< 士師記 1 >

1 ヨシユアの死にたるのちイスラエルの子孫ヱホバに問ひていひけるはわれらの中孰か先に攻め登りてカナン人と戰ふべきや
Alò, li vin rive apre lanmò Josué ke fis Israël yo fè yon demann SENYÈ a. Yo te di: “Kilès ki va premye pou vin monte pou nou kont Kananeyen yo pou goumen kont yo?”
2 ヱホバいひたまひけるはユダ上るべし視よ我此國を其の手に付すと
SENYÈ a te reponn: “Juda va monte. Veye byen, Mwen te mete peyi a nan men l.”
3 ユダその兄弟シメオンに言けるは我と共にわが領地にのぼりてカナン人と戰へわれもまた偕に汝の領地に往べしとここにおいてシメオンかれとともにゆけり
Konsa, Juda te di a Siméon, frè li: “Vini avè m nan teren ki te vin tonbe pou mwen an, pou nou kapab goumen kont Kananeyen yo. Epi lè nou retounen, mwen va ale avè w nan teren pa w la.” Konsa Siméon te ale avèk li.
4 ユダすなはち上りゆきけるにヱホバその手にカナン人とペリジ人とを付したまひたればベゼクにて彼ら一萬人を殺し
Juda te monte e SENYÈ a te livre Kananeyen yo avèk Ferezyen yo nan men yo. Yo te bat di-mil lòm Bézek.
5 またベゼクにおいてアドニベゼクにゆき逢ひこれと戰ひてカナン人とペリジ人を殺せり
Yo te rankontre Adoni Bézek nan Bézek. Yo te goumen kont li, e yo te bat Kananeyen yo avèk Ferezyen yo.
6 しかるにアドニベゼク逃れ去りしかばそのあとを追ひてこれを執へその手足の巨擘を斫りはなちたれば
Men Adoni Bézek te sove ale. Yo te kouri dèyè li pou te kenbe li e yo te koupe pous li avèk gwo zòtèy li.
7 アドニベゼクいひけるは七十人の王たちかつてその手足の巨擘を斫られて我が食几のしたに屑を拾へり神わが曾て行ひしところをもてわれに報いたまへるなりと衆之を曳てエルサレムに至りしが其處にしねり
Adoni Bézek te di: “Swasann-dis wa avèk pous avèk gwo zòtèy koupe te konn ranmase manje anba tab mwen. Jan ke m te konn fè a, konsa Bondye te rekonpanse mwen.” Konsa, yo te mennen li Jérusalem e la, li te mouri.
8 ユダの子孫エルサレムを攻めてこれを取り刃をもてこれを撃ち邑に火をかけたり
Alò, fis Juda yo te goumen kont Jérusalem. Yo te kaptire li. Yo te frape li avèk lam nepe e yo te mete dife nan vil la.
9 かくてのちユダの子孫山と南方の方および平地に住めるカナン人と戰はんとて下りしが
Apre, fis a Juda yo te desann pou goumen kont Kananeyen ki te rete nan peyi ti kolin yo ak nan Negev la ak nan ba plèn nan.
10 ユダまづヘブロンに住るカナン人を攻めてセシヤイ、アヒマンおよびタルマイを殺せり〔ヘブロンの舊の名はキリアテアルバなり〕
Konsa, Juda te ale kont Kananeyen ki te rete Hébron yo (alò, non Hébron avan an se te Kirjath-Arba.) Yo te frape Schéschaï avèk Ahiman ak Talmaï.
11 またそこより進みてデビルに住るものを攻む〔デビルの舊の名はキリアテセペルなり〕
Soti la, li te ale kont sila ki te rete Debir yo. (Alò, non Debir se te Kirjath-Sépher)
12 時にカレブいひけるはキリアテセペルをうちてこれを取るものにはわが女アクサをあたへて妻となさんと
Epi Caleb te di: “Sila ki atake Kirjath-Sépher e ki kaptire li a; a li menm, mwen va bay fi mwen an, Acsa kòm madanm li.”
