< Zaccaria 4 >
1 L'angelo che mi parlava venne a destarmi, come si desta uno dal sonno,
Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te retounen. E te Li te fè m Leve tankou yon nonm yo te leve soti nan dòmi.
2 e mi disse: «Che cosa vedi?». Risposi: «Vedo un candelabro tutto d'oro; in cima ha un recipiente con sette lucerne e sette beccucci per le lucerne.
Li te di m: “Kisa ou wè?” Mwen te di: “Mwen te wè e vwala, yon chandelye ki fèt nèt an lò, avèk bòl li sou tèt li, ak sèt lanp li yo. Gen sèt bobèch pou chak lanp ki sou li yo.
3 Due olivi gli stanno vicino, uno a destra e uno a sinistra».
Anplis, gen de bwa doliv yo sou kote li, youn sou kote dwat bòl la, e lòt la sou kote goch la.”
4 Allora domandai all'angelo che mi parlava: «Che cosa significano, signor mio, queste cose?».
Mwen te di a zanj ki t ap pale avè m nan. Mwen te di: “Kisa sa yo ye mèt mwen?”
5 Egli mi rispose: «Non comprendi dunque il loro significato?». E io: «No, signor mio».
Konsa, zanj ki t ap pale avè m nan te reponn. Li te di m: “Èske ou pa konnen kisa sa yo ye?” Mwen te reponn: “Non, mèt mwen.”
6 Egli mi rispose: «Questa è la parola del Signore a Zorobabele: Non con la potenza né con la forza, ma con il mio spirito, dice il Signore degli eserciti!
Epi li te di m: “Sa se pawòl SENYÈ a Zorobabel la ki di: ‘Se pa pa lafòs, ni pa pwisans, men pa Lespri Mwen,’ pale SENYÈ dèzame yo.
7 Chi sei tu, o grande monte? Davanti a Zorobabele diventa pianura! Egli estrarrà la pietra, quella del vertice, fra le acclamazioni: Quanto è bella!».
‘Se kilès ou ye, O gran montay la? Devan Zorobabel, ou va vin tounen tè pla. Konsa, li va fè vin parèt ak wòch prensipal la, ak gwo kri k ap di: “Gras, gras a li!”’”
8 Mi fu rivolta questa parola del Signore:
Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di:
9 «Le mani di Zorobabele hanno fondato questa casa: le sue mani la compiranno e voi saprete che il Signore degli eserciti mi ha inviato a voi.
“Men a Zorobabel te poze fondasyon kay sa. Se men l k ap fin fè l. Konsa, ou va konnen ke se SENYÈ dèzame yo ki te voye mwen kote ou.
10 Chi oserà disprezzare il giorno di così modesti inizi? Si gioirà vedendo il filo a piombo in mano a Zorobabele. Le sette lucerne rappresentano gli occhi del Signore che scrutano tutta la terra».
Paske se kilès ki te meprize jou a ti bagay yo? Men sèt sila yo va rejwi lè yo wè liy a plòn an nan men Zorobabel. Sa yo se zye SENYÈ a k ap veye toupatou sou tout tè a.”
11 Quindi gli domandai: «Che significano quei due olivi a destra e a sinistra del candelabro?
Mwen te di li: “Se kisa de bwa doliv sila yo ki sou kote dwat ak sou kote goch a chandelye yo ye?”
12 E quelle due ciocche d'olivo che stillano oro dentro i due canaletti d'oro?».
Mwen te mande l yon dezyèm fwa. Mwen te di li: “Se kisa de branch doliv sila yo ki sou kote de tij an lò k ap vide lwil an lò k ap soti nan yo a?”
13 Mi rispose: «Non comprendi dunque il significato di queste cose?». E io: «No, signor mio».
Li te reponn mwen, e te di: “Èske ou pa konnen kisa yo ye?” Mwen te di: “Non mèt mwen.”
14 «Questi, soggiunse, sono i due consacrati che assistono il dominatore di tutta la terra».
Li te di: “Sa yo se de moun onksyone yo ki kanpe akote Mèt a tout tè a.”