< エゼキエル書 35 >
Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di:
2 人の子よ汝の面をセイル山にむけ之にむかひて預言し
“Fis a lòm, mete figi ou kont Mòn Séir e pwofetize kont li.
3 之にいふべし主ヱホバかく言ふセイル山よ視よ我汝を罰し汝にむかひてわが手を伸べ汝を全く荒し
Di li: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen kont ou, Mòn Séir, Mwen va lonje men M kont ou pou fè ou vin yon dezolasyon ak yon dezè.
4 汝の邑々を滅すべし汝は荒はてん而して我のヱホバなるを知にいたらん
Mwen va fè devaste vil ou yo e ou va vin Yon dezolasyon. Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
5 汝果しなき恨を懷きてイスラエルの人々をその艱難の時その終の罪の時に劍の手に付せり
“‘“Paske ou te gen rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an.
6 是故に主ヱホバ言ふ我は活く我汝を血になさん血汝を追べし汝血を嫌はざれば血汝を追ん
Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou.
Mwen va fè Mòn Séir vin yon dezè ak yon kote dezole. Mwen va dekoupe retire nèt sou li sila k ap pase antre retou ladann li.
8 殺されし者をその山々に滿すべし劍に殺されし者汝の岡々谷々および窪地窪地に仆れん
Mwen va plen mòn li yo ak kadav li yo. Sou kolin ou yo, nan vale ou yo ak nan tout ravin ou yo, sila ki mouri pa nepe yo va tonbe.
9 我汝を長に荒地となさん汝の邑々には人の住むことあらじ汝等すなはち我のヱホバなるを知にいたらん
Mwen va fè ou vin yon dezolasyon jis pou tout tan e vil ou yo p ap gen moun menm. Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.
10 汝言ふこの二箇の民二箇の國は我が所有なり我等これを獲んとヱホバ其處に居せしなり
“‘“Akoz ou te di: ‘De Nasyon sila yo ak de peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la,
11 是故に主ヱホバいふ我は活く汝が恨をもて彼らに示したる忿怒と嫉惡に循ひて我汝に事をなさん我汝を鞫くことを以て我を彼等に示すべし
Jan Mwen viv la”, deklare Senyè Bondye a: “Mwen va regle ou selon kòlè ou ak selon jalouzi ke ou te montre, akoz rayisman ou kont yo. Konsa, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt pami yo lè M jije ou.
12 汝は我ヱホバの汝がイスラエルの山々にむかひて是は荒はて我儕の食に授かるといひて吐たるところの諸の謗讟を聞たることを知にいたらん
Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin livre nan men nou pou manje nèt.’
13 汝等口をもて我にむかひて誇り我にむかひて汝等の言を多くせり我これを聞く
Konsa, ou te pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.”
14 主ヱホバ斯いひたまふ全地の歡ぶ時に我汝を荒地となさん
Konsa pale Senyè BONDYE a: “Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon.
15 汝イスラエルの家の產業の荒るを喜びたれば我汝をも然なすべしセイル山よ汝荒地とならんエドムも都て然るべし人衆すなはち我のヱホバなるを知にいたらん
Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’”