈 것이니라 하셨나이다'
Konsa, li te reponn: “Mwen te wè tout Israël gaye sou mòn yo tankou mouton ki pa t gen bèje. Konsa, SENYÈ a te di: ‘Sila yo pa gen mèt. Kite yo chak retounen lakay yo anpè.’”
17 이스라엘 왕이 여호사밧에게 이르되 `저 사람이 내게 대하여 길한 것을 예언하지 아니하고 흉한 것만 예언하겠다고 당신에게 말씀하지 아니하였나이까?'
Wa Israël la te di a Josaphat: “Èske mwen pa t di ou ke li pa t pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal?”
18 미가야가 가로되 `그런즉 왕은 여호와의 말씀을 들으소서 내가 보니 여호와께서 그 보좌에 앉으셨고 하늘의 만군이 그 좌우편에 모시고 섰는데
Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a: Mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou twòn li an ak tout lame syèl la ki te kanpe adwat Li ak agoch Li.
19 여호와께서 말씀하시기를 누가 이스라엘 왕 아합을 꾀어 저로 길르앗 라못에 올라가서 죽게 할꼬 하시니 하나는 이렇게 하겠다 하고 하나는 저렇게 하겠다 하였는데
SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab, wa Israël la, pou monte tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sa, pandan yon lòt te di yon lòt bagay.
20 한 영(靈)이 나아와 여호와 앞에 서서 말하되 내가 저를 꾀이겠나이다 여호와께서 저에게 이르시되 어떻게 하겠느냐?
Alò, yon lespri te parèt e te kanpe devan SENYÈ a. Li te di: Mwen va sedwi li.’” “Epi SENYÈ a te di: ‘Kijan’?
21 가로되 내가 나가서 거짓말하는 영이 되어 그 모든 선지자의 입에 있겠나이다 여호와께서 가라사대 너는 꾀이겠고 또 이루리라 나가서 그리하라 하셨은즉
“Li te reponn: ‘Mwen va ale fè l tankou yon lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.’ “Epi Li te di: ‘Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale fè sa.’
22 이제 여호와께서 거짓말하는 영을 왕의 이 모든 선지자의 입에 넣으셨고 또 여호와께서 왕에게 대하여 화를 말씀하셨나이다'
“Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri manti nan bouch a sila yo, pwofèt ou yo, paske SENYÈ a te pwoklame dega kont ou.”
23 그나아나의 아들 시드기야가 가까이 와서 미가야의 뺨을 치며 이르되 `여호와의 영이 나를 떠나 어디로 말미암아 가서 네게 말씀 하더냐?'
Konsa, Sédécias, fis a Kenaana a, te pwoche. Li te frape Michée sou machwè l e te di: “Ki kote chemen Lespri SENYÈ a te fè kite mwen pou pale avè w?”
24 미가야가 가로되 `네가 골방에 들어가서 숨는 그 날에 보리라'
Michée te di: “Gade byen, nan jou ke ou antre nan chanm anndan pou kache kò ou la, ou va wè sa.”
25 이스라엘 왕이 가로되 `미가야를 잡아 부윤 아몬과 왕자 요아스에게로 끌고 돌아가서
Alò, wa Israël la te di: “Pran Michée e fè l retounen kote Amon, majistra vil la ak Joas, fis a wa a.
26 말하기를 왕의 말씀이 이 놈을 옥에 가두고 내가 평안히 돌아올때까지 고생의 떡과 고생의 물로 먹이라' 하라
Di yo: ‘Konsa pale wa a: “Mete nonm sila a nan prizon a, e ba li tikras pen ak dlo jiskaske m retounen anpè.”’”
27 미가야가 가로되 `왕이 참으로 평안히 돌아오시게 될진대 여호와께서 나로 말씀하지 아니하셨으리이다' 또 가로되 '너희 백성들아 다 들을지어다!' 하니라
Michée te di: “Si, anverite, ou ta retounen anpè, SENYÈ a pa t vrèman pale avèk mwen.” Li te di: “Koute byen, tout pèp yo!”
28 이스라엘 왕과 유다 왕 여호사밧이 길르앗 라못으로 올라가니라
Konsa, wa Israël avèk Josaphat, wa Juda a, te monte kont Ramoth-Galaad.
29 이스라엘 왕이 여호사밧에게 이르되 `나는 변장하고 군중으로 들어가려 하노니 당신은 왕복을 입으소서' 하고 이스라엘 왕이 변장하고 둘이 군중으로 들어가니라
Wa Israël la te di a Josaphat: “Mwen va kache idantite mwen pou antre nan batay la, e ou menm, mete pwòp manto ou.” Konsa, wa Israël la te kache idantite li, e yo te antre nan batay la.
30 아람 왕이 그 병거 장관들에게 이미 명하여 이르기를 `너희는 작은 자나 큰 자나 더불어 싸우지 말고 오직 이스라엘 왕과 싸우라' 한지라
Alò, wa Syrie a te kòmande chèf a cha li yo. Li te di: “Pa goumen avèk piti ni gran, men avèk wa Israël la sèlman.”
31 병거의 장관들이 여호사밧을 보고 이르되 `이가 이스라엘 왕이라' 하고 돌이켜 저와 싸우려 한즉 여호사밧이 소리를 지르매 여호와께서 저를 도우시며 하나님이 저희를 감동시키사 저를 떠나가게 하신지라
Pou sa, lè chèf a cha yo te wè Josaphat, yo te di: “Li se wa Israël la,” e yo te vire akote pou goumen kont li. Men Josaphat te kriye anmwey, e SENYÈ a te fè l sekou. Bondye te angaje yo pou yo te kite l.
32 병거의 장관들이 저가 이스라엘 왕이 아님을 보고 쫓기를 그치고 돌이켰더라
Lè chèf cha yo te wè ke se pa t wa Israël la, yo te retounen pa swiv li.
33 한 사람이 우연히 활을 당기어 이스라엘 왕의 갑옷 솔기를 쏜지라 왕이 그 병거 모는 자에게 이르되 '내가 부상하였으니 네 손을 돌이켜 나로 군중에서 나가게 하라' 하였으나
Yon sèten nonm te rale banza li pa aza, e te frape wa Israël la nan yon kwen nan pwotèj kò a. Konsa, li te pale a chofè cha a: “Vire tounen e fè m sòti nan batay la, paske mwen blese byen grav.”
34 이 날의 전쟁이 맹렬하였으므로 이스라엘 왕이 병거에서 스스로 부지하며 저녁때까지 아람 사람을 막다가 해가 질 즈음에 죽었더라
Batay la te chofe byen rèd tout jounen an e wa Israël te fòse pou l te kab kanpe nan cha li a devan Siryen yo jis rive nan aswè; epi nan kouche solèy la, li te mouri.