< 詩篇 103 >
1 ダビデの歌 わがたましいよ、主をほめよ。わがうちなるすべてのものよ、その聖なるみ名をほめよ。
Yon Sòm David Beni SENYÈ a, O nanm mwen! Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!
2 わがたましいよ、主をほめよ。そのすべてのめぐみを心にとめよ。
Beni SENYÈ a, O nanm mwen, e pa janm bliye benefis Li yo,
3 主はあなたのすべての不義をゆるし、あなたのすべての病をいやし、
ki padone tout inikite ou yo, ki geri tout maladi ou yo,
4 あなたのいのちを墓からあがないいだし、いつくしみと、あわれみとをあなたにこうむらせ、
ki rachte lavi ou soti nan fòs la, ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk mizerikòd;
5 あなたの生きながらえるかぎり、良き物をもってあなたを飽き足らせられる。こうしてあなたは若返って、わしのように新たになる。
ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay, Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.
6 主はすべてしえたげられる者のために正義と公正とを行われる。
SENYÈ a fè zèv ladwati pou tout (sila) ki oprime yo.
7 主はおのれの道をモーセに知らせ、おのれのしわざをイスラエルの人々に知らせられた。
Li te fè chemen Li yo byen klè a Moïse, zèv Li yo a fis Israël yo.
8 主はあわれみに富み、めぐみふかく、怒ること遅く、いつくしみ豊かでいらせられる。
SENYÈ a plen mizerikòd ak gras, lan nan kòlè e ranpli avèk lanmou dous.
9 主は常に責めることをせず、また、とこしえに怒りをいだかれない。
Li p ap toujou goumen ak nou, ni Li p ap kenbe kòlè Li jis pou tout tan.
10 主はわれらの罪にしたがってわれらをあしらわず、われらの不義にしたがって報いられない。
Li pa t aji avèk nou selon peche nou yo, ni rekonpanse nou selon inikite nou yo.
11 天が地よりも高いように、主がおのれを恐れる者に賜わるいつくしみは大きい、
Paske menm jan syèl yo pi wo pase tè a, menm jan an lanmou dous Li a ye anvè (sila) ki krent Li yo.
12 東が西から遠いように、主はわれらのとがをわれらから遠ざけられる。
Menm jan lès lwen lwès la, Se konsa li te retire transgresyon nou yo lwen nou.
13 父がその子供をあわれむように、主はおのれを恐れる者をあわれまれる。
Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo, se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou (sila) ki krent Li yo.
14 主はわれらの造られたさまを知り、われらのちりであることを覚えていられるからである。
Paske Li menm, Li konnen jan nou fèt. Li sonje byen ke nou pa plis ke pousyè.
15 人は、そのよわいは草のごとく、その栄えは野の花にひとしい。
Men pou lòm, jou li yo se tankou zèb. Tankou yon flè nan chan, se konsa li fleri.
16 風がその上を過ぎると、うせて跡なく、その場所にきいても、もはやそれを知らない。
Depi van fin pase sou li, li pa la ankò e plas li a pa rekonèt li ankò.
17 しかし主のいつくしみは、とこしえからとこしえまで、主を恐れる者の上にあり、その義は子らの子に及び、
Men lanmou dous a SENYÈ a, soti pou tout tan jis rive pou tout tan sou (sila) ki gen lakrent Li yo e ladwati Li a pitit pitit li yo,
18 その契約を守り、その命令を心にとめて行う者にまで及ぶ。
pou (sila) ki kenbe akò Li yo, e sonje règleman Li yo pou fè yo.
19 主はその玉座を天に堅くすえられ、そのまつりごとはすべての物を統べ治める。
SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la e souverènte li regne sou tout bagay.
20 主の使たちよ、そのみ言葉の声を聞いて、これを行う勇士たちよ、主をほめまつれ。
Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo, pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li, ki obeyisan a vwa pawòl Li!
21 そのすべての万軍よ、そのみこころを行うしもべたちよ、主をほめよ。
Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo, nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.
22 主が造られたすべての物よ、そのまつりごとの下にあるすべての所で、主をほめよ。わがたましいよ、主をほめよ。
Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo, nan tout kote nan wayòm Li an. Beni SENYÈ a, O nanm mwen!