< 列王記Ⅱ 3 >
1 ユダの王ヨシヤパテの十八年にアハブの子ヨラム、サマリヤにありてイスラエルを治め十二年位にありき
Lè sa a, wa Jozafa t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen nan peyi Jida lè Joram, pitit Akab la, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase douzan ap gouvènen nan lavil Samari.
2 かれはヱホバの目のまへに惡をなせしかどもその父母の如くはあらざりきそは彼その父の造りしバアルの像を除きたればなり
Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men pa tankou papa l' ak manman l' Jezabèl. Li wete gwo wòch papa l' te mete kanpe pou sèvis Baal la.
3 されど彼はかのイスラエルに罪を犯させたるネバテの子ヤラベアムの罪を行ひつづけて之をはなれざりき
Men, li fè menm peche ak Jewoboram, pitit gason Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la fè peche. Li pa t' soti pou l' te kite vye chemen sa a.
4 モアブの王メシヤは羊を有つ者にして十萬の羔と十萬の牡羊の毛とをイスラエルの王に納めをりしが
Mesa, wa peyi Moab la, te fè gadinaj mouton. Se konsa li te pran angajman pou li te bay wa peyi Izrayèl la sanmil (100.000) ti mouton ak sanmil (100.000) belye ak tout lenn yo sou yo.
5 アハブの死しのちモアブの王はイスラエルの王にそむけり
Men, lè Akab, wa peyi Izrayèl la, mouri, wa peyi Moab la revòlte kont otorite wa peyi Izrayèl la.
6 是に於てヨラム王其時サマリヤを出てイスラエル人をことごとく集め
Lamenm, wa Joram kite lavil Samari, li sanble tout lame pèp Izrayèl la.
7 また往て人をユダの王ヨシヤパテに遣していはしむモアブの王われに背けり汝われとともにモアブに攻ゆくやと彼いひけるは我上らん我は汝の如くわが民はなんぢの民のごとくまたわが馬は汝の馬の如しと
Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: —Wa peyi Moab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m' pou nou atake moun Moab yo? Jozafa reponn: —Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
8 ヨラムいひけるは我儕いづれの路より上らんかかれいふエドムの曠野の途よりせんと
Ki wout n'ap pran pou n' al atake? Joram reponn li: —N'ap pran chemen ki pase nan dezè Edon an.
9 イスラエルの王すなはちユダの王およびエドムの王と共に出ゆきけるが行めぐること七日路にして軍勢とこれにしたがふ家畜の飮むべき水なかりしかば
Se konsa Joram, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak wa peyi Jida a ak wa peyi Edon an pati. Yo pase sèt jou ap mache. Lè sa a dlo yo fini, pa t' gen yon ti gout dlo ni pou sòlda yo ni pou bèt chay ki te avè yo.
10 イスラエルの王いひけるは嗚呼ヱホバこの三人の王をモアブの手にわたさんと召し集めたまへりと
Joram, wa peyi Izrayèl la, di: —Woy! Nou fini! Seyè a fè nou tou twa vin isit la ansanm pou l' lage nou nan men wa Moab la.
11 ヨシヤバテいひけるは我儕が由てヱホバに問ふべきヱホバの預言者此にあらざるやとイスラエルの王の臣僕の一人答へていふエリヤの手に水をそそぎたるシヤパテの子エリシヤ此にあり
Jozafa mande: —Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Seyè a pou nou? Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di: —Bò isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sèvi ak Eli.
12 ヨシヤパテいひけるはヱホバの言彼にありとかくてイスラエルの王およびヨシヤパテとエドムの王かれの許に下りゆきけるに
Jozafa di: —Sèten l'ap gen kichòy pou l' di nou nan non Seyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y' al wè Elize.
13 エリシヤ、イスラエルの王に言けるはわれ汝と何の干與あらんや汝の父の預言者と汝の母の預言者の所にゆくべしとイスラエルの王かれにいひけるは然ずそはヱホバこの三人の王をモアブの手に付さんとて召集めたまへばなり
Elize di wa Izrayèl la konsa: —Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: —Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.
14 エリシヤ言けるはわが事ふる萬軍のヱホバは活く我ユダの王ヨシヤパテのためにするにあらすばかならず汝を顧みず汝を見ざらんものを
Elize reponn: —Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen! Si mwen pa t' gen respè pou Jozafa, wa peyi Jida a, m' pa ta menm gade ou, m' pa ta okipe ou.
15 今樂人をわれにつれ來れと而して樂人の樂をなすにおよびてヱホバの手かれに臨みて
Koulye a, al chache yon mizisyen pou mwen. Pandan mizisyen an t'ap jwe mizik, pouvwa Seyè a desann sou Elize.
