< 詩篇 142 >

1 われ聲をいだしてヱホバによばはり 聲をいだしてヱホバにこひもとむ
Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a. Ak vwa m, mwen fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.
2 われはその聖前にわが歎息をそそぎいだし そのみまへにわが患難をあらはす
Mwen vide plent mwen yo devan L. Mwen deklare pwoblèm mwen yo devan L.
3 わが霊魂わがうちにきえうせんとするときも汝わがみちを識たまへり 人われをとらへんとてわがゆくみちに羂をかくせり
Lè lespri m te fin bat anndan m, Ou te konnen chemen mwen. Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
4 願くはわがみぎの手に目をそそぎて見たまへ 一人だに我をしるものなし われには避所なくまたわが霊魂をかへりみる人なし
Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen. Nanpwen moun ki pou fè m chape. Nanpwen moun ki pou pran swen m.
5 ヱホバよわれ汝をよばふ 我いへらく汝はわがさけどころ有生の地にてわがうべき分なりと
Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ. Mwen te di “Se Ou menm ki sekou mwen, pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”
6 ねがはくはわが號呼にみこころをとめたまへ われいたく卑くせられたればなり 我をせむる者より助けいだしたまへ 彼等はわれにまさりて強ければなり
“Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt. Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo, paske yo twò fò pou mwen.
7 願くはわがたましひを囹圄よりいだし われに聖名を感謝せしめたまへ なんぢ豊かにわれを待ひたまふべければ 義者われをめぐらん
Mennen nanm mwen sòti nan prizon, pou m kab bay remèsiman a non Ou. Moun ladwati mwen yo va antoure mwen, paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”

< 詩篇 142 >