< 創世記 7 >
1 ヱホバ、ノアに言たまひけるは汝と汝の家皆方舟に入べし我汝がこの世の人の中にてわが前に義を視たればなり
Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a.
2 諸の潔き獸を牝牡七宛汝の許に取り潔らぬ獸を牝牡二
Ou va pran avèk ou sèt nan chak bèt ki pwòp, yon mal avèk yon femèl parèy li. Nan bèt ki pa pwòp yo, yon mal avèk yon femèl parèy li.
3 亦天空の鳥を雌雄七宛取て種を全地の面に生のこらしむべし
Anplis, nan zwazo nan syèl la pa sèt, mal avèk femèl, pou kenbe pòtre yo vivan sou tout sifas tè a.
4 今七日ありて我四十日四十夜地に雨ふらしめ我造りたる萬有を地の面より拭去ん
Paske, apre sèt jou ankò, Mwen va voye lapli sou latè pandan karant jou ak karant nwit. Konsa, Mwen va efase sou fas tè a chak èt vivan ke Mwen te fè.”
Noé te fè tout bagay jan ke Bondye te mande l la.
Alò, Noé te gen laj sis-san ane lè delij la te vini sou latè.
7 ノア其子等と其妻および其子等の妻と倶に洪水を避て方舟にいりぬ
Noé avèk fis li yo, avèk madanm li, avèk madanm a fis li yo, avèk li menm te antre nan lach la akoz dlo delij la.
Nan bèt ki te pwòp yo, avèk bèt ki pa pwòp yo, zwazo avèk tout sa ki kouri atè yo,
9 牝牡二宛ノアに來りて方舟にいりぬ神のノアに命じたまへるが如し
tout te antre nan lach la ak Noé, de pa de, mal avèk femèl, jan Bondye te kòmande Noé a.
Li te rive apre sèt jou ke dlo delij la te vini sou latè.
11 ノアの齡の六百歳の二月即ち其月の十七日に當り此日に大淵の源皆潰れ天の戸開けて
Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri.
Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit.
13 此日にノアとノアの子セム、ハム、ヤペテおよびノアの妻と其子等の三人の妻諸倶に方舟にいりぬ
O jis nan menm jou sa a, Noé avèk Sem, Cham, avèk Japhet, fis a Noé yo, madanm a Noé, ak twa madanm a fis li yo, te antre nan lach la,
14 彼等および諸の獸其類に從ひ諸の家畜其類に從ひ都て地に匍ふ昆蟲其類に從ひ諸の禽即ち各樣の類の鳥皆其類に從ひて入りぬ
yo menm avèk chak bèt selon espès yo, tout bèt domestik selon espès pa yo, tout reptil ki kouri atè selon espès pa yo, ak tout kalite zwazo.
15 即ち生命の氣息ある諸の肉なる者二宛ノアに來りて方舟にいりぬ
Epi yo te antre nan lach la vè Noé, pa de nan tout chè ki te gen souf lavi.
16 入たる者は諸の肉なる者の牝牡にして皆いりぬ神の彼に命じたまへるが如しヱホバ乃ち彼を閉置たまへり
Sila ki te antre yo, mal avèk femèl nan tout chè, te antre jan Bondye te kòmande li a; epi SENYÈ a te fèmen lach la dèyè li.
17 洪水四十日地にありき是において水増し方舟を浮めて方舟地の上に高くあがれり
Konsa delij la te vini sou latè a pandan karant jou. Dlo a te vin ogmante e te leve lach la jis li rive anwo tè a.
18 而して水瀰漫りて大に地に増しぬ方舟は水の面に漂へり
Dlo a te monte. Li te ogmante anpil sou tè a, e lach la te monte sou dlo a.
19 水甚大に地に瀰漫りければ天下の高山皆おほはれたり
Dlo a te vin monte plis toujou sou tè a, jis tout mòn toupatou anba syèl la te vin kouvri.
20 水はびこりて十五キユビトに上りければ山々おほはれたり
Dlo a te vin monte pou kenz koude anplis, e mòn yo te vin kouvri.
21 凡そ地に動く肉なる者鳥家畜獸地に匍ふ諸の昆蟲および人皆死り
Tout chè ki t ap fè mouvman sou tè a te vin peri, zwazo avèk bèt domestik avèk bèt sovaj, e chak ensèk ki vole ansanm sou latè, ak tout moun.
22 即ち凡そ其鼻に生命の氣息のかよふ者都て乾土にある者は死り
Tout sa ki te sou tè sèk la, ki te gen souf lavi nan nen yo te vin mouri.
23 斯地の表面にある萬有を人より家畜昆蟲天空の鳥にいたるまで盡く拭去たまへり是等は地より拭去れたり唯ノアおよび彼とともに方舟にありし者のみ存れり
Konsa Li te efase chak bagay ki t ap viv sou fas tè a, soti nan lòm jis rive nan tout bèt, sou sa ki te kouri atè, ak zwazo latè yo. Konsa yo te efase soti sou tè la nèt, e se sèl Noé ki te rete ansanm avèk sila ki te avèk li nan lach la.
Dlo a te monte kouvri tout tè a pandan san-senkant jou.