< 民数記 34 >

1 ヱホバ、モーセに告て言たまはく
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 イスラエルの子孫に告てこれに言へ汝らがカナンの地にいる時に汝らに歸して產業となる地は是なり即ち是カナンの地その境に循へる者
Kòmande fis Israël yo e di yo: “Lè nou antre nan peyi Canaran an, sa se peyi ki va vin tonbe pou nou kòm eritaj la; peyi a Canaran an menm, selon lizyè pa li.
3 汝らの南の方はエドムに接すろチンの曠野より起り南の界は鹽海の極端より東の方にいたるべし
“Pati sid la va rive soti nan dezè Tsin nan akote Edom. Lizyè sid la va kouri soti nan pwent Lamè Sale a pou ale vè lès.
4 また汝らの界は南より繞りてアクラビムの坂にいたりてチンに赴き南よりカデシバルネアに亘りハザルアダルに進みアズモンに赴くべし
Epi lizyè nou an va vire soti nan sid pou monte vè Akrabbim, e kontinye rive nan Tsin, epi dènye pwent li an va nan sid Kadès-Barnéa. Konsa, li va rive nan Hatsar-Addar pou kontinye rive nan Atsmon.
5 その界はまたアズモンより繞りてエジプトの河にいたり海におよびて盡べし
Lizyè a va vire soti nan Atsmon nan ti flèv Égypte la, pou fini nan lanmè.
6 西の界においては大海をもてその界とすべし是を汝らの西の界とす
“‘Epi selon fwontyè lwès la, nou va genyen Gran Lamè a, sa vle di kot li. Sa va fwontyè lwès la.
7 汝らの北の界は是のごとし即ち大海よりホル山までを畫り
“‘Epi sa va fwontyè nò nou: nou va trase lizyè a soti nan Gran Lamè a pou rive nan Mòn Hor.
8 ホル山よりハマテの入口までを畫りその界をしてゼダデまで亘らしむべし
Nou va trase yon lizyè soti nan Mòn Hor pou rive nan Lebo-hamath, e fwontyè a va vin fini nan Tsedad.
9 またその界はジフロンに進みハザルエノンにいたりて盡べし是を汝らの北の界とす
Konsa, fwontyè a va kontinye nan Ziphron, e dènye pwent li an va nan Hatsar-Énan. Sa va fwontyè nò nou.
10 汝らの東の界はハザルエノンよりシバムまでを畫るべし
“‘Pou fwontyè lès la, nou va osi trase yon lizyè soti nan Hatsar-Énan pou rive nan Schepham.
11 またその界はアインの東の方においてシバムよりリブラに下りゆくべし斯その界は下りてキンネレテの海の東の傍に抵り
Konsa, fwontyè a va desann soti nan Schepham nan Ribla nan kote lès a Aïn nan. Epi lizyè a va desann rive nan pant sou kote lès a Lamè Kinnéreth la.
12 その界ヨルダンに下りゆきて鹽海におよびて盡べし汝らの國はその周圍の界に依ば是のごとくなるべし
Konsa, fwontyè a va desann rive nan Jourdain an, e li va fini nan Lamè Sale a. Sa va peyi pa nou an selon lizyè yo ki antoure li a.’”
13 モーセ、イスラエルの子孫に命じて言けるは是すなはち汝らが鬮をもて獲べき地なりヱホバこれを九の支派と半支派とに與へよと命じたまふ
Konsa, Moïse te kòmande fis Israël yo. Li te di: “Sa se peyi ke nou gen pou separe selon tiraj osò pami nou menm kòm posesyon, ke SENYÈ a te kòmande pou bay a nèf tribi edmi yo.
14 そはルベンの子孫の支派とガドの子孫の支派はともにその宗族にしたがひてその產業を受けまたマナセの半支派もその產業を受たればなり
Paske, tribi a fis Ruben yo te deja resevwa pa yo selon lakay zansèt pa yo, tribi a fis a Gad yo selon lakay zansèt pa yo, e mwatye tribi a Manassé a te resevwa posesyon pa l.
15 この二の支派と半支派とはヱリコに對するヨルダンの彼旁すなはちその東日の出る方においてその產業を受たり
De tribi edmi sa yo te resevwa posesyon pa yo lòtbò Jourdain an, anfas Jéricho, vè lès, vè solèy leve a.”
16 ヱホバまたモーセに告て言たまはく
Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
17 汝らに地を分つ人々の名は是なり即ち祭司エレアザルとヌンの子ヨシユア
“Sila yo se non a mesye ki va divize peyi a bannou kòm eritaj nou yo: Éléazar, prèt la, avèk Josué, fis a Nun nan.
18 汝らまた各箇の支派より牧伯一人づつを簡びて地を分つことを爲しむべし
Nou va pran yon chèf nan chak tribi pou divize peyi a kòm eritaj nou.
19 その人々の名は是のごとしユダの支派にてはエフンネの子カルブ
“Sila yo se non a mesye sa yo: nan tribi Juda a, Caleb, fis a Jephaunné a.
20 シメオンの子孫の支派にてはアミホデの子サムエル
“Nan tribi fis a Siméon yo, Samuel fis a Ammihud la.
21 ベニヤミンの支派にてはキスロンの子エリダデ
“Nan tribi Benjamin an, Élidad fis a Kislon an.
22 ダンの子孫の支派の牧伯はヨグリの子ブッキ
Nan tribi fis a Dan yo, yon chèf, Buki, fis a Jogli a.
23 ヨセフの子孫すなはちマナセの子孫の支派の牧伯はエポデの子ハニエル
“Nan tribi fis Joseph yo: nan tribi a fis a Manassé yo, chèf Hanniel, fis a Éphod la.
24 エフライムの子孫の支派の牧伯はシフタンの子ケムエル
“Nan tribi a fis a Éphraïm nan, yon chèf, Kemuel, fis a Schiphtan an.
25 ゼブルンの子孫の支派の牧伯はパルナクの子エリザバン
“Nan tribi a fis a Zabulon yo, yon chèf, Élitsaphan, fis a Parnac la.
26 イッサカルの子孫の支派の牧伯はアザンの子パルテエル
“Nan tribi a fis a Issacar yo, yon chèf, Paltiel, fis a Azzan an.
27 アセルの子孫の支派の牧伯はシロミの子アヒウデ
“Nan tribi a fis a Aser yo; yon chèf, Ahihud, fis a Schelomi a.
28 ナフタリの子孫の支派の牧伯はアミホデの子パダヘル
“Nan tribi a fis a Nephtali yo, yon chèf, Pedahel, fis a Ammihud la.”
29 カナンの地においてイスラエルの子孫に產業を分つことをヱホバの命じたまへる人は是のごとし
Sa yo se sila ke SENYÈ a te kòmande pou divize eritaj a fis Israël yo nan peyi Canaran an.

< 民数記 34 >