13 カレブの舍弟ケナズの子オテニエルこれを取ければすなはちその女アクサをこれが妻にあたふ
Othniel, fis a Kenaz la, pi jèn frè a Caleb la te kaptire li. Konsa, li te ba li fi li a kòm madanm.
14 アクサ往くときおのれの父に田圃を求めんことを夫にすすめたりしがつひにアクサ驢馬より下りければカレブこれは何事ぞやといふに
Epi li te vin rive ke lè Acsa te vin kote li, ke li te konvenk li mande papa li yon chan. Li te desann bourik li, e Caleb te di: “Kisa ou vle?”
15 答へけるはわれに惠賜をあたへよなんぢ南の地をわれにあたへたればねがはくは源泉をもわれにあたへよとここにおいてカレブ上の源泉と下の源泉とをこれにあたふ
Li te di li: “Beni mwen. Akoz ou te ban mwen peyi nan Negev la, ban m sous dlo yo tou.” Konsa, Caleb te ba li sous piwo avèk sous piba yo.
16 モーセの外舅ケニの子孫ユダの子孫と偕に棕櫚の邑よりアラドの南なるユダの野にのぼり來りて民のうちに住居せり
Desandan Kenyen yo, bòpè Moïse la, te monte soti nan vil pal yo avèk fis Juda yo. Yo soti nan dezè a Juda ki vè sid Arad la, epi yo te monte pou rete avèk pèp sila yo.
17 茲にユダその兄弟シメオンとともに往きてゼバテに住るカナン人を撃ちて盡くこれを滅ぼせり是をもてその邑の名をホルマと呼ぶ
Konsa, Juda te ale avèk Siméon, frè li a, e yo te frape Kananeyen ki te rete Tsephath yo. Yo te detwi li nèt. Konsa, non a vil la te rele Horma.
18 ユダまたガザと其の境アシケロンとその境およびエクロンとその境を取り
Anplis, Juda te pran Gaza avèk teritwa ki te pou li a, ak Askalon avèk teritwa pa li a, ak Ékron avèk teritwa pa li a.
19 ヱホバ、ユダとともに在したればかれつひに山地を手に入れたりしが谷に住る民は鐵の戰車をもちたるが故にこれを逐出すこと能はざりき
Alò SENYÈ a te avèk Juda, e te chase met dèyo tout sa yo ki te viv nan peyi ti kolin yo. Men yo pa t ka chase mete deyò pèp ki te rete nan vale yo, akoz yo te gen cha yo ki te fèt an fè.
20 衆モーセのかつていひし如くヘブロンをカレブに與ふカレブそのところよりアナクの三人の子をおひ出せり
Alò, yo te bay Hébron a Caleb, jan Moïse te pwomèt yo a; epi li te chase fè sòti twa fis Anak yo.
21 ベニヤミンの子孫はエルサレムに住るエブス人を追出さざりしりかばエブス人は今日に至るまでベニヤミンの子孫とともにエルサレムに住ふ
Men fis a Benjamin yo pa t chase mete Jebizyen ki te rete nan Jérusalem yo deyò. Pou sa, Jebizyen yo te rete pami fis Benjamin yo jis rive jodi a.
22 茲にヨセフの族またベテルをさして攻め上るヱホバこれと偕に在しき
Menm jan an, lakay Joseph te monte kont Béthel e SENYÈ a te avèk yo.
23 ヨセフの族すなはちベテルを窺察しむ〔此邑の舊の名はルズなり〕
Lakay Joseph te fè espyonaj Béthel. Alò, vil sa, avan lè te rele Luz.
24 その間者邑より人の出來るを見てこれにいひけるは請ふわれらに邑の入口を示せさらば汝に恩慈を施さんと
Espyon yo te wè yon nonm ki t ap sòti nan vil la. Yo te di li: “Souple, montre nou kote pou nou antre nan vil la, e nou va fè ou gras.”
