< ヨブ 記 32 >

1 ヨブみづから見て己の正義とするに因て此三人の者之に答ふる事を止む
Konsa, twa mesye sila yo te sispann reponn Job, akoz li te dwat nan pwòp zye pa li.
2 時にラムの族ブジ人バラケルの子エリフ怒を發せり ヨブ神よりも己を正しとするに因て彼ヨブにむかひて怒を發せり
Men kòlè a Élihu, fis a Barakeel la, Bizit nan fanmi a Ram nan, te brile kont Job. Kòlè li te brile paske li te jistifye pwòp tèt li devan Bondye.
3 またヨブの三人の友答ふるに詞なくして猶ヨブを罪ありとせしによりて彼らにむかひて怒を發せり
Epi kòlè li te brile kont twa zanmi li yo akoz yo pa t jwenn bon repons, men karema, yo te kondane Job.
4 エリフはヨブに言ふことをひかへて俟をりぬ 是は自己よりも彼等年老たればなり
Alò, Élihu te tann yo fini pou pale ak Job, akoz yo menm te gen anpil ane pi gran pase li.
5 茲にエリフこの三人の口に答ふる詞の有ざるを見て怒を發せり
Konsa, lè Élihu te wè ke pa t gen repons ki rete nan bouch a twa mesye yo, kòlè li te brile.
6 ブジ人バラケルの子エリフすなはち答へて曰く 我は年少く汝等は年老たり是をもて我はばかりて我意見をなんぢらに陳ることを敢てせざりき
Pou sa, Élihu, fis a Barakeel la, Bizit la, te pale klè. Li te di: “Mwen jèn selon ane yo, e nou menm, nou granmoun. Akoz sa a, mwen te krent pou di nou sa ke m t ap panse a.
7 我意へらく日を重ねたる者宜しく言を出すべし 年を積たる者宜しく智慧を敎ふべしと
Mwen te reflechi ke se laj ki te dwe pale, ke anpil ane yo ta dwe bay sajès.
8 但し人の衷には靈あり 全能者の氣息人に聰明を與ふ
Men se yon lespri ki nan lòm, e se souf a Toupwisan an ki bay yo bonkonprann.
9 大なる人すべて智慧あるに非ず 老たる者すべて道理に明白なるに非ず
Anpil ane pa vle di saj, ni pa fwa, se pa granmoun ki konprann sa ki dwat.
10 然ば我言ふ 我に聽け 我もわが意見を陳ん
Pou sa, mwen di nou ‘koute mwen; mwen menm tou va di nou sa ke m panse.’
11 視よ我は汝らの言語を俟ち なんぢらの辯論を聽き なんぢらが言ふべき言語を尋ね盡すを待り
“Gade byen, mwen te tann pawòl nou yo. Mwen te koute byen rezonman pa nou yo, pandan nou t ap reflechi sou sa pou nou ta di.
12 われ細に汝らに聽しが汝らの中にヨブを駁折る者一人も無く また彼の言詞に答ふる者も無し
Menm mwen te swiv nou byen pre; anverite, pa t gen pèsòn ki te vin genyen Job. Nanpwen moun ki te byen reponn pawòl li yo.
13 おそらくは汝等いはん 我ら智慧を見得たり 彼に勝つ者は唯神のみ 人は能はずと
Pran atansyon nou pa di: ‘Nou jwenn sajès. Se Bondye ki pou korije l, se pa lòm.’
14 彼はその言語を我に向て發さざりき 我はまた汝らの言ふ所をもて彼に答へじ
Paske pawòl li yo pa t pale kont mwen menm, ni mwen p ap reponn li ak diskou pa nou yo.
15 彼らは愕ろきて復答ふる所なく 言語かれらの衷に浮ばず
“Yo etonnen nèt; yo pa reponn ankò. Yo pa gen mo ki pou di.
16 彼等ものいはず立とどまりて重ねて答へざればとて我あに俟をるべけんや
Èske se tann, pou m ta tann akoz yo pa pale? Akoz yo rete e pa reponn ankò?
17 我も自らわが分を答へわが意見を吐露さん
Mwen menm tou va reponn pou kont mwen, mwen osi va bay pozisyon pa m.
18 われには言滿ち わが衷の心しきりに迫る
Paske mwen chaje ak pawòl. Lespri m anndan mwen bourade m.
19 わが腹は口を啓かざる酒のごとし 新しき皮嚢のごとく今にも裂んとす
Men gade, lestonmak mwen tankou diven san mwayen respire; tankou po diven nèf, li prèt menm pou pete.
20 われ説いだして胸を安んぜんとす われ口を啓きて答へん
Kite mwen pale pou m kab jwenn soulajman; kite mwen ouvri lèv mwen pou bay repons.
21 かならず我は人に偏らず 人に諂はじ
Alò, pa kite mwen pran pati a okenn moun, ni flate pèsòn.
22 我は諂らふことを知ず もし諂らはば我の造化主ただちに我を絶たまふべし
Paske mwen pa konn flate moun, sof Sila ki kreye mwen an, ta vin ranmase m fè m ale.”

< ヨブ 記 32 >