< レビ記 18 >

1 ヱホバまたモーセに告て言たまはく
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
2 イスラエルの子孫に告て之に言へ我は汝らの神ヱホバなり
“Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
3 汝らその住をりしエジプトの國に行はるる所の事等を傚ひ行ふべからずまた我が汝等を導きいたるカナンの國におこなはるる所の事等を傚ひおこなふべからずまたその例に歩行べからず
Pinga nou fè sa ki te fèt nan peyi Égypte kote nou te rete a, ni pinga nou fè sa ki fèt nan peyi Canaan kote Mwen ap mennen nou an. Pinga nou mache nan règleman pa yo.
4 汝等は我が法を行ひ我が例をまもりてその中にあゆむべし我は汝等の神ヱホバなり
Se pou nou aji selon jijman pa M e kenbe règleman pa M, pou mache nan yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
5 汝等わが例とわが法をまもるべし人もし是を行はば之によりて生べし我はヱホバなり
Konsa nou va kenbe règleman Mwen yo, ak jijman Mwen yo, pa sila yon nonm kapab viv si li fè yo. Mwen se SENYÈ a.
6 汝等凡てその骨肉の親に近づきて之と淫するなかれ我はヱホバなり
“‘Pinga okenn nan nou pwoche okenn fanmi de san nou pou dekouvri nidite li: Mwen se SENYÈ a.
7 汝の母と淫するなかれ是汝の父を辱しむるなればなり彼は汝の母なれば汝これと淫するなかれ
“‘Nou pa pou dekouvri nidite papa nou, ni nidite a manman nou. Li se manman nou; nou pa pou dekouvri nidite li.
8 汝の父の妻と淫するなかれ是汝の父を辱しむるなればなり
“‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm papa nou. Li se nidite a papa nou.
9 汝の姉妹すなはち汝の父の女子と汝の母の女子は家に生れたると家外に生れたるとによらず凡てこれと淫するなかれ
“‘Nidite a sè nou, oswa fi papa nou, oswa fi manman nou, kit li fèt nan kay la, kit li fèt deyò; nidite pa yo, nou pa pou dekouvri yo.
10 汝の男子の女子または汝の女子の女子と淫する事なかれ是自己を辱しむるなればなり
“‘Nidite fi a fis nou, oswa fi a fi nou; nidite yo, nou pa pou dekouvri yo; paske nidite pa yo se pa nou.
11 汝の父の妻が汝の父によりて產たる女子は汝の姉妹なれば之と淫する勿れ
“‘Nidite a pitit fi madanm a papa nou, fèt pou papa nou, li se sè nou, nou pa pou dekouvri nidite li.
12 汝の父の姉妹と淫するなかれ是は汝の父の骨肉の親なればなり
“‘Nou pa pou dekouvri nidite sè papa nou. Li se pwòp relasyon san papa nou.
13 また汝の母の姉妹と淫する勿れ是は汝の母の骨肉の親なり
“‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, paske li se pwòp san manman nou.
14 汝の父の兄弟の妻に親づきて之と淫する勿れ是は汝の叔伯母なり
“‘Nou pa pou dekouvri nidite frè papa nou. Nou pa pou pwoche madanm li. Li se matant nou.
15 汝の媳と淫するなかれ是は汝の息子の妻なれば汝これと淫する勿れ
“‘Nou pa pou dekouvri nidite bèlfi nou. Li se madanm a fis nou. Nou pa pou dekouvri nidite li.
16 汝の兄弟の妻と淫する勿れ是汝の兄弟を辱しむるなればなり
“‘Nou pa pou dekouvri nidite madanm frè nou. Li se nidite a frè nou.
17 汝婦人とその婦の女子とに淫する勿れまたその婦人の子息の女子またはその女子の女子を取て之に淫する勿れ是等は汝の骨肉の親なれば然するは惡し
“‘Nou pa pou dekouvri nidite a yon fanm avèk fi li. Ni nou pa pou pran fi a fis li, ni fi a fi li, pou dekouvri nidite li. Yo se relasyon san. Sa vrèman lèd.