25 彼邑の入口を示したればすなはち刃をもて邑を撃てり然ど彼の人と其家族をばみな縱ち遣りぬ
Konsa, li te montre yo antre vil la e yo te frape vil la avèk lam nepe. Men yo te kite mesye sa a, ak tout fanmi li an libète.
26 その人ヘテ人の地にゆき邑を建てルズと名けたり今日にいたるまでこれを其名となす
Mesye sila a te antre nan peyi Etyen yo. Li te bati yon vil e te ba li non Luz, epi se konsa li rele jis rive jodi a.
27 マナセはベテシヤンとその村里の民タアナクとその村里の民ドルとその村里の民イプレアムとその村里の民メギドンとその村里の民を逐ひ出さざりきカナン人はなほその地に住ひ居る
Men Manassé pa t pran posesyon Beth-Schean avèk bouk pa li yo, ni Thannac avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Dor yo avèk bouk pa li yo, ni pèp ki te rete Jibleam yo avèk bouk pa li yo, ni moun ki te rete Meguiddo avèk bouk pa li yo. Konsa, Kananeyen yo te kontinye viv nan peyi sa a.
28 イスラエルはその強なりしときカナン人をして貢を納れしめたりしが之を全く追ひいだすことは爲ざりき
Li te vin rive ke lè Israël te vin fò, ke yo te fòse Kananeyen yo fè travo fòse, men yo pa t chase yo fè yo sòti nèt.
29 エフライムはゲゼルに住るカナン人を逐ひいださざりきカナン人はゲゼルにおいてかれらのうちに住み居たり
Éphraïm pa t chase fè sòti Kananeyen ki t ap viv Guézer yo, men Kananeyen yo te viv Guézer pami yo.
30 ゼブルンはまたキテロンの民およびナハラルの民を逐ひいださざりきカナン人かれらのうちに住みて貢ををさむるものとなりぬ
Zabulon pa t chase fè sòti pèp ki te rete Kitron yo, ni pèp ki te rete Nahalol yo. Konsa, Kananeyen yo te rete pami yo e te vin sijè a travo fòse.
31 アセルはアツコの民およびシドン、アヘラブ、アクジブ、ヘルバ、アピク、レホブの民を逐ひ出さざりき
Aser pa t chase mete deyò pèp a Acco yo, ni pèp a Sidon yo, ni sila a Achlal yo, ni a Heba, ni a Aczib, ni a Rehob yo.
32 アセル人は其地の民なるカナン人のうちに住み居たりそはこれを逐ひ出さざりしゆゑなり
Konsa, Aserit yo te rete pami Kananeyen yo, pèp peyi a. Paske, yo pa t chase mete yo deyò.
33 ナフタリはベテシメシの民およびベテアナテの民を逐ひ出さずその地の民なるカナン人のうちに住み居たりベテシメシとベテアナテの民はつひにかれらに貢を納むるものとなりぬ
Nephtali pa t chase mete deyò pèp a Beth-Schémesch yo, ni pèp a Beth-anath yo. Men yo te viv pami Kananeyen yo, pèp peyi a, epi pèp peyi Beth-Schémesch avèk Beth-Anath yo te vin fè travo fòse pou yo.
34 アモリ人ダンの子孫を山におひこみ谷に下ることを得させざりき
Konsa, Amoreyen yo te pouse fis a Dan yo antre nan peyi ti kolin yo, epi te anpeche yo antre nan vale a.
35 アモリ人はなほヘレス山アヤロン、シヤラビムに住ひ居りしがヨセフの家の手力勝りたれば終に貢を納むるものとなりぬ
Malgre sa, Amoreyen yo te pèsiste rete nan Mòn Hérès, nan Ajalon ak nan Schaalbim. Men lè pouvwa kay Joseph la te vin fò, yo te oblije fè travo fòse.
36 アモリ人の界はアクラビムの阪よりセラを經て上に至れり
Lizyè a Amoreyen yo te kouri soti nan monte Akrabim nan, soti Séla pou monte piwo.

< 士師記 1 >