< ヨブ 記 41 >

1 なんぢ鈎をもて鱷を釣いだすことを得んや その舌を糸にひきかくることを得んや
Èske ou ka rale Levyatan an deyò ak yon zen lapèch? Oswa peze lang li desann ak yon kòd?
2 なんぢ葦の繩をその鼻に通し また鈎をその齶に衝とほし得んや
Èske ou kab mete yon kòd nan nen l, oswa pèse machwè l ak yon zen?
3 是あに頻になんぢに願ふことをせんや 柔かになんぢに言談んや
Èske l ap fè ou anpil siplikasyon, oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?
4 あに汝と契約を爲んや なんぢこれを執て永く僕と爲しおくを得んや
Èske l ap fè yon akò avèk ou? Èske ou va pran l pou yon sèvitè pou tout tan?
5 なんぢ鳥と戲むるる如くこれとたはむれ また汝の婦人等のために之を繋ぎおくを得んや
Èske ou va jwe avè l konsi se yon zwazo, oswa èske ou va mare li pou demwazèl ou yo?
6 また漁夫の社會これを商貨と爲して商賣人の中間に分たんや
Èske komèsan yo va fè komès avè l? Èske y ap divize li pami machann yo?
7 なんぢ漁叉をもてその皮に滿し 魚矛をもてその頭を衝とほし得んや
Èske ou kab plen po li ak gwo lans, oswa tèt li ak fren lapèch?
8 手をこれに下し見よ 然ばその戰鬪をおぼえて再びこれを爲ざるべし
Poze men ou sou li! Sonje batay la byen! Ou p ap fè l ankò
9 視よその望は虚し 之を見てすら倒るるに非ずや
Gade byen, esperans ou fo. Èske ou p ap vin bese ou, menm devan rega li?
10 何人も之に激する勇氣あるなし 然ば誰かわが前に立うる者あらんや
Nanpwen moun ki gen kouraj ase pou l ta tante fè l leve. Ebyen, se kilès li ye ki kab kanpe devan M?
11 誰か先に我に與へしところありて我をして之に酬いしめんとする者あらん 普天の下にある者はことごとく我有なり
Kilès ki te ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li? Tout bagay anba tout syèl la se pa M.
12 我また彼者の肢體とその著るしき力とその美はしき身の構造とを言では措じ
Konsa, Mwen p ap rete an silans akoz manm li yo, oswa gran pwisans li, oswa jan kò l byen òganize.
13 誰かその外甲を剥ん 誰かその雙齶の間に入ん
Se kilès ki kab retire pwotèj eksteyè li? Kilès ki kab penetre pwotèj fèt ak chenn doub?
14 誰かその面の戸を開きえんや その周圍の齒は畏るべし
Kilès ki kab ouvri pòt figi li? Gwo laperèz antoure dan l.
15 その並列る鱗甲は之が誇るところ その相闔たる樣は堅く封じたるがごとく
Gwo kal li yo se gran ògèy li; yo fèmen byen byen di.
16 此と彼とあひ接きて風もその中間にいるべからず
Youn tèlman pre lòt ke menm lè pa kab pase antre yo.
17 一々あひ連なり堅く膠て離すことを得ず
Yo jwenn youn ak lòt; yo kole yo chak youn sou lòt e yo pa kab separe.
18 嚔すれば即はち光發す その目は曙光の眼瞼(を開く)に似たり
Lè li estène, li fè limyè vin parèt; e zye li tankou pòpyè zye nan maten.
19 その口よりは炬火いで火花發し
Tòch dife yo sòti nan bouch li; sann volan yo vòltije vin parèt.
20 その鼻の孔よりは煙いできたりて宛然葦を焚く釜のごとし
Sòti nan nen l, se lafimen; konsi k ap sòti nan yon gwo bonm k ap bouyi, oswa fèy sèch k ap pran dife.
21 その氣息は炭火を爇し 火燄その口より出づ
Souf li ka limen chabon, e flanm yo sòti nan bouch li.
22 力氣その頸に宿る 懼るる者その前に彷徨まよふ
Kou li se yon rezèvwa fòs e gwo laperèz danse devan l.
23 その肉の片は密に相連なり 堅く身に着て動かす可らず
Tout pli sou chè li vin jwenn ansanm; byen solid sou li, e yo pa kab deplase.
24 その心の堅硬こと石のごとく その堅硬こと下磨のごとし
Kè li di tankou wòch, di menm tankou gwo wòch moulen.
25 その身を興す時は勇士も戰慄き 恐怖によりて狼狽まどふ
Lè l leve pi pwisan yo vin pè; akoz gwo son kraze brize a, yo fè bak nèt.
26 劍をもて之を撃とも利ず 鎗も矢も漁叉も用ふるところ無し
Nepe ki rive kote li pa kab fè anyen, ni gwo lans lan, flèch la, ni frenn nan.
27 是は鐡を見ること稿のごとくし銅を見ること朽木のごとくす
Pou li moso fè se konsi se pay; bwonz se tankou bwa pouri.
28 弓箭もこれを逃しむること能はず 投石機の石も稿屑と見做る
Flèch pa kab fè l sove ale; wòch fistibal se kras raje devan l.
29 棒も是には稿屑と見ゆ 鎗の閃めくを是は笑ふ
Baton yo menm se pay. Li ri lè frenn nan kouri vin jwenn l.
30 その下腹には瓦礫の碎片を連ね 泥の上に麥打車を引く
Pati anba li se tankou cha kanari; li gaye tankou yon baton ki vannen sou labou.
31 淵をして鼎のごとく沸かへらしめ 海をして香油の釜のごとくならしめ
Li fè pwofondè li yo bouyi tankou yon bonm; li fè lanmè a vin tankou yon ja pomad.
32 己が後に光る道を遺せば淵は白髮をいただけるかと疑がはる
Dèyè l, li fè yon pa kim dlo briye; konsi ou ta konnen se cheve blanch k ap soti nan fon dlo a.
33 地の上には是と並ぶ者なし 是は恐怖なき身に造られたり
Nanpwen anyen sou latè ki tankou li; yon bèt ki fèt san pè anyen.
34 是は一切の高大なる者を輕視ず 誠に諸の誇り高ぶる者の王たるなり
Li gade sou tout bagay ki wo; Li se wa sou tout fis ògèy yo.

< ヨブ 記 41 >