< Salmi 140 >

1 Al maestro del coro. Salmo. Di Davide. Salvami, Signore, dal malvagio, proteggimi dall'uomo violento,
Pou direktè koral la; Yon Sòm David Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo. Delivre m de moun vyolan yo:
2 da quelli che tramano sventure nel cuore e ogni giorno scatenano guerre.
ka p fè manèv mechan nan kè yo. Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.
3 Aguzzano la lingua come serpenti; veleno d'aspide è sotto le loro labbra.
Yo file lang yo tankou koulèv. Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan
4 Proteggimi, Signore, dalle mani degli empi, salvami dall'uomo violento: essi tramano per farmi cadere.
Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo. Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.
5 I superbi mi tendono lacci e stendono funi come una rete, pongono agguati sul mio cammino.
Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen. Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la. Yo fin plase yon pyèj pou mwen. Tan
6 Io dico al Signore: «Tu sei il mio Dio; ascolta, Signore, la voce della mia preghiera».
Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.” Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.
7 Signore, mio Dio, forza della mia salvezza, proteggi il mio capo nel giorno della lotta.
O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an, Ou te kouvri tèt mwen nan jou batay la.
8 Signore, non soddisfare i desideri degli empi, non favorire le loro trame.
Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an. Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan
9 Alzano la testa quelli che mi circondano, ma la malizia delle loro labbra li sommerge.
Epi pou chèf an tèt a (sila) ki antoure mwen yo, pou malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.
10 Fà piovere su di loro carboni ardenti, gettali nel bàratro e più non si rialzino.
Kite chabon tou limen vin tonbe sou yo. Kite yo jete nan dife, nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.
11 Il maldicente non duri sulla terra, il male spinga il violento alla rovina.
(Sila) ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.
12 So che il Signore difende la causa dei miseri, il diritto dei poveri.
Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo, e fè jistis pou malere a.
13 Sì, i giusti loderanno il tuo nome, i retti abiteranno alla tua presenza.
Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou. Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.

< Salmi 140 >