16 彼いひけるはヱホバかくいひたまふ此谷に許多の溝を設けよ
Elize di: —Men sa Seyè a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a.
17 それヱホバかく言ひたまふ汝ら風を見ず雨をも見ざるに此谷に水盈て汝等と汝等の家畜および汝らの獣飮ことを得ん
Paske, men sa li di ankò: Nou p'ap wè van, nou p'ap wè lapli, men ravin sa a pral plen dlo. Konsa n'a jwenn kont dlo pou nou bwè ansanm ak bèf, kabrit nou yo ak bèt chay nou yo.
18 然るも是はヱホバの目には瑣細き事なりヱホバ、モアブ人をも汝らの手にわたしたまはん
Men tou sa pa anyen bò kote sa Seyè a ka fè. Li pral lage moun peyi Moab yo nan men nou.
19 汝等は保障ある諸の邑と諸の美しき邑とを撃ち諸の佳樹を斫倒し諸の水の井を塞ぎ石をもて諸の善地を壞ふにいたらん
Nou pral pran tout bèl lavil ak ranpa yo, nou pral koupe tout bèl pyebwa yo, nou pral bouche tout sous dlo yo. Nou pral gate tout pi bèl jaden yo, nou pral kouvri yo ak wòch.
20 かくて朝におよびて供物を献ぐる時に水エドムの途より流れきたりて水國に充つ
Nan denmen maten, lè lè pou yo fè ofrann lan rive, yon dlo soti nan direksyon Edon, li kouvri tout tè a.
21 偖またモアブ人はみな王等の己に攻のぼれるを聞しかば甲を著ることを得る以上の者を盡く集めてその境に備へしが
Lè moun Moab yo pran nouvèl twa wa yo te moute vin atake yo, tout gason ki te gen laj pou pote zam, gran kou piti, yo sanble, y' al mase kò yo sou fwontyè a.
22 朝はやく興いでしに水の上に日昇りゐて對面の水血の如くに赤かりければモアブ人これを見て
Nan denmen maten, lè yo leve, limyè solèy la t'ap bat sou dlo a. Li bay dlo a yon koulè wouj, moun Moab yo te kwè se san.
23 いひけるはこれ乃はち血なり王たち戰ひて死たるならん互に相撃たるなるべし然ばモアブよ掠取に行けと
Yo di: —Gade san! Lame wa yo gen lè goumen yonn ak lòt, yonn touye lòt. Ann al piye kan yo!
24 而してモアブ人イスラエルの陣營に至るにイスラエル人起てこれを撃たればすなはちその前より逃はしれり是においてイスラエル人進みてモアブ人を撃てその國にいり
Men lè moun Moab yo rive nan kan moun Izrayèl yo, moun Izrayèl yo tonbe sou yo, yo kòmanse bat yo. Moun Moab yo pran kouri. Moun Izrayèl yo antre dèyè yo nan peyi Moab, yo touye tout moun Moab ki tonbe anba men yo.
25 その邑々を撃圮し各石を諸の善地に投てこれに填し水の井をことごとく塞ぎ佳樹をことごとく斫たふし唯キルハラセテにその石をのこせしのみなるに至る但し石を投るもの周りあるきてこれを撃り
Yo detwi lavil yo. Chak fwa yo rive bò yon bèl jaden, chak moun pran wòch, yo voye ladan l' jouk jaden an kouvri nèt ak wòch. Yo bouche tout sous dlo yo, yo koupe tout bèl pyebwa yo. Sèl kote ki te rete kanpe se te lavil Kiraresèt, kapital la. Sòlda yo sènen l', yo atake l' ak kout wòch.
26 モアブ王戰闘の手いたくして當りがたきを見て劍を抜く者七百人をひきゐてエドム王の所にまで衝きいたらんとせしが遂に果さざりしかば
Lè wa peyi Moab la wè li t'ap pèdi batay la, li pran sètsan (700) sòlda avè l'. Avèk nepe yo, yo chache mwayen pou yo pase nan mitan sòlda Izrayèl yo al fè wout yo nan direksyon peyi Edon, men yo pa t' kapab.
27 己の位を継べきその長子をとりてこれを石垣の上にささげて燔祭となしたり是に於てイスラエルに大なる憤怒おこりぬ彼等すなはちかれをすててその國に歸れり
Lè sa a, wa peyi Moab la pran premye pitit gason l' lan, sa ki te pou pran plas li sou fotèy la, li ofri l' bay bondye peyi Moab la, li touye l' sou tèt miray lavil la. Lè moun Izrayèl yo wè sa, yo pè pou malè pa rive yo. Yo rale kò yo dèyè, yo tounen nan peyi yo.