18 汝妻の尚生る間に彼の姉妹を取て彼とおなじく妻となして之に淫する勿れ
“‘Nou pa pou marye yon fanm ansanm avèk sè li pou fè jalouzi pandan sè li toujou vivan an, pou dekouvri nidite li.
19 婦のその行經の汚穢にある間はこれに近づきて淫するなかれ
“‘Osi nou pa pou pwoche yon fanm pou dekouvri nidite li pandan règ li fè l pa pwòp.
20 汝の鄰の妻と交合して彼によりて己が身を汚すなかれ
“‘Nou pa pou fè zak seksyèl avèk madanm vwazen nou pou nou ta vin konwonpi ansanm avèk li.
21 汝その子女に火の中を通らしめてこれをモロクにささぐることを絶て爲ざれ亦汝の神ヱホバの名を汚すことなかれ我はヱホバなり
“‘Nou pa pou bay okenn nan pitit nou yo pou ofri bay Moloc. Nou pa pou degrade non Bondye. Mwen se SENYÈ a.
22 汝女と寝るごとくに男と寝るなかれ是は憎むべき事なり
“‘Nou pa pou kouche avèk yon gason jan yon moun ta kouche avèk yon fanm. Li se yon abominasyon.
23 汝獣畜と交合して之によりて己が身を汚すこと勿れまた女たる者は獣畜の前に立て之と接ること勿れ是憎むべき事なり
“‘Osi, nou pa pou fè zak seksyèl avèk okenn bèt pou nou ta vin degrade avèk li. Ni okenn fanm pa pou kanpe devan yon bèt pou kwaze avèk li. Sa se yon pèvèsyon.
24 汝等はこの諸の事をもて身を汚すなかれ我が汝等の前に逐はらふ國々の人はこの諸の事によりて汚れ
“‘Pa konwonpi tèt nou avèk okenn nan bagay sa yo; paske, se pou tout bagay sa yo, nasyon ke Mwen ap mete deyò devan nou yo, te vin konwonpi.
25 その地もまた汚る是をもて我その惡のために之を罰すその地も亦自らそこに住る民を吐いだすなり
Paske peyi a gen tan vin konwonpi. Pou sa, Mwen te fè pinisyon li rive sou li, jiskaske peyi a vin krache moun ki rete la yo, mete yo deyò.
26 然ば汝等はわが例と法を守りこの諸の憎むべき事を一も爲べからず汝らの國の人も汝らの中間に寄寓る他國の人も然るべし
Men pou nou, se pou nou kenbe règleman Mwen yo, jijman Mwen yo, e pa fè okenn nan abominasyon sa yo, ni moun peyi a, ni etranje ki viv pami nou yo
27 汝等の先にありし此地の人々はこの諸の憎むべき事を行へりその地もまた汚る
(paske moun peyi a ki te devan nou yo, te fè tout abominasyon sa yo, e peyi a te vin konwonpi);
28 汝等は是のごとくするなかれ恐くはこの地汝らの先にありし國人を吐いだす如くに汝らをも吐いださん
pou peyi a pa krache mete nou deyò, si nou ta vin konwonpi li, tankou li te krache mete deyò nasyon ki te devan nou yo.
29 凡そこの憎むべき事等を一にても行ふ者あれば之を行ふ人はその民の中より絶るべし
“‘Paske nenpòt moun ki fè okenn nan abominasyon sa yo, moun sa yo va vin koupe retire de pèp li a.
30 然ば汝等はわが例規を守り汝等の先におこなはれし是等の憎むべき習俗を一も行ふなかれまた之によりて汝等身を汚す勿れ我は汝等の神ヱホバなり
Konsa, se pou nou kenbe lòd Mwen, pou nou pa pratike okenn nan abitid abominab ki te konn fèt avan nou yo, pou nou pa konwonpi tèt nou avèk yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye Nou an.’”

< レビ記 18 >