< 列王記Ⅰ 16 >

1 爰にヱホバの言ハナニの子ヱヒウに臨みバアシヤを責て曰く
Alò, pawòl SENYÈ a te vini aJéhu, fis a Hanani a kont Baescha, e te di:
2 我爾を塵の中より擧て我民イスラエルの上に君となしたるに爾はヤラベアムの道に歩行みわが民イスラエルに罪を犯させて其罪をもて我怒を激したり
“Mwen te egzalte ou, Baescha, soti nan pousyè e Mwen te fè ou chèf sou pèp Mwen an, Israël. E ou te mache nan chemen Jéroboam pou te fè pèp Mwen an, Israël peche e te pwovoke M a lakòlè avèk peche pa yo.
3 されば我バアシヤの後と其家の後を除き爾の家をしてネバテの子ヤラベアムの家の如くならしむべし
Veye byen, Mwen va manje Baescha nèt avèk lakay li e Mwen va fè lakay ou tankou lakay Jéroboam, fis a Nebat la.
4 バアシヤに屬する者の城邑に死るをば犬之を食ひ彼に屬する者の野に死るをば天空の鳥これを食はんと
Nenpòt moun nan Baescha ki mouri nan vil la, li va manje pa chen e nenpòt moun nan sila ki mouri nan chan, zwazo syèl yo va manje l.”
5 バアシヤの其餘の行爲と其爲たる事と其功績はイスラエルの王の歴代志の書に記載さるるにあらずや
Alò, lòt zèv a Baescha, sa li te fè ak pwisans li, èske yo pa t ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
6 バアシヤ其父祖と倶に寝りてテルザに葬らる其子エラ之に代りて王となれり
Epi Baescha te dòmi avèk zansèt li yo, e li te antere Thirtsa. Epi Éla, fis li a, te vin wa nan plas li.
7 ヱホバの言亦ハナニの子ヱヒウに由て臨みバアシヤと其家を責む是は彼がヱホバの目のまへに諸の惡事を行ひ其手の所爲を以てヱホバの怒を激してヤラベアムの家に傚たるに縁り又其ナダブを殺したるに縁てなり
Anplis, pawòl SENYÈ a, pa pwofèt la, Jéhu, fis a Hanani an, osi te vini kont Baescha avèk lakay li, akoz tout mal li te fè nan zye SENYÈ a, lè l te pwovoke Li a lakòlè avèk zèv a men li yo, lè li te vin tankou lakay Jéroboam e osi akoz li te frape li.
8 ユダの王アサの第二十六年にバアシヤの子エラ、テルザに於てイスラエルの王となりて二年を經たり
Nan venn-sizyèm ane Asa a, wa a Juda a, Éla, fis a Baescha a, te vin wa sou Israël nan Thirtsa e li te renye pandan dezan.
9 彼がテルザにありてテルザの宮殿の宰アルザの家において飮み酔たる時其僕ジムリ戰車の半を督どる者之に敵して黨を結べり
Sèvitè li, Zimri, chèf a mwatye cha li yo, te fè konplo kont li. Alò, li te lakay Thirtsa, e li t ap bwè jiskaske li te vin sou lakay Artsa, ki te chèf sou tout kay Thirtsa a.
10 即ちユダの王アサの第二十七年にジムリ入て彼を撃ち彼を殺し彼にかはりて王となれり
Alò, Zimri te antre frape li e te mete l a lanmò nan venn-setyèm ane Asa a, wa a Juda a e li te devni wa nan plas li.
11 彼王となりて其位に上れる時バアシヤの全家を殺し男子は其親族にもあれ朋友にもあれ一人も之に遺さざりき
Li te vin rive ke lè li te devni wa a, depi li te chita sou twòn nan, ke li te touye tout manm lakay Baesche yo. Li pa t kite menm yon gason, ni pami fanmi, ni nan zanmi li yo.
12 ジムリ斯バアシヤの全家を滅ぼせりヱホバが預言者ヱヒウに由てバアシヤを責て言たまへる言の如し
Konsa, Zimri te detwi tout lakay Baesche, selon pawòl ke SENYÈ a te pale kont Baesche pa Jéhu, pwofèt la,
13 是はバアシヤの諸の罪と其子エラの罪のためなり彼等は罪を犯し又イスラエルをして罪を犯し其虚物を以てイスラエルの神ヱホバの怒を激さしめたり
pou tout peche a Baesche yo ak peche a Éla, fis li a, peche ke yo te fè e avèk sila yo te fè Israël peche yo, e ki te pwovoke Li a lakòlè avèk zidòl pa yo.
14 エラの其餘の行爲と凡て其爲たる事はイスラエルの王の歴代志の書に記載さるるにあらずや
Alò, tout lòt zèv a Éla yo avèk tout sa ke li te fè yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
15 ユダの王アサの第二十七年にジムリ、テルザにて七日の間王たりき民はペリシテ人に屬するギベトンに向ひて陣どり居たりしが
Nan venn-setyèm ane Asa a, wa Juda a, Zimri, te renye pandan sèt jou nan Thirtsa. Alò, pèp la te fè kan kont Guibbethon, ki te pou Filisten yo.
16 陣どれる民ジムリは黨を結び亦王を殺したりと言を聞り是に於てイスラエル皆其日陣營にて軍の長オムリをイスラエルの王となせり
Moun ki te nan kan yo te tande li e te di: “Zimri te fè konplo pou vin frape wa a.” Pou sa, tout Israël te fè Omri chèf lame a wa a sou Israël menm jou sa a nan kan an.
17 オムリ乃ちイスラエルの衆と偕にギベトンより上りてテルザを圍り
Alò, Omri ak tout Israël avèk li te monte soti nan Guibbethon pou te fè syèj kont Thirtsa.
