< ヨブ 記 19 >

1 そこでヨブは答えて言った、
Epi Job te reponn:
2 「あなたがたはいつまでわたしを悩まし、言葉をもってわたしを打ち砕くのか。
Pou konbyen de tan, nou va toumante m, e kraze mwen avèk pawòl yo?
3 あなたがたはすでに十度もわたしをはずかしめ、わたしを悪くあしらってもなお恥じないのか。
Dis fwa sa yo nou te ensilte m; nou pa menm wont fè m tò.
4 たといわたしが、まことにあやまったとしても、そのあやまちは、わたし自身にとどまる。
Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.
5 もしあなたがたが、まことにわたしに向かって高ぶり、わたしの恥を論じるならば、
Si anverite nou vin ògeye kont mwen, e fè m wè prèv a gwo wont mwen,
6 『神がわたしをしえたげ、その網でわたしを囲まれたのだ』と知るべきだ。
alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò, e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.
7 見よ、わたしが『暴虐』と叫んでも答えられず、助けを呼び求めても、さばきはない。
“Gade byen, mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons. Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.
8 彼はわたしの道にかきをめぐらして、越えることのできないようにし、わたしの行く道に暗やみを置かれた。
Li te bare chemen mwen pou m pa kab pase, e Li te mete fènwa sou pa m yo.
9 彼はわたしの栄えをわたしからはぎ取り、わたしのこうべから冠を奪い、
Li te retire lonè sou mwen e te retire kouwòn nan sou tèt mwen.
10 四方からわたしを取りこわして、うせさせ、わたしの望みを木のように抜き去り、
Li kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt; Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.
11 わたしに向かって怒りを燃やし、わたしを敵のひとりのように思われた。
Anplis, Li te limen lakòlè Li kont mwen e te konsidere m kon lènmi Li.
12 その軍勢がいっせいに来て、塁を築いて攻め寄せ、わたしの天幕のまわりに陣を張った。
Lame Li a vin rasanble pou bati chemen pa yo kont mwen. Yo fè kan kap antoure tant mwen an.
13 彼はわたしの兄弟たちをわたしから遠く離れさせられた。わたしを知る人々は全くわたしに疎遠になった。
“Li te retire frè m yo byen lwen mwen e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.
14 わたしの親類および親しい友はわたしを見捨て、
Fanmi mwen yo vin fè fayit e pi pwòch zami m yo te bliye m.
15 わたしの家に宿る者はわたしを忘れ、わたしのはしためらはわたしを他人のように思い、わたしは彼らの目に他国人となった。
Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo konsidere m kon yon etranje. Mwen se yon etranje menm nan zye yo.
16 わたしがしもべを呼んでも、彼は答えず、わたしは口をもって彼に請わなければならない。
Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn; mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.
17 わたしの息はわが妻にいとわれ、わたしは同じ腹の子たちにきらわれる。
Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen, e mwen vin abominab a pwòp frè m.
18 わらべたちさえもわたしを侮り、わたしが起き上がれば、わたしをあざける。
Timoun yo meprize mwen. Mwen leve e yo pale kont mwen.
19 親しい人々は皆わたしをいみきらい、わたしの愛した人々はわたしにそむいた。
Tout asosye m yo etone ak krent devan m. Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.
20 わたしの骨は皮と肉につき、わたしはわずかに歯の皮をもってのがれた。
Zo m yo kole sou po m ak chè m; se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.
21 わが友よ、わたしをあわれめ、わたしをあわれめ、神のみ手がわたしを打ったからである。
“Gen pitye pou mwen, gen pitye, O nou menm ki zanmi mwen yo, paske men Bondye vin frape mwen.
22 あなたがたは、なにゆえ神のようにわたしを責め、わたしの肉をもって満足しないのか。
Poukisa n ap pèsekite mwen menm tankou Bondye e pa satisfè ak chè mwen.
23 どうか、わたしの言葉が、書きとめられるように。どうか、わたしの言葉が、書物にしるされるように。
O ke pawòl mwen yo te ekri! O ke yo te enskri nan yon liv!
24 鉄の筆と鉛とをもって、ながく岩に刻みつけられるように。
Ke avèk pwent plim ak plon, yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!
25 わたしは知る、わたしをあがなう者は生きておられる、後の日に彼は必ず地の上に立たれる。
Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan. Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.
26 わたしの皮がこのように滅ぼされたのち、わたしは肉を離れて神を見るであろう。
Menm lè po m fin detwi, malgre chè m fin sòti, mwen va wè Bondye nan chè a;
27 しかもわたしの味方として見るであろう。わたしの見る者はこれ以外のものではない。わたしの心はこれを望んでこがれる。
ke mwen, mwen menm va wè, ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje. “Kè m vin fèb anndan m.
28 あなたがたがもし『われわれはどうして彼を責めようか』と言い、また『事の根源は彼のうちに見いだされる』と言うならば、
Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’ pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’
29 つるぎを恐れよ、怒りはつるぎの罰をきたらすからだ。これによって、あなたがたは、さばきのあることを知るであろう」。
fè lakrent nepe a pou kont nou, paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a. Fòk nou kab konnen, gen jijman.”

< ヨブ 記 19 >