< 詩篇 95 >
1 率われらヱホバにむかひてうたひ すくひの磐にむかひてよろこばしき聲をあげん
O vini, annou chante a SENYÈ a! Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
2 われら感謝をもてその前にゆき ヱホバにむかひ歌をもて歓ばしきこゑをあげん
Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman, Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
3 そはヱホバは大なる神なり もろもろの神にまされる大なる王なり
Paske SENYÈ a se yon gran Bondye, e yon gran wa pi wo ke tout dye yo.
4 地のふかき處みなその手にあり 山のいただきもまた神のものなり
Nan men (Sila) pwofondè latè yo ye a. Pwent mòn yo osi se pou Li.
5 うみは神のものその造りたまふところ旱ける地もまたその手にて造りたまへり
Lanmè a se pou Li, paske se te Li menm ki te fè l. Ak men L, Li te fòme tè sèch la.
6 いざわれら拝みひれふし我儕をつくれる主ヱホバのみまへに曲跪くべし
Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène. Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.
7 彼はわれらの神なり われらはその草苑の民その手のひつじなり 今日なんぢらがその聲をきかんことをのぞむ
Paske se Li menm ki Bondye nou an. Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo. Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,
8 なんぢらメリバに在りしときのごとく 野なるマサにありし日の如く その心をかたくなにするなかれ
pa fè kè nou vin di tankou nan Meriba, tankou nan jou a Massa nan dezè yo,
9 その時なんぢらの列祖われをこころみ我をためし 又わがわざをみたり
“lè papa zansèt nou yo te pase M a leprèv. Yo te tante Mwen, malgre yo te deja wè zèv Mwen yo.
10 われその代のためにうれへて四十年を歴 われいへり かれらは心あやまれる民わが道を知ざりきと
Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon (sila) a e te di: “Yo se yon pèp ki egare nan kè yo. Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”
11 このゆゑに我いきどほりて彼等はわが安息にいるべからずと誓ひたり
Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen, “Anverite, yo p ap antre nan repo Mwen an.”