18 ジムリ其邑の陷るを見て王の家の天守に入り王の家に火をかけて其中に死り
Lè Zimri te wè vil la te tonbe, li te monte nan sitadèl lakay wa a. Li te brile lakay wa a sou pwòp tèt li avèk dife, e li te mouri.
19 是は其犯したる罪によりてなり彼ヱホバの目のまへに惡を爲しヤラベアムの道にあゆみヤラベアムがイスラエルに罪を犯させて爲したるところの罪を行ひたり
Sa te fèt akoz peche ke li te fè yo, ak mal li te fè nan zye SENYÈ a, li te mache nan chemen Jéroboam. Nan peche li te fè yo, li te fè Israël peche.
20 ジムリの其餘の行爲と其なしたる徒黨はイスラエルの王の歴代志の書に記載るるにあらずや
Alò lòt zèv a Zimri yo avèk konplo li te fè yo, èske yo pa ekri an Liv Kwonik a Wa Israël yo?
21 其時にイスラエルの民二に分れ民の半はギナラの子テブニに從ひて之を王となさんとし半はオムリに從へり
Alò, pèp Israël yo te divize an de pati: mwatye te swiv Thibni, fis a Guinath la pou fè l devni wa; mwatye te swiv Omri.
22 オムリに從へる民ギナテの子テブニに從へる民に勝てテブニは死てオムリ王となれり
Men moun ki te swiv Omri yo te vin genyen sou moun ki te swiv Thibni yo, fis a Guinath la. Epi Thibni te mouri e Omri te vin wa a.
23 ユダの王アサの第三十一年にオムリ、イスラエルの王となりて十二年を經たり彼テルザにて六年王たりき
Nan tranteyen ane Asa a, wa Juda a, Omri te devni wa sou Israël e li te renye pandan douz ane. Li te renye pandan sizan nan Thirtsa.
24 彼銀二タラントを以てセメルよりサマリア山を買ひ其上に邑を建て其建たる邑の名を其山の故主なりしセメルの名に循ひてサマリアと稱り
Li te achte ti mòn Samarie a nan men Schémer pou de talan ajan; epi li te bati sou ti mòn nan e li te rele vil ke li te bati a Samarie menm non a Schémer, mèt a ti mòn nan.
25 オムリ、ヱホバの目のまへに惡を爲し其先に在し凡の者よりも惡き事を行へり
Omri te fè mal nan zye SENYÈ a e li te aji avèk plis mechanste pase tout moun ki te avan l yo.
26 彼はネバテの子ヤラベアムの凡の道にあゆみヤラベアムがイスラエルをして罪を犯し其虚物を以てイスラエルの神ヱホバの怒をおこさしめたる其罪を行へり
Paske li te mache nan tout chemen a Jéroboam yo, fis a Nebat la ak nan peche pa li avèk sila li te fè Israël peche yo, e te pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, avèk zidòl pa yo.
27 オムリの爲たる其餘の行爲と其なしたる功績はイスラエルの王の歴代志の書に記載るるにあらずや
Alò, tout lòt zèv ke Omri te fè yo ak pwisans ke li te montre yo, èske yo pa ekri nan Liv Kwonik a Wa Israël yo?
28 オムリ其父祖と偕に寝りてサマリアに葬らる其子アハブ之に代りて王となれり
Konsa, Omri te dòmi avèk zansèt pa li yo e li te antere Samarie; epi Achab, fis li a, te devni wa nan plas li.
29 ユダの王アサの第三十八年にオムリの子アハブ、イスラエルの王となれりオムリの子アハブ、サマリアに於て二十二年イスラエルに王たりき
Alò, Achab, fis a Omri a te devni wa sou Israël pandan trann-tuit ane Asa yo, wa Juda a, e Achab, fis a Omri a te renye sou Israël nan Samarie pandan venn-dezan.
30 オムリの子アハブは其先に在し凡の者よりも多くヱホバの目のまへに惡を爲り
Achab, fis Omri a te fè mal nan zye a SENYÈ a plis pase tout moun ki te avan li yo.
31 彼はネバテの子ヤラベアムの罪を行ふ事を軽き事となせしがシドン人の王エテバアルの女イゼベルを妻に娶り往てバアルに事へ之を拝めり
Li te vin rive ke kòmsi li te yon ti bagay pou li te mache nan peche a Jéroboam yo, fis a Nebat la, ke li te marye ak Jézabel, fi a Ethbaal la, wa a Sidonyen yo, li te ale sèvi Baal e te adore li.
32 彼其サマリアに建たるバアルの家の中にバアルのために壇を築けり
Konsa, li te fè monte yon lotèl pou Baal nan kay Baal ke li te bati Samarie a.
33 アハブ又アシラ像を作れりアハブは其先にありしイスラエルの諸の王よりも甚だしくイスラエルの神ヱホバの怒を激すことを爲り
Achab osi te fè Astarté. Konsa, Achab te fè plis pou pwovoke SENYÈ a, Bondye Israël la, pase tout wa a Israël ki te avan li yo.
34 其代にベテル人ヒエル、ヱリコを建たり彼其基を置る時に長子アビラムを喪ひ其門を立る時に季子セグブを喪へりヌンの子ヨシユアによりてヱホバの言たまへるがごとし
Nan jou pa li yo, Hiel, moun Béthel la te bati Jéricho. Li te poze fondasyon li yo avèk pèt Abiram, premye ne li a e li te monte pòtay li yo avèk pèt a pi piti fis li a, Segub, selon pawòl SENYÈ a te pale pa Josué, fis a Nun nan.

< 列王記Ⅰ 16 >