< 詩篇 113 >

1 主をほめたたえよ。主のしもべたちよ、ほめたたえよ。主のみ名をほめたたえよ。
Louwe SENYÈ a! Louwe, O sèvitè a SENYÈ yo, Louwe non SENYÈ a.
2 今より、とこしえに至るまで主のみ名はほむべきかな。
Beni se non SENYÈ a, soti nan tan sa a e jis pou tout tan.
3 日のいずるところから日の入るところまで、主のみ名はほめたたえられる。
Depi solèy leve jiskaske li kouche, non SENYÈ a dwe louwe.
4 主はもろもろの国民の上に高くいらせられ、その栄光は天よりも高い。
SENYÈ a wo, anwo tout nasyon yo! Glwa Li pi wo syèl yo!
5 われらの神、主にくらぶべき者はだれか。主は高き所に座し、
Se kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an, Ki sou twòn Li anwo a,
6 遠く天と地とを見おろされる。
ki abese tèt Li pou gade tout bagay ki nan syèl yo ak sou latè yo?
7 主は貧しい者をちりからあげ、乏しい者をあくたからあげて、
Li fè malere a leve sòti nan pousyè a e leve endijan an sòti nan pil sann nan,
8 もろもろの君たちと共にすわらせ、その民の君たちと共にすわらせられる。
pou fè yo chita avèk prens yo. Menm avèk prens a pèp Li yo.
9 また子を産まぬ女に家庭を与え、多くの子供たちの喜ばしい母とされる。主をほめたたえよ。
Li fè fanm steril la vin rete nan kay kon yon manman pitit ak kè kontan. Louwe SENYÈ a!

< 詩篇 113 >